Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) angaje $384 milyon pou rekonstwi etablisman edikatif nan Sen Kwa ak sen Toma.

Release Date Release Number
209
Release Date:
April 23, 2024

Sen Kwa, Zile Vyèj Ameriken yo – Yon angajman $384.8 milyon pou demoli ak ranplase twa lekòl primè nan Sen Kwa, youn nan Sen Toma epi repare yon depo pwovizyon pou kafeterya lekòl nan Sen Toma make etap final yo nan kolaborasyon FEMA ak Teritwa a pou rebati enfrastrikti lekòl atravè Zile Vyèj Ameriken yo ki te andomaje pandan siklòn Irma ak Maria nan mwa Septanm 2017 la. 

Ranplasman rezonab Lew Muckle Elementary School vin posib grasa Lwa Bidjetè Bipartisan 2018 la, ki otorize demolisyon ak rekonstriksyon sèt (7) nan 11 batiman yo ki chita sou yon pasèl 3.94 ekta nan Sion Farm.

Eulalie Rivera Elementary school nan Grove Place ap benefisye tou fon ranplasman rezonab pou repare domaj nan lakou lekòl la epi ranplase 12 enfrastrikti, ki gen ladan yo tribin, twalèt sou teren espòtif ak salklas yo. 

FEMA te angaje fon tou pou repare teren epi ranplase dis (10) batiman nan Juanita Gardine Elementary School nan zòn Richmond. Batiman yo dwe ranplase nan lekòl sa a gen ladan sal klas, biwo, oditoryòm ak yon batiman oksilyè. 

Nan Sen Toma, FEMA pran angajman pou li bay fon pou ede ranplase Leonard Dober Elementary School. Lekòl sa a te konstwi nan lane 1938 epi li te sakaje anpil pandan siklòn 2017 yo. Fon yo pral sèvi pou repare lakou lekòl la epi ranplase twa (3) batiman ak kloti. 

Yo te angaje fon yo tou pou ede repare yon depo pwovizyon pou kafeterya 7,000 pye kare nan Sen Toma pou retabli li nan kondisyon, kapasite ak fonksyonalite li te genyen anvan katastwòf la, pandan y ap kenbe kote li ye kounye a.

FEMA an patenarya avèk Gouvènman Zile Vyèj Ameriken yo ak depatman li yo, ki gen ladan Depatman Edikasyon Zile Vyèj yo, kontinye konsantre sou reparasyon ak ranplasman enstalasyon siklòn yo te andomaje yo, ki pèmèt konstriksyon etablisman lekòl modèn ki an sekirite pou asire edikasyon ekitab pou pi piti manm kominote nou yo.

Kristen A. Hodge, Direktè Biwo Rekiperasyon FEMA a nan Zile Vyèj Ameriken yo, te di: “Mwen kontan pou m apwouve dènyè fon sa yo ki kontribiye ede Zile Vyèj yo vin pi prè rekiperasyon aprè siklòn nan. “Detèminasyon FEMA pou travay ak patnè nou yo nan Zile Vyèj Ameriken yo pou repare epi rekonstwi enstalasyon ak enfrastrikti Irma epi Maria te domaje yo rete yon gwo priyorite pou manm ekip ki abite isit la sou teritwa a, ansanm ak moun ki gen pozisyon lidèchip nan nivo rejyonal ak nasyonal. Angajman nou pou sipòte fiti lidè Zile Vyèj yo pandan n ap ba yo enfrastrikti ki an sekirite pou edikasyon yo rete solid.” 

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan, epi aprè katastwòf yo.

Tags:
Dènye mizajou