Sezon siklòn 2018 la rive, se kounye a pou w pare

Release Date Release Number
141
Release Date:
July 20, 2018

Zil Vyèj Ameriken – Pandan rekonstriksyon apre siklòn Irma ak Maria yo ap kontinye, ofisyèl teritoryal ak federal yo ap souliyen enpòtans pare pou sezon siklòn 2018 la. Moun Zil Vyèj yo dwe pran dispozisyon imedya pou pare tèt yo ak pwòch yo. Fè twous, fè plan epi rete enfòme.

 

 “Nou sètènman konprann moun yo gen dwa santi yo pè epi gen kè yo sou biskèt poutèt menas lòt siklòn ane sa a,” Ofisye Kowòdonatè Federal FEMA a William L. Vogel te deklare. “Byennantandi, nou pa kapab rete siklòn yo, men nou kapab ede redui enkyetid gras a bon preparasyon. Nou ankouraje moun yo kounye a pou yo planifye alavans epi edike tèt yo sou sijè esansyèl preparasyon an.”

 

Rezidan yo dwe pare pou yo otonòm nan kontrekou imedya yon siklòn epi pran dispozisyon pou pwoteje pwopriyete yo. Sa ki andikape yo ak lòt moun ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl gen dwa gen lòt konsiderasyon anplis.

 

Se kounye a pou fanmi yo fè twous, fè plan epi rete enfòme pou yo kapab pare.  

 

Fè yon twous sivi. Fanmi yo dwe pare pou abrite tèt yo yon kote fèmen ak san danje pandan jiska 10 jou apre yon katastwòf avèk posibilite wout enpratikab, estasyon gaz ak makèt fèmen, blakawout epi kominikasyon ensèten.  

  • Fè pwovizyon dlo pou bwè ak netwaye, manje, medikaman, yon twous premye swen ak pwodui ijyèn.
  • Fè pwovizyon atik pou reponn bezwen manm endividyèl yo nan fanmi an, tankou paregzanp tibebe ak jèn timoun, granmoun aje, moun andikape, ak bèt kay oswa zannimo asistans.
  • Mete kopi dokiman enpòtan yo tankou paregzanp ak eta sivil yo, polis asirans yo, enfòmasyon medikal yo, dosye pwopriyete ak finansye yo, nan yon kòfrefò oswa nan yon lòt kote ki pa lakay ou pou pwoteje yo. Yo gen dwa nesesè pou sivivan yo ki ta kapab kalifye pou fè demann èd pou sinistre.

Fè yon plan kominikasyon pou fanmi an. Chwazi yon zanmi oswa yon fanmi ki rete lwen kòm pwen kontak. Fè timoun yo aprann pa kè enfòmasyon kontak nan ka ijans yo oswa fè yo mete yo yon kote ki an sekirite. Deside yon kote san danje, nou konnen, pou fanmi an ale pou pwoteksyon oswa pou reyini. Kote a dwe santral ak aksesib pou tout manm fanmi an, sa gen ladan manm fanmi an ki andikape. Si ou gen bèt kay oswa zannimo asistans verifye kote a aksepte zannimo. Pou plis enfòmasyon sou fè plan kominikasyon pou fanmi ale sou Family Communication Plan.

 

Rete enfòme.  Koute bilten ofisyèl lokal yo pou konn dènye enfòmasyon yo anvan, pandan ak apre yon katastwòf. Se yon bon lide pou w gen yon radyo a pil oswa ki mache avèk enèji solè pou resevwa avètisman ak nouvèl sou katastwòf. Eskri pou Alert VI nan https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login pou resevwa enfòmasyon sou ijans. Ou kapab jwenn nouvèl sou meteyo ak enstriksyon sou paj Facebook VITEMA ak FEMA yo tou.

 

W ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w pare nan ready.gov ak nan www.vitema.vi.gov.

