PATENARYA ANT FEMA AK TERRITORY LOUVRI VWA POU KONSTRIKSYON LEKÒL ARTHUR RICHARDS [https://www.fema.gov/ht/press-release/20220107/fema-territorial-partnership-paves-path-rebuild-arthur-richards-school] Release Date: January 7, 2022 ST. CROIX, U.S. VIRGIN ISLANDS – Van ak lapli Siklòn Maria te kite Lekòl Segondè Arthur Richards tou kraze nan mwa septanm 2017. Pou FEMA ak Territory, evalyasyon domaj nan sis batiman ak tèren lekòl la, kolaborasyon pou konstwi salklas pa modil pwovizwa pou timoun yo epi ranplase lekòl la nèt te yon priyorite. FEMA te apwouve ranplasman lekòl Arthur Richards la an 2020 e demolisyon lekòl Frederiksted la te kòmanse an 2020 tou. Plan ranplasman lekòl Arthur Richards la se yon nouvèl etap nan nouvèl ane a avèk apwobasyon FEMA a pou yon pwojè 242,5 milyon dola pou rekontwi lekòl la. Patenarya federal ak teritoryal pou ranplase lekòl Arthur Richards la fè wè misyon FEMA a pou sipòte plan Depatman Edikasyon Virgin Islands Ozetazini pou repare ak rekonstwi lekòl piblik ki andomaje nan siklòn Irma ak Maria nan septanm 2017 la. "Kolaborasyon ak dilijans ant FEMA ak Territory te mennen nan fondasyon yon nouvo lekòl Segondè Arthur Richards. Nou rete fèm sou angajman nou pou ede Virgin Islands Etazini repare ak rekonstwi lekòl yo; sa ki pral bay yon anviwònman ki pi sekirize epi modèn pou timoun Territory yo. Konstwi lekòl ki pi sofistike epi ki pi solid ap garanti retou timoun yo nan salklas yo pi rapid apre lòt siklòn ki gen pou pase," Direktè sèvis rekiperasyon an, Kristen Hodge, te di.    FEMA te bay 209,2 milyon dola atravè pwogram Asistans Piblik li an pou plan Territory a pou rekonstwi lekòl Arthur Richards. Pwodwi asirans lan ap kouvri 10 milyon dola epi yon patisipasyon 10% ki pa federal ap kouvri sa ki rete a pou pwojè ranplasman lekòl Arthur Richards la. Ranplasman lekòl Arthur Richards la otorize antanke yon pwojè Pwosedi Altènativ Asistans Piblik epi li fè wout pou Territory rekonstwi lekòl la sou tèren Lekòl Evelyn Williams sou Mount Pleasant nan St. Croix. "Biwo Rekiperasyon apre Katastwòf la remèsye FEMA pou obligasyon sa a ki pral tabli estanda pou kontriksyon nouvo lekòl nan Territory an akò avèk Gwo Plan Konstriksyon Depatman Edikasyon an. Sa se te yon gwo efò ki te fèt pou finansman rekonstriksyon premye nouvo lekòl la pandan n ap travay pou modènize lekòl yo nan Territory, Direktè Biwo pou Rekiperasyon apre Katastwòf la, Adrienne L. Williams-Octalien, te di. Nan dat 5 janvye 2022, FEMA te angaje yon montan total 444 milyon dola pou ijans ak reparasyon pèmanan pou konstriksyon Depatman Edikasyon yo ki te domaje nan siklòn Kategori 5 2017 yo. [Arthur Richards Junior High School on St. Croix in 2020] Territory te kòmanse demolisyon Lekòl Segondè Arthur Richards nan St. Croix an 2020. FEMA te apwouve yon pwojè 242,5 milyon dola pou ranplase lekòl la ki te andomaje nan Siklòn Maria a an septanm 2017. Foto Koutwazi Biwo pou Rekiperasyon apre Katastwòf nan Virgin Islands Ozetazini.