DAT LIMIT POU APLIKE POU ASISTANS FEMA JODIA. MEN FEMA RETE NAN LWIZYÀN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211129/deadline-apply-fema-assistance-today-fema-remains-louisiana] Release Date: November 29, 2021 BATON ROUGE, LA. – Pandan dat limit 29 novanm pou soumèt yon demann pou asistans pou Siklòn Ida a se jodia, FEMA ap rete nan Lwizyàn pou li asiste sivivan yo. Si ou te aplike pou aistans lan, ou kapab kontinye voye dokiman yo epi aktyalize enfòmasyon nan dosye w la. FEMA ankouraje sivivan yo pou yo rete enfòme, mande lè yo gen bezwen, epi kenbe enfòmasyon pou kontakte yo ajou. Aktyalize tout chanjman ki fèt nan enfòmasyon pou kontakte ou yo pi rapid posib pou evite reta nan pwosesis aplikasyon w lan. Si ou te aplike nan FEMA anvan 29 novanm epi annapre ou fin reyalize asirans ou pa t kouvri tout pèt yo, ou genyen jiska yon (1) lane pou soumèt dokiman k ap manke yo bay FEMA. Li enpòtan pou bay FEMA enfòmasyon sou dènye akò asirans ou an, pliske asirans lan ka disponib pou yon seri depans asirans pa kouvri. Aplikan yo ta dwe rete an kontak avèk FEMA pou yo rasire yo pwosesis asistans pou katastwòf la ap mache. Enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèk ap lakoz pwosesis la pran tan. Aktyalize enfòmasyon pou kontakte w yo epi deklare domaj anplis yo oswa yon reta nan peye asirans yo lè ou: * Ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/]; * Rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib; oswa * Telechaje aplikasyon FEMA a. POU OU RESEVWA YON LYEN POU TELECHAJE APLIKASYON FEMA A: * Aparèy Apple yo: voye yon mesaj tèks bay APPLE nan 43362 * Aparèy Android yo: voye yon mesaj tèks bay ANDROID nan 43362 * Ale sou fema.gov/about/news-multimedia/app [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app]