Asistans Federal 820 Milyon Dola nan Sis (6) Mwa pou Retablisman Siklòn Idalia

Release Date Release Number
60
Release Date:
March 12, 2024

Sis (6) mwa apre Siklòn Idalia te frape Florida Big Bend kòm yon gwo siklòn Kategori 3, FEMA ak patnè federal li yo te bay plis pase 820 milyon dola pou ede ak rekiperasyon dezas.

FEMA te bay 82.5 milyon dola nan sibvansyon Asistans Endividyèl pou plis pase 35,000 sivivan ki elijib yo. Plis pase 7,000 sivivan te resevwa asistans pou lokasyon pou ede peye pou lojman pandan y ap repare oswa rekonstwi kay ki te domaje nan katastwòf la.

FEMA te bay 295 milyon dola nan sibvansyon Asistans Piblik nan eta Florid pou ede gouvènman eta ak lokal yo ak sèten òganizasyon san bi likratif ak pwojè repons pou ijans. Gen plis pwojè nan devlopman.

Administrasyon Ti Biznis Ameriken an te apwouve 78.6 milyon dola nan prè pou katastwòf ak enterè ki ba pou pwopriyetè kay, lokatè, pwopriyetè biznis ak òganizasyon prive san bi likratif.

Avèk 5,210 reklamasyon yo te resevwa, Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an te fèmen 98% dosye yo epi li te peye 364 milyon dola bay moun ki gen kontra asirans yo pou restore kay ak biznis yo. An tou, ekip Sansibilizasyon Edikasyon Kominotè pou Bese Risk yo te konseye plis pase 12,000 sivivan sou enpòtans asirans pou inondasyon ak lòt mezi pou bese risk.

Plis pase 230 manm estaf FEMA yo deplwaye nan eta a, k ap travay avèk Divizyon Jesyon Ijans Florida yo ak lòt patnè nan rekiperasyon Idalia.

Touswit apre tanpèt la, ekip Asistans pou Sivivan Katastwòf FEMA yo te ale pòt an pòt nan kominote ki afekte yo pou ede sivivan yo aplike pou asistans. Enspektè FEMA yo te fè plis pase 42,000 enspeksyon kay pou sivivan ki te aplike pou asistans federal pou katastwòf.

Nan konte Dixie, Gilchrist, Hamilton, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Suwannee ak Taylor, FEMA ap bay sivivan ki elijib yo lojman tanporè paske yo pa ka rete lakay yo akòz siklòn nan. Apati 23 janvye, tout sivivan ki elijib yo te bay FEMA inite lojman tanporè.

FEMA te opere 38 Sant Rekiperasyon Dezas, ki gen ladan 18 sant rekiperasyon mobil, ak prèske 20,000 vizit sivivan yo.

Kòm Siklòn Idalia te lakòz gwo enpak sou kominote riral yo ak yon peyizaj agrikòl vas ak varye, FEMA ak eta Florida te louvri de (2) Sant Rekiperasyon Kiltivatè pou pi byen sèvi kiltivatè yo. Sant yo te sèvi kòm yon boutik asistans yon sèl kote kiltivatè yo te pale ak anpil ajans federal ak ajans eta sou resous ki disponib pou ede yo nan rekiperasyon.

FEMA kontinye travay avèk gouvènman federal, eta, lokal yo ak òganizasyon volontè yo regilyèman pou idantifye bezwen sivivan yo pa satisfè, epi pou ede navige asistans ak resous ki disponib yo.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre siklòn Idalia, vizite floridadisaster.org/info. ak fema.gov/disaster/4734 . Swiv FEMA sou X, ki te rele Twitter, sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema .

Tags:
Dènye mizajou