Finansman Leta ak Federal pou Katastwòf Depase $210 Milyon

Release Date Release Number
DR-4393-NC NR 024
Release Date:
October 4, 2018

RALEIGH, N.C. – Twa semèn apre deklarasyon federal sou katastwòf pou Siklòn Florence la, yo mete plis pase $210 milyon nan finansman leta ak finansman federal disponib pou l al jwenn rezidan Kawolin Dinò (North Carolina) yo dirèkteman pou ede yo nan kesyon rekiperasyon yo.

 

Finansman yo gen ladan yo sibvansyon nan FEMA, reklamasyon peman nan Pwogram Asistans Nasyonal pou Inondasyon (National Flood Insurance Program - NFIP) epi prè ak enterè ki ba pou apre katastwòf nan Administrasyon Ti Kòmès nan Etazini (U.S. Small Business Administration - SBA):

 

  • Plis pase $82 milyon pou sibvasyon leta ak sibvansyon federal ki apwouve pou pwopriyetè kay ak moun ki nan lwaye.
  • Plis pase $66 milyon pou peman alavans ak reklamasyon yo peye titilè kontra asirans NFIP yo.
  • Anviwon $62 milyon nan prè SBA ki gen enterè ba pou pwopriyetè kay, moun ki nan lwaye ak pwopriyetè kòmès yo.
     

Lòt mizajou leta ak federal yo gen ladan yo:

  • Plis pase 22,000 pwopriyetè kay ak moun ki nan lwaye nan Kawolin Dinò deja resevwa asistans pou lojman tankou sibvansyon pou reparasyon.

 

  • Plis pase 14,000 pwopriyetè kay ak moun ki nan lwaye deja resevwa asistans sou fòm lajan pou peye lwaye yo.
    • Anplis, FEMA ap travay an tèt ansanm avèk Leta nan Kawolin Dinò pou l enplemante yon estrateji sible pou bay lòt kalite lojman tanporè ki pi mye reponn a bezwen sivivan ki sinistre yo.

 

  • FEMA ak Leta nan Kawolin Dinò deja louvri 11 Sant pou Rekiperasyon Apre Katastwòf epi yo akeyi plis pase 5,000 vizitè. Sant yo sèvi antanke grenn pwen referans kote sivivan siklòn ki bezwen asistans ka jwenn li an prive. Sivivan yo kapab vizite nenpòt sant pou yo jwenn asistans. Pou w jwenn yon sant, ale nan fema.gov/DRC. Nou pral louvri lòt sant toujou trè byento.
  • Plizyè douzèn ekip Asistans pou Sivivan Apre Katastwòf deja visite plizyè milye kay nan kominote ki andomaje akoz siklòn nan. Manm ekip yo kapab reponn kesyon, anrejistre sivivan, epi bay referans pou asosye kominotè yo. Tout anplwaye ak kontraktè FEMA yo mete yon badj ofisyèl gouvènman oubyen yon badj kontraktè pou yo idantifye tèt yo. Pou pwoteje moun kont fwòd, sivivan yo dwe mande pou yo wè bagj la.
  • Enspektè FEMA yo deja konplete prèske 72,000 enspeksyon kay nan kad pwosedi pou detèmine si wi ou non aplikan yo kalifye pou asistans. Si kay aplikan an pa t aksesib nan moman anrejistreman nan FEMA—men li aksesib kounyea—aplikan an dwe rele FEMA oubyen li dwe vizite yon sant rekiperasyon pou yon mizajou.
  • Yo deja distribye plis pase $54 milyon asistans sou fòm manje atravè Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (D-SNAP) la. Sa gen ladan prèske 185,000 moun ki deja resevwa yon sipleman anplis avantaj Sèvis Aliman ak Nitrisyon (FNS) yo deja ap resevwa ak plis pase 180,000 nouvo moun ki pa t ko ap resevwa asistans nan pwogram FNS la.

Pwopriyetè kay, moun ki nan lwaye ak pwopriyetè kòmès nan Kawolin Dinò nan 28 konte ki liste pi ba yo, kapab aplike pou asistans apre katastwòf pou moun ki pa gen asirans ak sa ki pa gen ase asirans pou kouvri domaj ak pèt akoz Siklòn Florence: Beaufort, Bladen, Brunswick, Carteret, Columbus, Craven, Cumberland, Duplin, Greene, Harnett, Hoke, Hyde, Johnston, Jones, Lee, Lenoir, Moore, New Hanover, Onslow, Pamlico, Pender, Pitt, Richmond, Robeson, Sampson, Scotland, Wayne ak Wilson.

 

Pou pwopriyetè kay oubyen moun ki nan lwaye ki kalifye, sibvansyon pou katastwòf yo ede yo peye pou asistans tanporè pou lwaye, reparasyon debaz nan kay pou rann kay yo abitab, epi pou bezwen enpòtan ki gen rapò ak katastwòf la ke asirans pa kouvri.

 

Sivivan yo dwe kontakte konpayi asirans yo dabò. Pou sa ki pa gen asirans oubyen ki pa gen ase asirans pou kouvri pèt yo, aplike pou asistans apre katastwòf:

  • Ale sou entènèt nan DisasterAssistance.gov; oubyen
  • Itilize FEMA mobile app la; oubyen
  • Rele liy asistans apre katastwòf la nan 800-621-3362 (vokal, 711 oubyen VRS) nenpòt lè apatide 7 a.m. jiska 10 p.m. lè lokal sèt jou sou sèt jouk yo ta vin chanje orè a. Moun ki itilize TTY kapab rele 800-462-7585. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib pou ou; oubyen
  • Vizite yon sant pou rekiperasyon.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Kawolin Dinò apre pasaj Siklòn Florence al vizite NCDPS.gov/NCEM ak FEMA.gov/Disaster/4393. Suiv nou sou Twitter: @NCEmergency ak @FEMARegion4.

 

FEMA ap bay tout asistans apre katastwòf san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks, (ki gen ladan asèlman seksyèl), relijyon, limitasyon nan pale Anglè, kondisyon ekonomik, oubyen reprezay. Si ou panse yo pa respekte dwa sivil ou yo, rele 800-621-3362 oubyen 800-462-7585(TTY/TDD).

 

Asistans tanporè FEMA bay pou lojman ak sibvansyon pou depans sèvis transpò, depans medikal ak dantè, epi depans pou fineray ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon pou prè SBA yo dwe remèt yo bay yon ajan kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti pwopriyete pèsonèl, reparasyon oubyen ranplasman otomobil, ak depans pou demenajman ak antrepo.

 

Tags:
Dènye mizajou