YON SEMÈN RETE POU SIVIVAN SIKLÒN NICOLE YO APLIKE POU ASISTANS FEMA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230206/one-week-left-hurricane-nicole-survivors-apply-fema-assistance] Release Date: Fevriye 6, 2023 LAKE MARY, FLA. – Pwopriyetè kay ak lokatè nan konte Brevard, Flagler, Lake, Putnam, St. Johns oswa Volusia ki gen pèt oswa domaj nan pwopriyete SIKLÒN NICOLE te koze, gen sèlman yon semèn ki rete pou aplike pou asistans federal pou katastwòf. DAT LIMIT POU SOUMÈT APLIKASYON W POU ASISTANS FEMA A SE 13 FEVRIYE. Pandan sèt jou kap vini yo, ou ka ranpli aplikasyon w pou asistans pou katastwòf nan nenpòt ki fason: * Rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362. Liy Èd la disponib chak jou soti 7 A.M. RIVE 11 P.M. ET. Èd disponib nan pifò lang. * Ale sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov] epi klike sou ikòn ble "Aplike sou Entènèt". * Telechaje gratis aplikasyon mobil [https://www.fema.gov/mobile-app] FEMA pou telefòn. * Vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas (Disaster Recovery Center, DRC). Plizyè DRC ap fonksyone nan tout Eta Florid la. Pou jwenn youn tou pre w, ale sou Entènèt: DRC Locator oswa floridadisaster.org [https://www.floridadisaster.org], oswa voye tèks nan “DRC“ ansanm ak kòd postal ou a nan 43362. Si w kalifye, asistans pou katastwòf FEMA ka gen ladan asistans finansye, tankou asistans pou lokasyon oswa ranbousman pou depans otèl, pou lojman tanporè pandan w pa kapab abite nan kay prensipal ou a; lajan ki destine a pwopriyetè kay yo pou ede yo repare oswa ranplase domaj oswa pèt katastwòf ki te koze nan rezidans prensipal ou a, ki gen ladan wout aksè prive yo, tankou antre kay, wout, oswa pon; ak lajan pou depans dezas ki te koze ak bezwen grav, tankou reparasyon oswa ranplasman pwopriyete pèsonèl ak machin, lajan pou demenaje ak depo, medikal, dantè, gadri ak lòt atik divès ki te apwouve davans. Lè w kenbe enfòmasyon kontak ou yo ajou, sa ede FEMA trete aplikasyon w lan. Ajans lan ka bezwen rele pou pran yon randevou pou yon enspeksyon kay oswa jwenn plis enfòmasyon nan men ou pou avanse aplikasyon w lan. Pou anpil moun, asirans ka kouvri domaj ak pèt. Sa pa menm ak asistans FEMA. Finansman nou an gen entansyon kouvri bezwen debaz pou moun ki pa gen asirans oswa ki manke asirans adekwa pou kouvri nesesite debaz apre yo fin soufri domaj ak pèt nan yon dezas tankou Siklòn Nicole. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre siklòn Ian ak Nicole, vizite floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/info] ak fema.gov [https://www.fema.gov/disaster/4680]. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4 [http://www.feamregion4.gov]) / Twitter ak sou facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].