PREPARASYON POU SIKLÒN KONSÈY POU MOUN AJE YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/hurricane-preparation-tips-seniors] Release Date: Jun 7, 2022 Lè gen menas siklòn, moun ki aje yo kapab ap fè fas ak lòt risk. Lè gen yon ijans, yo rankontre plis pwoblèm pase anpil lòt moun: yo izole, yo pa ka deplase jan yo vle epi yo gen pwoblèm medikal. Moun ki pi aje yo ka diminye risk yo pou pwòp tèt yo, lè yo prepare yo pou siklòn ansanm ak lòt ijans anvan yo rive.  FÈ YON LIS MOUN KI KA EDE OU. * Ou ka konte sou yon sèl manm nan fanmi ou kòm moun prensipal k ap ba ou swen. Men kapab gen ijans nan nenpòt moman, epi moun ki abitye pran swen ou nan gen dwa pa ansanm avè ou. Li enpòtan pou ou gen yon lis moun ou ka rele. * Kreye yon chèn kontak. Detèmine kiyès k ap kontakte kiyès lè gen ijans. Mande fanmi, zanmi ak vwazen yo. Pa konfye tout bagay ak yon sèl moun, paske si yo blese oswa si yo nan sitiyasyon yo pa ka aji, ou gen dwa rete bloke. Kenbe lis moun k ap ede ou yo nan kit ijans ou a. * Si l difisil pou ou deplase poukont ou, petèt ou ap bezwen yon moun pou ede ou antre nan abri ou la oswa pou ou deplase. Detèmine alavans ki moun ki pral ede ou. * Gen anpil aplikasyon pou kominike ki disponib pou telefòn entelijan. Chwazi youn oswa de, annapre mande fanmi ou oswa zanmi ou yo ki nan lis kontak ijans ou yo pou yo telechaje menm aplikasyon sa yo. Yo ka itilize yo pou kominike si telefòn yo pa gen sèvis.  GEN ASIRANS ENFÒMASYON MEDIKAL OU YO DISPONIB. Si ou gen pwoblèm sante, ou gen dwa chwazi pote yon braslè oswa yon kolye ki gen alèt medikal. Sa ka sove lavi ou, sitou si ou fè sik oswa si ou alèji ak kèk medikaman byen presi, elatriye. Tout bijou ki gen alèt medikal yo ki disponib jodi a ka ede moun ki reyaji an premye yo pou yo trete ou nòmalman si ou pa kapab bay oswa fè yo konnen pase medikal ou. BAGAY OU AP BEZEN PRAN POU SI W AP KITE KAY OU * LIS: Anvan yon ijans rive, fè yon lis sou tout bagay ou ap bezwen pou rete an sante. Meta ladan non ak enfòmasyon pou kontakte doktè ou la ak famasi a, fè yon lis medikaman, ak nenpòt aparèy medikal ou ap itilize. Annapre, fè moun ki nan lis kontak ou yo konnen ki kote lis la ye pou sizoka ou bezwen l. * KIT: Yon bagay ou ap bezwen se yon kit ki gen tout bagay ki nesesè ou ap bezwen pou ou ka rete vivan pandan omwen 72 èdtan. Pou yon lis konplè, vizite WWW.READY.GOV [http://www.ready.gov/]. Lakwa Wouj Ameriken (American Red Cross) kapab ede ou tou nan fè ou jwenn enfòmasyon sou materyèl yo rekòmande yo. * LAJAN KACH: Règ jeneral la se genyen omwen ase lajan kach pou peye depans ki esansyèl pandan pou ou viv pandan 30 jou. Gen asirans ou gen omwen yon pati nan lajan kach ou genyen an nan ti biyè ak kèk monnen pou sizoka ou bezwen sa. Chak moun ka pran dispozisyon pou prepare yo ak kalite ijans ki ka plis rive nan zòn kote y ap viv la. Nan Louisiana, gen siklòn, rivyè yo desann, genyen tou inondasyon sanzatann, dife ak lòt bagay ankò. Pafwa, depi alavans ou byen konnen danje a, epi ou gen tan pou ou prepare ou. Gen lòt fwa, ou dwe reyaji vit. Toujou swiv enstriksyon otorite lokal yo ap bay, lè yo deside ki kote pou moun deplase ale.  Konnen ki moun ki disponib pou ede anvan ou bezwen sa.  Pou plis enfòmasyon sou fason pou ou rete pare, gade Preparasyon gen enpòtans pou Ameriken ki Aje yo (Preparing Makes Sense for Older Americans) - YouTube [https://www.youtube.com/watch?app=desktop&v=SByTKf2rrlg]. Lòt sous enfòmasyon pou preparasyon se liy telefòn FEMA anrapò ak mezi pou prevansyon nan 833-336-2487.