TRIYAJ DEBRI [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/debris-sorting] Release Date: Oct 2, 2022 Florida residents with storm-generated debris from Hurricane Ian should follow instructions from local officials about sorting materials and placing on the curb for collection. SEPARASYON DEBRI Lokalite yo souvan mande rezidan yo pou triye debri yo nan plizyè kategori diferan. * ELEKTWONIK. Egzanp: televizyon, òdinatè, ekipman odyo, telefòn, lektè DVD * DECHÈ DANJERE. Egzanp: luil, batri, pestisid, atik netwayaj, gaz konprese, penti. (Remak: Si w sisppèk materyèl ki genyen penti ki fèt ak plon, kenbe yo mouye oswa mete yo nan sachè plastik yon fason pou penti a pa evapore nan lè a. * DEBRI KONSTWIKSYON AK DEMOSLISYON. Egzanp: bwa, twati, ak debri estriktirèl ke tanpèt la pwojte * FATRA LAKAY. Egzanp: fatra nan sachè, manje ki gaye, papye, anbalaj * GWO APARÈY/PWODUI BLAN. Egzanp: frijidè, machin a lave/sechwa, klimatizè. fou, chofaj dlo, machin pou lave asyèt (Remak: Pa kite pòt san fèmen oswa pa asire.) * DEBRI VEJETAL. Egzanp: pye bwa, branch bwa, moso bwa, plant, fèy Pa mete debri sou oswa tou pre fil kouran ki tonbe oswa tou pre bwat sèvis piblik. KOLEKSYON Ofisyèl lokal ou yo pral di w sa ki otorize ak sa w pa dwe ranmase tou pre dwa pasaj piblik ansanm ak kòman pou w mete l la. Debri pa ta dwe bloke pasaj la. Plase debri tou pre oswa sou pye bwa, poto oswa lòt estrikti fè retire yo difisil. Sa genyen ladann bouch ensandi ak kontè. DEBRI DEMOLISYON, REPARASYON AK REKONSTRIKSYON Egzanp yo genyen ladan yo materyèl konstwiksyon, mi sèk, branch bwa, kapèt, mèb ak plonbri. Demolisyon, reparasyon ak rekonstriksyon yon kontraktè ke yon mèt pwopriyete anboche toujou genyen ladann jeneralman retire ak jete materyèl.