APRE ENSKRIPSYON AN, ENSPEKSYON LOJMAN FEMA SE PWOCHEN ETAP LA [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/after-registering-fema-housing-inspection-next-step] Lè w ap aplike nan FEMA, ou ka te rapòte domaj kay ou a. Si se konsa, yon enspektè lojman FEMA ka kontakte ou epi pran yon randevou pou ale nan kay ou a oswa apatman ou an pou evalye domaj la. Si ou se yon sivivan ki sibi domaj minim ki ka viv nan kay ou a, yo p ap pwograme otomatikman enspeksyon kay la lè w ap aplike pou èd FEMA a. Olye de sa, w ap resevwa yon lèt nan men FEMA ki eksplike ou ka rele Liy Dirèk FEMA a pou mande yon enspeksyon si ou jwenn domaj katastwòf lakòz sou kay ou a apre ou fin aplike pou jwenn èd la. Si ou gen nenpòt kesyon, ou ka toujou kontakte rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362. Pou TTY rele 800-462-7585. AK KISA MWEN DWE ATANN MWEN NAN JOU ENSPEKSYON AN? * Yon enspeksyon evalyasyon nesesite jeneralman 20 jiska 40 minit anplen. Li enpòtan pou ou kenbe randevou ou oswa enfòme enspektè a si li nesesè pou ranvwa l. * Lè li rive pou fè evalyasyon an, enspektè FEMA a ap montre yon badj idantifikasyon ofisyèl FEMA ki gen foto ladan. Si badj idantifikasyon ki gen foto ladan an pa vizib, li enpòtan pou ou mande pou wè li. Sa ede anpeche fwod. * Si ou se yon mèt kay, y ap mande w pou montre prèv pwopriyete: Fakti taks, DEED, resi peman ipotèk oswa kontra asirans, ak non aplikan an, ak adrès pwopriyete ki andonmaje a sou dokiman an. _ENSPEKTÈ A PRAL SÈLMAN MANDE ENFÒMASYON SA A SI FEMA PA T DEJA VERIFYE LI._ * Si se yon lokatè, ou dwe montre prèv lokasyon: Kontra lwaye a oswa resi peman lwaye a, bòdwo sèvis piblik oswa yon lòt dokiman ki konfime kay la oswa apatman an te rezidans prensipal ou ant 1ye jiska 3 Septanm 2021. _ENSPEKTÈ A PRAL SÈLMAN MANDE ENFÒMASYON SA A SI FEMA PA T DEJA VERIFYE LI._ * Tout aplikan yo dwe montre yon lisans chofè, paspò oswa lòt idantifikasyon foto ki valab. * Enspektè lojman FEMA a pral verifye domaj ak inondasyon tanpèt lakòz sou estrikti kay ou a, sistèm bilding ak gwo aparèy elektwomenaje yo. Enspektè a pral antre enfòmasyon yo elektwonikman nan yon òdinatè pòtab. Òdinatè a deja gen yon dosye ak nimewo enskripsyon ou an ak lòt enfòmasyon. Travay enspektè a se gade domaj ou te siyale yo epi dokimante li. ENSPEKTÈ FEMA YO PA: * Detèmine kalifikasyon ou pou èd oswa ofri estimasyon reparasyon. * Bay antreprenè espesifik travay oswa apwouve yo pou repare kay oswa rekòmande reparasyon. * Mande aplikan an enfòmasyon bankè oswa lòt enfòmasyon pèsonèl. * Pote lajan, oswa mande oswa aksepte peman. Sivivan katastwòf la ak andikap ki gen rapò ak kominikasyon—moun ki soud oswa ki genyen difikilte pou tande, avèg oswa ki gen vizyon ki ba, ak moun ki gen andikap lapawòl—ka mande akomodasyon rezonab pou ede nan kominikasyon. Pa egzanp, sivivan yo ka mande yon entèprèt Lang Siy Ameriken. Ou ka mande akomodasyon lè w rele 800-621-3362 (TTY 800-462-7585) Yon fwa yo pwograme enspeksyon an. KONSÈY ENPÒTAN POU APLIKAN YO * Ou pa bezwen rete tann pou yon enspeksyon lojman FEMA anvan ou fè reparasyon ki nesesè sou pwopriyete ki andonmaje w la. * Byen dokimante pèt yo. Pran foto tout domaj ki fèt sou pwopriyete a ak gwo aparèy yo, epi kenbe resi tout acha ak depans ki gen rapò ak katastwòf la. * Rete an kontak avèk FEMA apre enskripsyon an. Si adrès oswa nimewo telefòn yo chanje, mete FEMA ajou leplivit posib. Enfòmasyon ki manke oswa ki fo ka lakòz reta nan pwosesis pou jwenn yon enspeksyon kay oswa resevwa èd. YON DÈNYE BGAY Yon fwa ou te aplike pou jwenn èd federal, ou ka resevwa yon aplikasyon prè pou katastwòf nan Administrasyon Ti Biznis Ozetazini (Small Business Administration, SBA). Li enpòtan anpil pou ranpli epi soumèt aplikasyon prè a, menm si ou panse ou pa ka kalifye pou yon prè oswa menm si ou pa bezwen yon prè SBA pou katastwòf ki pa gen gwo enterè. Ou ka ranpli aplikasyon an sou entènèt sou DisasterLoanAssistance.sba.gov/ela/s/ [https://disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/]. An reyalite, yo ka oryante pwopriyetè kay ak lokatè ki pa kalifye pou yon prè nan SBA, nan yon pwogram Lòt Bezwen Èd (Other Needs Assistance, ONA) FEMA. ONA ka gen ladan sibvansyon pou ede peye pou reparasyon oswa ranplasman mèb nan kay la, machin ak kèk aparèy. Depans medikal, dantè ak fineray ka kalifye nan kad pwogram ONA a.