Ajans Gouvènman yo ak Lòt Ajans yo Ap Kolabore pou Amelyore Preparasyon pou Ouragan VI

Release Date Release Number
144
Release Date:
August 15, 2018

ST. CROIX, Virgin Islands – Pandan nap rive nan peryòd aktif sezon ouragan an, dirijan federal ak  dirijan teritwa  repons pou ijans yo kontinye ap  montre fanmi yo kijan pou yo prepare pou sipòte tèt yo nan konsekans imedyat yon siklòn ki fè anpil dega. Anmenmtan,  ajans gouvènman yo ap kolabore anpil ak antrene  pou amelyore preparasyon yo pou satisfè bezwen sitwayen yo annijans.

Nan mwa jiyè a, ofisyèl federal yo te kolabore avèk Ajans Jesyon Ijans Teritwa Virgin Islands ( Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA), Lakwa-Wouj, Sant Sèvis Nasyonal Metewoloji (National Weather Service), epi depatman ak ajans lokal yo pandan yon sesyon enfòmasyon  sou kat jou  pou amelyore preparasyon teritwa a. Fowòm sa te bay patnè teritwa a ak patnè federal yo yon okazyon pou idantifye nenpòt mank ak defisi, pandan y ap idantifye solisyon yo nan tèt ansanm.

Sezon ouragan 2018 la prezante yon nouvo seri defi paske domaj yo toujou la apre ouragan Irma ak Maria. Ekip FEMA a te nan teritwa a depi dènye mwa septanm nan epi prèske 400 manm pèsonèl la rete sou teren an pou sipòte operasyon sekou a.

Ofisye Kowòdinasyon Federal, William L. Vogel, di konsa: “Sezon ouragan ane pase a te bezwen sipò nou pa t janm bezwen anvan nan sekouris pou ijans yo nan teritwa a. Ane sa a n ap travay ansanm avèk patnè lokal nou yo pou idantifye mwayen nou yo pou pi byen sèvi moun Virgin Islands pandan fiti operasyon yo nan moman katastwòf yo.”

Posiblite pou kominike avèk efikasite epi imedyatman apre yon katastwòf se yon bagay ki enpòtan. FEMA mete anplas tchèk operasyonèl regilye nan sistèm kominikasyon altènatif pou asire mwayen nou pou sipòte aktivite repons pou ijans yo. Answit, VITEMA te fè tranzisyon nan yon nouvo sistèm notifikasyon ijans Alert (Alè)VI ki bay moun Virgin Islands yo notifikasyon rapid ak fyab pou ijans ak anons pou sèvis piblik.

FEMA te prevwa pwodui alimantè ak dèlko ki nesesè toupatou nan teritwa a, ansanm avèk yon kantite manje ak dlo pou twa jou. Nou te idantifye dèlko yo epi nou te  monte yo pou sipòte enstalasyon enfrastrikti yo apre nenpòt evènman move tan. Avèk pwodui alimantè siplemantè ki nan biwo santral FEMA nou konsève nan sant distribisyon ki nan pozisyon estratejik toupatou nan Etazini, ansanm ak Pòtoriko, kote nou estoke plis 5.4 milyon lit dlo, 3.6 milyon repa, 600 dèlko, 10,000 manto, 80,00 twal bach, ak 30,000 kouvèti plastik pou sèvi Pòtoriko ak USVI. 

Patnè lokal yo ak patnè federal yo  pral kontinye satisfè bezwen sivivan yo, pou ede yo rebati kominote ki pi fò ak pi rezistan.

####

Misyon FEMA se pou ede moun yo anvan, pandan ak apre yon katastwòf.

Pou enskri pou resevwa alèt pou ijans, ki asosye avèk ijans, move tan, sekirite piblik ak deranjman nan sèvis nan Virgin Islands, enskri pou Alert VI oswa kopye sitwèb https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login epi pase li nan navigatè ou. Swiv nou nan medya sosyalsou twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands

Tags:
Dènye mizajou