Sivivan ki nan Konte Warren yo Kapab Aplike pou Resevwa Èd FEMA Kounya la a

Release Date Release Number
009
Release Date:
Wrzesień 18, 2021

Trenton, NJ – Jodia yo te chwazi konte Warren lan pou li resevwa Èd Endividyèl yo. Konte pral rantre nan lis menm jan ak tout lòt konte yo te chwazi yo tankou Bergen, Essex, Gloucester, Hudson, Hunterdon, Mercer, Middlesex, Morris, Passaic, Somerset ak Union.

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lwaye, ou ta kapab depoze reklamasyon lè ou kapab byen vit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab double avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou pa genyen asirans oswa ou genyen yon ti asirans, ou kapab kalifye pou èd federal.

Mwayen ki pi vit ak pi fasil pou aplike se vizite disasterassistance.gov/.

Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Tags:
Ostatnia aktualizacja