MIZAJOU SOU RETABLISMAN IDA AK LÒT POSIBLITE POU FINANSMAN POU SIZOKA GEN KATASTWÒF [https://www.fema.gov/ht/press-release/20220510/ida-recovery-update-and-other-disaster-funding-opportunities] Release Date: May 10, 2022 NEW YORK – UIT (8) mwa ki vini apre rès Siklòn Ida te ravaje kay, biznis, enfrastrikti nan eta New York, FEMA, Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini ak Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon, te apwouve prèske 800 MILYON dola pou ede Abitan New York yo retabli epi rekonstwi. PLIS PASE 41,000 fanmi nan rejyon BRONX, BROOKLYN (KINGS COUNTY), QUEENS, STATEN ISLAND (RICHMOND COUNTY), DUTCHESS, NASSAU, ORANGE, ROCKLAND, SUFFOLK AK WESTCHESTER te apwouve pou èd pou katastwòf FEMA depi deklarasyon katastwòf septanm 2021 an. NAN DAT 9 ME, FEMA te apwouve 219.2 MILYON DOLA pou èd lojman ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak siklòn nan, nan kad pwogram Asistans Endividyèl la. Montan sa a gen ladan l 197.2 MILYON DOLA ki apwouve pou lojman tanporè, èd pou lwaye, reparasyon ak ranplasman kay pou sivivan ki kalifye yo. Epitou, li gen ladan l 21.9 MILYON DOLA ki apwouve pou lòt èd yo bezwen ki kapab ede sivivan ki kalifye yo peye pou depans medikal ak dantè, gadri pou timoun, ak lòt depans nesesè ki gen rapò ak katastwòf la. Administrasyon Ti Biznis yo te apwouve 4,046 prè pou kay ak pou biznis pou plis pase 213.3 MILYON DOLA pou yo kapab ede pwopriyetè kay, lokatè, ak biznis yo retabli apre rès siklòn Ida a. Prè SBA pou katastwòf yo se pi gwo sous fon rekiperasyon federal pou katastwòf pou sinistre yo. Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon nan FEMA te peye plis pase 138.9 MILYON DOLA pou moun ki asire nan New York yo epi li te fèmen 2,779 DEMANN pou domaj tanpèt la te lakòz. Gras ak pwogram èd pou diminye risk nan FEMA, leta nan nan New York ap jere posiblite pou gen finansman ki toujou disponib pou pwojè k ap soutni planifikasyon pou diminye risk ansanm ak mezi pou redui alontèm pou amelyore kapasite Eta a. Peryòd aplikasyon HMGP Eta New York la rete disponib pou tout kandida pasyèl ki kalifye jiska 1YE JEN. Ajans nan Eta yo, gouvènman lokal, tribal ak teritiryal yo ka mande yon sibvansyon.  Propriyetè kay ak biznis pa ka aplike dirèkteman nan pwogram nan, sepandan, yon kolektivite lokal ka aplike pou yon finansman nan non yo. Plis enfòmasyon disponib nan Divizyon Sekirite Enteryè ak nan Sèvis Ijans yo nan Eta New York la: https://www.dhses.ny.gov/dr-4615-hazard-mitigation-grant-program-funding Pou enfòmasyon sou Pwogram Sibvansyon pou Diminye Risk yo nan FEMA, vizite fema.gov/grants/mitigation/hazard-mitigation [https://www.fema.gov///C:/Users/dhusband/AppData/Local/Microsoft/Windows/INetCache/Content.Outlook/LM2P6SCZ/fema.gov/grants/mitigation/hazard-mitigation] Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan New York, ale sou fema.gov/disaster/4615 [http://www.fema.gov/disaster/4615]. Swiv FEMA sou Twitter sou twitter.com/femaregion2 [http://www.twitter.com/femaregion2] ak sou facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].