ADDITIONAL FLORIDA COUNTIES ELIGIBLE FOR FEMA PUBLIC ASSISTANCE [https://www.fema.gov/ht/press-release/20221223/additional-florida-counties-eligible-fema-public-assistance] Release Date: December 23, 2022 BRANDON, FLA. – 51 lòt konte Florid ki afekte nan siklòn Nicole kounye a elijib pou mezi pwoteksyon ijans, ki gen ladan asistans federal dirèk nan pwogram Asistans Piblik la. Konte yo se, Alachua, Baker, Bradford, Broward, Calhoun, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Dixie, Franklin, Gadsden, Gilchrist, Glades, Gulf, Hamilton, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Holmes, Jackson, Jefferson, Lafayette, Lake, Lee, Leon, Levy, Liberty, Madison, Manatee, Marion, Miami-Dade, Okeechobee, Orange, Osceola, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, Sumter, Suwannee, Taylor, Union, Wakulla, and Washington; ak Tribi  Miccosukee Endyen yo nan Florida ak Tribi Seminole yo nan Florida. Brevard, Duval, Flagler, Indian River, Martin, Nassau, Palm Beach, St. Johns, St. Lucie, ak Konte Volusia yo te otorize pou Asistans Piblik nan premye deklarasyon katastwòf ki te pibliye 13 desanm. Pwogram Asistans Piblik FEMA a bay ajans gouvènman lokal ak eta a ranbousman pou depans pou repons pou ijans, pou retire debri ak restorasyon enstalasyon ak enfrastrikti piblik ki te domaje nan katastwòf. Kay  adorasyon ak lòt òganizasyon ki san bi pou fè pwofi kapab tou kalifye pou Asistans Piblik FEMA. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre siklòn Ian ak Nicole, vizite floridadisaster.org/info [https://www.floridadisaster.org/info/nicole/] ak fema.gov/4680 [https://www.fema.gov/ht/disaster/4680]. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter [https://www.twitter.com/femaregion4] ak nan facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema]. _###_