Sant Rekiperasyon Pou Dezas yo Pral Fèmen Pandan Ke Dat Limit Pou Aplike Pou Asistans Federal Yo Prèske Rive

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-019
Release Date:
Jen 22, 2023

LAKE MARY, Florida – Sant Rekiperasyon Pou Dezas nan Sant Kominotè Sadkin nan Lauderhill, ak Sant Mobile nan Samuel Delevoe Memorial Park nan Fort Lauderdale pwograme pou fèmen 24 jen.

Si rezidans prensipal ou se a nan Broward County epi ou te sibi domaj oswa pèt nan gwo tanpèt ak inondasyon an avril, pa rete tann ankò. Dat limit pou aplike pou asistans federal la se 27 jwen 2023.

Apre sant yo fèmen, rezidan yo ka toujou aplike pou asistans federal, jiska dat limit la, oswa mete ajou enfòmasyon kontak yo nan aplikasyon aktyèl yo lè yo rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362, oswa lè yo konekte nan kont yo nan DisasterAssistance.gov.

Sant ki nan Hortt Park nan Fort Lauderdale pwograme pou rete ouvè jiska 29 jwen.

FEMA gendwa kapab ede ak asistans pou lokasyon oswa lòt depans ki gen rapò ak katastwòf, epi si w se yon pwopriyetè kay, FEMA kapab ede w tou ak reparasyon esansyèl lakay ou ki pa kouvri pa asirans. 

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon an nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4709 ak  floridadisaster.org/. Swiv nou sou Twitter: @FLSERT ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou