DE MWA APRE SIKLÒN IDA, NEW YORK BENEFISYE YON FINANSMAN FEDERAL POU GAZ KI RIVE NAN $279 MILYON [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211110/279-million-federal-funding-fuels-new-york-two-months-after-hurricane-ida] Release Date: November 8, 2021 NEW YORK – Lè rès Siklòn Ida te frape Nòdès, Nouyòkè yo te sezi jan li vyolan. Dlo inondasyon te devèse nan yon estasyon tren nan Vil New York, transfòme lari tankou yon rivyè epi rann seksyon gòch Otowout Brooklyn Queens lan enpratikab. Siklòn lan te devèse 3 pous lapli chak inèdtan nan kèk pati nan vil lan. Pandan li t ap travèse sid New York avèk lokalite ki lwen nan nò ak lès, Ida te detwi kay, biznis avèk ekipman enpòtan. Dènye gwo tanpèt New York la te montre klè tou rego avèk enfrastrikti dlo lapli vil la ki aje yo pa t ap kapab sipòte avèk fòs Ida. Li te ogmante tou enkyetid ki ap grandi sou chanjman nan klima avèk efè li sou Nouyòkè yo (New Yorkers). Nouvèl yo avèk pòs medya sosyal yo te revele fatig yo sou grandè a avèk ogmantasyon frekans tanpèt destriktif yo.  Sepandan, ofisyèl leta, federal avèk lokal yo te mete tèt yo ansanm rapidman pou lanse yon efò rekiperasyon moun ki te viktim yo. Apati 8 novanm, FEMA avèk U.S. Small Business Administration te apwouve $279.9 milyon dola nan asistans federal pou Nouyòkè (New Yorkers) ki te afekte nan tanpèt la. Ofisyèl katastwòf yo te fè li yon pi gwo priyorite pou ede popilasyon ki pi mal desèvi yo, moun yo pan jan vire gade yo. Nan de mwa Ida te frape depi 1ye septanm, lidè kominotè yo te mete ansanm avèk ajans san bi likratif ak ajans volontè yo, Jesyon Ijans Vil Nouyòk, Divizyon Sekirite Nasyonal ak Sèvis Ijans Eta New York ak Ajans Federal Jesyon Ijans nan yon estrateji anbisye pou ede. Nouyòkè yo. Efò kowòdone yo te kòmanse repare domaj nan zòn ki afekte yo epi bay sivivan yo lojman, asistans finansye pou pèman lokasyon tanporè avèk lot avantaj lè ou pap travay ansanm avèk manje, swen sante, asistans legal ak sante mantal.afekte Nouyòkè yo te apwouve pou plis pase $142.1 milyon dola nan asistans FEMA pou katastwòf ki genyen ladan $129 milyon dola nan Asistans Lojman avèk $13.1 milyon dola nan pwogram Asistans Lòt Bezwen FEMA a. Gouvènè New York Kathy Hochul ak Majistra Vil New York, Bill de Blasio, atravè Biwo Eta New York pou Nouvo Ameriken yo, te etabli yon fon $27 milyon pou moun ki san papye yo ki pa kalifye pou Asistans Endividyèl FEMA. Espesyalis nan Biwo pou Nouvo Ameriken yo kapab kominike nan plis pase 200 lang. Administrasyon Ti Biznis, ki gen prè pou katastwòf yo se pi gwo sous federal pou pwopriyetè kay, lokatè, biznis ak sèten òganizasyon san bi likratif, te apwouve $137.7 milyon dola nan prè kay ak biznis pou sivivan Siklòn Ida yo nan de dènye mwa yo. Dapre gwo katastwòf Ida te fè Prezidan Biden te apwouve 5 septanm nan, moun ki abite nan zòn  BRONX, DUTCHESS, KINGS, NASSAU, QUEENS, RICHMOND, ROCKLAND, SUFFOLK AVÈK WESTCHESTER te kalifye pou aplike pou Pwogram moun sèl avèk Kay FEMA a. Li bay asistans finansye avèk sèvis dirèk bay pwopriyetè kay avèk lokatè ki elijib yo ki pa genyen asirans oswa ki pa genyen asirans pou depans ki nesesè yo avèk bezwen grav kòm yon rezilta rapid pou sinistre yo. Eta New York ak FEMA pa etranje nan efò kolaborasyon an. Plizyè tanpèt ak inondasyon nan dènye ane yo te redwi seryezman kapasite eta a pou finanse efò rekonstriksyon yo, dapre demann Hochul te fè pou yon deklarasyon ijans federal te fè anvan Ida rive. Rezilta a se yon relasyon travay pi sere ant patnè federal avèk leta yo. Touswit apre yo te deklare katastwòf federal la, FEMA te mennen an premye prèske 400 anplwaye nan vil New York pou ede nan efò rekiperasyon an. Anplwaye adisyonèl ta bay sipò a distans. Nan semèn ki sot pase yo, ajans federal la te kòmanse konplete anplwaye li yo lè li te bay Nouyòkè yo yon travay tanporè. “FEMA rete angaje l pou l ede rezidan sid New York yo pandan y ap netwaye epi repare domaj siklòn Ida yo,” te deklare Ofisye Kowòdinasyon Federal Lai Sun Yee, ki ap dirije efò federal la. “Nou kontinye travay avèk Eta New York, Vil Nouyòk avèk lòt administratè ijans lokal yo pou ede kominote yo rekipere epi adrese kèk nan defi inik nou rankontre isit la.”   Vil New York se pi gwo zòn metwopolitèn nan peyi a ak kèk nan katye ki pi divèsifye nan mond lan. Kòm yon pati nan angajman FEMA pou asire avèk ekite nan livrezon asistans bay sivivan yo ak kominote ki pi mal sèvi yo nan New York, sèvis tradiksyon ekri ajans lan pèmèt yo bay mesaj yo nan jiska 25 lang tankou arab, Bengali, Chinwa senplifye, Gujarati. Kirundi , Swahili, Tagalog avèk Yiddish. Sèvis entèpretasyon telefòn FEMA a kapab kominike nan 117 lang. Epi FEMA sèvi tout moun avèk ekite nan tout fason. Tout sivivan katastwòf New York yo, ki genyen ladan moun ki genyen andikap avèk bezwen aksè fonksyonèl, gen aksè egal a enfòmasyon sou pwogram federal asistans pou katastwòf epi aplike nan pwogram federal yo. FEMA te louvri sant rekiperasyon pou katastwòf nan zòn ki afekte yo, kote rezidan yo kapab rankontre avèk anplwaye FEMA yo ak reprezantan lòt ajans federal avèk eta yo epi resevwa enfòmasyon nan lòt fòma tankou Bray, gwo lèt, odyo avèk vèsyon elektwonik. Sant rekiperasyon mobil yo te vizite kominote yo epi ekip asistans pou sivivan katastwòf yo te frape plis pase 87,000 pòt nan katye ki afekte yo, yo ofri yo ede pou moun aplike epi bay enfòmasyon sou pwogram yo. Pandan Nouyòkè yo ap travay pou repare domaj gwo lapli avèk inondasyon Siklòn Ida yo, prepare kay yo ak biznis yo pou pwochen katastwòf yo enpòtan tou pou rekiperasyon an. Kòm rezilta, FEMA kontinye edike rezidan yo nan zòn ki te genyen inondasyon yo sou reparasyon kay yo avèk pi byen pwoteje tèt yo anvan pwochen katastwòf la. Espesyalis pou diminye risk yo ap vizite magazen amelyorasyon kay nan zòn ki te pi afekte yo pou pataje konsèy avèk teknik pou bati kay ki reziste. Menm lè efò rekiperasyon yo ap pwogrese avèk atansyon bonè konsantre sou ede moun ak fanmi yo, sou yon chemen paralèl pwogram Asistans Piblik FEMA a, pi gwo sous asistans pou ajans gouvènman esansyèl yo, enstitisyon piblik yo avèk sèten òganizasyon prive tankou kay adore (houses of worship), ap kòmanse pran fòm. Deklarasyon katastwòf federal la te deziyen zòn  BRONX, DUTCHESS, KINGS, NASSAU, NEW YORK, ORANGE, PUTNAM, QUEENS, RICHMOND, ROCKLAND, SUFFOLK, SULLIVAN AK WESTCHESTER pou asistans Piblik. Pwogram pou pataje pri a bay sibvansyon pou ranbouse aplikan ki elijib yo nan konte Asistans Piblik deziyen yo pou depans ki elijib pou retire debri, mezi pwoteksyon ijans ak travay pèmanan pou repare oswa ranplase enstalasyon ki andomaje nan katastwòf la. Apati 8 novanm, anviwon 197 aplikan yo te elijib pou soumèt pwojè ki ta retabli enstalasyon ki te domaje yo nan konsepsyon ak fonksyon yo anvan katastwòf yo, ki gen ladan kòd ak estanda ki aplikab ak obligatwa federal la. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou efò rekiperasyon Siklòn Ida New York yo, vizitefema.gov/disaster/4615 [http://fema.gov/disaster/4615]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 [https://twitter.com/femaregion2] epi facebook.com/fema [https://u7061146.ct.sendgrid.net/ls/click?upn=TeZUXWpUv-2B6TCY38pVLo9jw1V-2Bo5zjnJlDYvuv2Uss9fUVdD4qLUR5g5P6aeNyAlWOKN_LMDzpl4Nq0l0W7twxHuEzy-2BkxlPg1d7K-2BpAa67OMQF5aA3Z72-2FXM6Bwrk4PgC4ALq-2FN1KZFbq0dIvnjAHIkenOosVeIy4jryNdFhuuVQTvMNeSZQoq3SlT5fPNb9sLEVqccFjBpGLgekSvXV4V4hRGXKdRoDwH7rTrfqYkkwnBGBQ7mTam70ypCa7vTSGgQPx3VU-2BsGnPThHbfDLBkZWFlMiQwx8seofD3qtXHJlJ4IB4EF6LVlCG5HnEzQtAAkMrLOBTy9t4Vb7B3fmmefuNpMnUhT-2Fjwku7Jg2LYMW7EUDxOK70xI4UAjuhp332OxfRqkwLThQXmMBpNL4AL1zHZnUDpnOkYUu-2B-2BxUfTtmne8-3D].