 

Lòt konsiderasyon pou moun ki andikape oswa ki gen bezwen aksè ak bezwen pou li fonksyone

Moun ki andikape yo oswa ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl dwe suiv estriksyon jeneral ki pi wo yo epi konsidere mezi anplis ki annapre yo:

  • Kreye yon rezo soutyen. Kenbe yon lis kontak nan yon veso ki pa kite dlo antre nan twous ijans ou a.
  • Mete rezo soutyen w lan okouran plan ijans ou a, bezwen ou yo ak kijan pou nou kominike pandan yon ijans.
  • Si w ap sèvi avèk ekipman medikal dirab lakay ou ki bezwen kouran, pale avèk founisè swen sante w lan sou kijan pou w pare pou blakawout.
  • Si ou soud, tande di, soud-avèg, oswa gen pwoblèm pale, enfòmasyon nan ka ijans ou dwe gen ladan pi bon jan pou kominike byen avèk ou.
  • W ap jwenn plis enfòmasyon sou preparasyon pou moun ki andikape nan Red Cross.   
  • Kontakte Sant pou Vi Otonòm nan (Independent Living Center) nan www.independentlivingvi.org, rele

Felecia A. Brownlow nan 340-777-4978 oswa voye yon imèl bay viailstt@gmail.com.

 

Ranfòse epi pwoteje pwopriyete w lan
Moun Zil Vyèj yo dwe pran dispozisyon pou pwoteje kay yo tou:

  • Pare pou w mete andedan tout bagay nan pwopriyete w lan van siklòn yo ta kapab bwote epi transfòme an bagay danjre.
  • Taye pyebwa yo pou retire branch mouri epi tache goutyè ak tiyo pou dlo desann yo byen.
  • Verifye galri devan yo, teras yo oswa anga yo nan bon eta epi byen tache.
  • Tache twati yo avèk senti oswa klips pou siklòn epi enstale takèt solid nan tèt ak nan pye pòt deyò yo. Achte oswa fè vole tanpèt pou fenèt yo.

 

Kenbe lakay ou ak machin ou asire kont dega van ak inondasyon. Peman mwayen an pou reklamasyon asirans kont inondasyon nan Zil Vyèj yo pou dega inondasyon poutèt Irma ak Maria plis pase $91,000. Epitou, sonje mete asirans pwopriyete w lan ajou pou kouvri kou konstriksyon k ap fèt kounye a epi konnen yon polis asirans sou pwopriyete pa ofri kouvèti pou dega inondasyon. Pou plis enfòmasyon sou kijan ou kapab jwenn asirans kont inondasyon, ale sou floodsmart.gov.

Direktè VITEMA a Mona Barnes ensiste, “Li enpòtan anpil pou nou tout pare. Nou ankouraje tout moun pare kounye a!”

# # #

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan, ak apre yon katastwòf.

Pou enfòmasyon ofisyèl sou efò rekonstriksyon an apre siklòn yo, tanpri ale sou www.informusvi.com oswa sou www.usviupdate.com. Suiv nou sou medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak nan www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou jwenn plis enfòmasyon sou Òganis Jesyon Mezi Dijans Teritoryal la sou Zil Vyèj yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency), ale sou http://www.vitema.vi.gov/. Pou enskri pou alèt sou ijans, move tan, sekirite piblik ak enteripsyon sèvis sou Zil Vyèj yo, enskri pou Alert VI oswa kopye https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè w lan. 

Pou fè don oswa benevola, kontakte òganizasyon benevòl oswa charitab ou chwazi a pase pa Òganis Benevola Nasyonal ki Aktif nan Sitiyasyon Katastwòf yo (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.  Pou moun ki swete ede, se don lajan kach ki ofri òganis benevòl yo plis fleksibilite nan jwenn resous ki pi nesesè yo epi ki ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo repran. Fondasyon Kominotè Zil Vyèj yo (Community Foundation of the Virgin Islands) gen “Fon pou Zil Vyèj yo” tou nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou