DR-4615-NY 003: BYEN PREPARE DOSYE W SOU ASISTANS POU SIKLÒN IDA-NY YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/faq-setting-record-straight-fema-assistance-hurricane-ida-ny] Release Date: Dec 3, 2021 Gen kesyon ki ka soulve pandan rrezidan nan konte BRONX, DUTCHESS, KINGS, NASSAU, ORANGE, QUEENS, RICHMOND, ROCKLAND, SUFFOLK AK WESTCHESTER ki te sibi domaj oswa pèt Siklòn Ida lakoz yo aplike pou asistans pou katastwòf nan FEMA. MEN REPONS AK KESYON YO PLIS POZE PANDAN SEMÈN SA A: KESYON: SIKLÒN IDA TE INONDE APATMAN LOKASYON MWEN AN. ÈSKE FEMA KAPAB EDE MWEN PEYE DEPANS POU MWEN RANPLASE MÈB MWEN PÈDI YO?  Repons: Si ou pa t gen asirans sou pwopriyete pèsonèl ou yo oswa asirans ou an pa t ase pou kouvri domaj Siklòn Ida yo, FEMA ka refere ou ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yo ki bay pwopriyetè kay yo, moun k ap lwe yo ak antrepriz yo prè pou katastwòf la ak ti enterè. Si ou pa kalifye pou yon prè SBA, l ap voye w tounen bay FEMA, sa kapab ouvè pòt pou èd nan kad pwogram Asistans pou Lòt Bezwen FEMA yo. Asistans sa la pou reponn ak bezwen debaz pou moun ki nan kay la, se pa pou restore tout byen pèsonèl yo pou yo vin jan yo te ye anvan katastwòf la. Mèb ansanm avèk aparèy elektwomenaje ki te domaje oswa detwi nan siklòn nan twouve yo pami bagay ki ka kalifye pou yon sibvansyon asistans pou katastwòf. (Tradiksyon an prale la a)   KESYON: LÈT DESIZYON FEMA MWEN AN DI MWEN DWE ACHTE EPI KENBE ASIRANS INONDASYON SOU PWOPRIYET MWEN AN. E SI MWEN PA VLE ACHTE ASIRANS INONDASYON AN? REPONS: Si ou pa chwazi pran epi kenbe asirans inondasyon an, ou dwe refize rekonpans FEMA a epi retounen tout fon asistans pou katastwòf ou te benefisye pou pwopriyete imobilye ak pèsonèl ki asire nan Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon an. Ou genyen 30 jou apati dat lèt desizyon FEMA a pou ou retounen rekonpans ou an epi refize asistans FEMA a. Aprann plis sou pou ki rezon ou bezwen asirans inondasyon ak kòman pou ou achte li sou Floodsmart.gov [http://www.floodsmart.gov]. (Tradiksyon an prale la a)   KESYON: MWEN PA T SOUMÈT YON DEMANN BAY KONPAYI ASIRANS MWEN AN. ÈSKE MWEN KA JWENN ÈD NAN FEMA POU REPARASYON KAY MWEN AN? REPONS: FEMA pa ka ba ou asistans si ou deja genyen kouvèti asirans. FEMA t ap konsidere sa tankou yon "miltiplikasyon avantaj." Ou gen obligasyon pou ou enfòme FEMA sou tout kouvèti asirans ki ka disponib pou ou pou ou reponn ak bezwen katastwòf la lakoz yo. Si ou gen asirans, ou dwe ranpli yon reklamasyon asirans. Aplikan ki asire yo dwe bay dokiman asirans tankou akò asirans lan, avantaj oswa refi yo anvan pou FEMA konsidere kalifikasyon ou pou asistans lan.    KESYON: KONTE MWEN AN PA T NAN DEKLARASYON KATASTWÒF FEDERAL LA. ÈSKE SA VLE DI MWEN PA KA RESEVWA ASISTANS NAN FEMA? REPONS: Wi. Deklarasyon katastwòf la deziyen ki konte nan Eta New York ki kalifye pou resevwa asistans federal. Gen kesyon ki ka soulve pandan rrezidan nan konte BRONX, DUTCHESS, KINGS, NASSAU, QUEENS, RICHMOND, ROCKLAND, SUFFOLK AK WESTCHESTER ki te sibi domaj oswa pèt Siklòn Ida lakoz yo aplike pou asistans pou katastwòf nan FEMA. KESYON: FEMA te voye m ale nan Administrasyon Ti Antrepriz Ameriken yo pou m aplike pou yon prè. SBA di m pa kalifye pou yon prè epi li voye m tounen bòkote FEMA. Kisa k ap fèt kounyea?   REPONS: Si SBA te detèmine ou pa reponn ak kritè pou jwenn prè yo, SBA kapab voye w tounen bòkote FEMA. FEMA pral analize aplikasyon w lan pou detèmine si ou kalifye pou asistans finansyè an dapre pwogram Other Needs Assistance lan. Ou kapab kalifye pou resevwa asistans pou repare oswa ranplase byen pèsonèl, mwayen transpò, depans demenajman ak depo, ak lòt bezwen esansyèl pou ede w nan rekiperasyon w lan. KESYON: KI DOKIMAN M AP BEZWEN POU M APLIKE POU ÈD POU KATASTWÒF FEMA BAY YO? REPONS: Ekonomize tan w lè w ap ranpli aplikasyon w lan ak enfòmasyon sa yo nan men w: * Non w ak Nimewo Sekirite Sosyal ou  * Non ak Nimewo Sekirite Sosyal nenpòt lòt kandida segondè oswa ko-aplikan * Adrès ou gen kounye a ak adrès kote w te rere anvan katastwòf la * Non tout moun ki te nan fwaye a anvan katastwòf lan * Enfòmasyon sou nimewo, adrès ak imèl ou gen kounye a * Tip asirans fanmi an posede * Revni brit fanmi an pou chak ane avan katastwòf lan * Pèt katastwòf la lakòz * Enfòmasyon bankèpou depo dirèk oswa asistans finansyè, si yo mande w li. KESYON: KISA FEMA KONSIDERE KÒM MOUN K AP VIV NAN MENM KAY? ÈSKE NOU TOUT DWE GEN MENM SAN? REPONS: Chak granmoun ak timoun ki te rete nan kay la anvan katastwòf la se yon manm nan kay ou, menm si yo pa gen okenn relasyon antre yo. Nou konsidere yon timoun ki abite avèk ou, men ki al lekòl, kòm yon manm fanmi w tou. Chak fwaye dwe ranpli yon sèl aplikasyon pou asistans pou katastwòf nan FEMA. KESYON. E SI MWEN GEN YON LOKATÈ KI LWE YON CHANM EPI KI PA FÈ PATI FANMI AN? REPONS: Yon lokatè ki lwe yon chanm oswa yon apatman separe lakay ou ka aplike separeman si lokatè a ka montre li genyen yon relasyon komèsyal avèk ou. Se yon lòt fason pou n di w ke lokatè a dwe genyen yon kontra lwaye alekri oswa yon akò lojman ki te anvigè anvan katastwòf la. KESYON. ÈSKE M AP OBLIJE PEYE TAKS SOU LAJAN MWEN RESEVWA NAN MEN FEMA A? REPONS: Yo pa konsidere sibvansyon FEMA yo kòm revni epi ou p ap peye taks sou yo. Sa p ap afekte kalifikasyon w pou Medicare, Medicaid oswa Sekirite Sosyal. KESYON. ESKE M KA PRAN VAKANS AK LAJAN M RESEVWA NAN FEMA A? REPONS: Absoliman pa. Lèt detèminasyon FEMA ou a ap esplike w kijan ou ka itilize lajan ou resevwa yo. Lè w mal itilize sibvansyon FEMA pou katastwòf ou a ou komèt yon krim federal ki ka lakòz w al nan prizon, peye amann oswa toude. Pou denonse de fason anonim yon moun k ap mal itilize fon FEMA a, rele 866-720-5721 oswa voye yon imèl StopFEMAFraud@fema.dhs.gov. KI ENFÒMASYON MWEN DWE KONSÈVE KÒM DOKIMAN KI BAY PRÈV DEPANS MWEN FÈ POU KATASTWÒF YO? REPONS: Kenbe yon prèv alekri. Konsève nenpòt resi ou genyen pou depans ki gen rapò ak katastwòf yo, tankou estimasyon reparasyon, kontra, bòdwo ak peman ki gen rapò dirèkteman ak domaj katastwòf la te pwovoke. Sere dokiman sa yo yon kote ki an sekirite epi konsève yo pandan omwen twazan. KESYON: ÈSKE M DWE TANN FEMA FÈ ENSPEKSYON KAY LA ANVAN LI KÒMANSE REPARASYON YO? REPONS: Non. Ou pa bezwen tann FEMA fè enspeksyon anvan yo kòmanse reparasyon. Premyèman, depoze yon reklamasyon nan konpayi asirans ou an epi aplike pou èd FEMA. Depi ou pa genyen asirans oswa kouvèti asirans ou pa sifi pou rann kay ou san danje, vivab epi fonksyonèl, FEMA kapab ede w. Voye kopi dokiman asirans ou, pwoteksyon, regleman epi/oswa let konfimasyon pou FEMA, epi kenbe resi, kontra, epi kalkil domaj katastwòf la fè pou ou montre responsab FEMA a. Responsab a pral di w kilè pou ou voye yo nan FEMA. KESYON: M GENTAN APLIKE POU ÈD FEMA. ÈSKE FEMA PRAL RANBOUSE M DEPANS KI TE FÈT POU NETWAYAJ KAY MWEN APRE SIKLÒN IDA AN? REPONS: Pwopriyetè kay ak lokatè yo te apwouve pou asistans FEMA kapab kalifye pou yon peman