SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF MOBIL AP KANPE NAN KONTE MONROE [https://www.fema.gov/ht/press-release/20221114/mobile-disaster-recovery-center-making-stops-monroe-county] Release Date: November 14, 2022 BRANDON, FLA. – Yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf mobil ki jere pa FEMA ak Eta Florid ap kanpe nan Konte Monroe. Dat ak anplasman yo se: Lendi 14 novanm nan: NELSON ENGLISH PARK 1127 Thomas Street Key West, FL 33040 Mèkredi 16 novanm jiska samdi 19 novanm nan: Bernstein Park, 6751 5th St, Key West, FL 33040 Lendi 21 novanm jiska mèkredi 23 novanm nan: MURRAY NELSON GOVERNMENT CENTER 102050 Overseas Hwy Key Largo, FL 33037 Orè pou sant sa yo ap 9 a.m. pou rive 6 p.m. chak jou.   Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib. Gen plizyè Sant Rekiperasyon apre Katastwòf k ap fonksyone nan tout zòn ki afekte a. Pou ou jwenn yon sant ki tou pre w, ale anliy sou: DRC Locator [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator] oswa floridadisaster.org [http://www.floridadisaster.org], oswa ou ka voye tèks DRC ansanm ak Kòd Postal ou a nan 43362. Kounye a, tout sant yo ap fonksyone sèt jou pa semèn, lè yo ka varye. Pa gen randevou nesesè pou ou jwenn asistans. Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], itilize aplikasyon mobil FEMA a [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-app-text-messages] oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. EST. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube [https://www.youtube.com/watch?v=LU7wzRjByhI].