DE SEMÈN RETE POU MOUN FLORIDA YO APLIKE POU ASISTANS FEMA APRE SIKLÒN MILTON AK HELENE [https://www.fema.gov/ht/press-release/20241223/two-weeks-left-floridians-apply-fema-assistance-after-hurricanes-milton-0] Release Date: Desanm 23, 2024 TALLAHASSEE, FLA. -- Floridyen ki te sibi pèt nan Siklòn Milton [https://www.fema.gov/disaster/4834/designated-areas#individual-assistance] ak/oswa Helene [https://www.fema.gov/disaster/4828/designated-areas#individual-assistance] gen de semèn ki rete pou aplike pou asistans federal. Dat limit lan se 7 jan. 2025 Si ou te aplike pou asistans FEMA apre Siklòn Helene epi ou gen plis domaj nan Siklòn Milton, w ap bezwen aplike pou Milton separeman epi bay dat dènye domaj ou te sibi a. Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè pou aplike sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] oswa lè yo telechaje Aplikasyon FEMA [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products]. Ou ka aplike tou pa telefòn nan 800-621-3362. Liy yo louvri chak jou epi èd disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit  loswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.  Pou w ka gade yon videyo aksesib sou kijan pou w aplike pou asistans ale nan  FEMA Aksesib: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube [https://www.youtube.com/watch?v=HhtlyTX49RE]. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834 [https://www.fema.gov/disaster/4834]. Pou Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828 [https://www.fema.gov/disaster/4828]. Pou Siklòn Debby, vizite fema.gov/disaster/4806 [https://www.fema.gov/disaster/4806]. Swiv FEMA sou X nanx.com/femaregion4 [https://x.com/femaregion4]oswa sou Facebook nan facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].