inik sou menm pi piti dega siklòn lan fè nan kay la, pou elimine enkyetid sekirite potansyèl yo epi prevni pèt adisyonèl. KESYON: FEMA TE REFERE M BA ADMINISTRASYON TI BIZNIS ETAZINI YO, MEN M PA KAPAB MANDE YON PRÈ. KISA MWEN TA DWE FÈ? Repons: Depi ou mande FEMA èd pou katastwòf epi yo refere w bay Administrasyon Ti Biznis Etazini yo, li enpòtan pou w konplete epi voye demand prè SBA a. Si ou kalifye pou yon prè, ou pa oblije aksepte li. Lè ou fin aplike, SBA pral detèmine si yo ap voye w bay FEMA pou yo konsidere w pou Lòt Asistans Bezwen, tankou ranplase atik menaje ki esansyèl yo epi lòt èd ki lye ak katastwòf la. Pou plis enfòmasyon, rele Sant Sèvis Kliyan nan 800-659-2955 oswa imèl DisasterCustomerService@sba.gov KESYON: M SE YON PWOPRIETÈ EPI M AP VIV NAN YON APATMAN. ÈSKE M KALIFYE POU ÈD FEMA AN? REPONS: Depi ou rete nan youn nan nèf konte yo chwazi pou resevwa èd nan moman katastwòf Ida a epi yon asirans pa te kouvri dega kay ou, ou kapab benefisye kèk èd nan FEMA. Premyèman, depoze yon reklamasyon nan konpayi asirans ou epi mande èd FEMA. Voye kopi kouvèti asirans ou an, règleman epi lèt konfimasyon FEMA a. Ajans lan pral revize enfòmasyon yo epi detèmine ki tip èd ou kalifye pou li a. Domaj ki lie ak katastwòf lan kapab aparèy, enstalasyon, plombri, aparèy manaje kay la. KESYON: APATMAN M LWE A NAN REPARASYON APRE LI TE SIBI DEGA APRE SIKLÒN IDA AN EPI M PA KAPAB VIV LA ANKÒ. ÈSKE FEMA KAPAB EDE M PEYE POU YON TI TAN YON KOTE POU M VIV? REPONS: Depi apatman ou an nan youn nan nèf konte yo chwazi pou resevwa èd nan moman katastwòf Ida a, ou kapab benefisye yon èd nan FEMA pou peman kay ou. Kòb sa kapab ede w peye depans depo garanti, lwaye kay yo ak sèvis piblik ki nesesè tankou kouran epi gaz pandan yo ap repare kay ou a. AK DAT LIMIT LA K AP PWOCHE POU W APLIKE POU ÈD FEMA POU KATASTWÒF, MEN KI JAN OU KA APLIKE * Vizite DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov], itilize aplikasyon mobil oswa rele nan LIY FEMA nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Liy sèvis yo ouvè depi 8 a.m. jiska 7 p.m chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an. * Ou kapab vizite yon Sant Rekouvreman pou Katastwòf epi reponn ak ekip FEMA ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans estatal ki kapab founi enfòmasyon sou èd pou katastwòf. Men lyen dirèk pou Sant Rekiperasyon pou Katastwòf ki nan vil New York yo:https://www.fema.gov/locations/new%20york#drc. Pou plis resous anliy ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, ale sou DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov] epi klike sou "Enfòmasyon.” Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon New York, vizite fema.gov/disaster/4615 [https://www.fema.gov///C:/Users/yblackma/AppData/Local/Microsoft/Windows/INetCache/Content.Outlook/S202WAWW/fema.gov/disaster/4615]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 [http://twitter.com/FEMARegion2] ak sou Facebook nan facebook.com/FEMA/ [https://u7061146.ct.sendgrid.net/ls/click?upn=TeZUXWpUv-2B6TCY38pVLo9jw1V-2Bo5zjnJlDYvuv2Uss9fUVdD4qLUR5g5P6aeNyAlWOKN_LMDzpl4Nq0l0W7twxHuEzy-2BkxlPg1d7K-2BpAa67OMQF5aA3Z72-2FXM6Bwrk4PgC4ALq-2FN1KZFbq0dIvnjAHIkenOosVeIy4jryNdFhuuVQTvMNeSZQoq3SlT5fPNb9sLEVqccFjBpGLgekSvXV4V4hRGXKdRoDwH7rTrfqYkkwnBGBQ7mTam70ypCa7vTSGgQPx3VU-2BsGnPThHbfDLBkZWFlMiQwx8seofD3qtXHJlJ4IB4EF6LVlCG5HnEzQtAAkMrLOBTy9t4Vb7B3fmmefuNpMnUhT-2Fjwku7Jg2LYMW7EUDxOK70xI4UAjuhp332OxfRqkwLThQXmMBpNL4AL1zHZnUDpnOkYUu-2B-2BxUfTtmne8-3D].