JWENN KONSÈY SOU REPARASYON KAY NAN DAT 1YE RIVE 6 NOVANM NAN LOWE'S NAN QUEENS [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211029/get-home-repair-advice-nov-1-6-lowes-queens] Release Date: October 29, 2021 NEW YORK - Pandan moun New York yo tap repare ak rekonstwi kay yo, FEMA te asosye avèk magazen amenajman kay Lowe's yo nan Staten Island pou bay enfòmasyon ak konsèy gratis sou kòman pou fè kay katastwòf natirèl te kraze yo vin pi solid ak pi an sekirite. Espesyalis FEMA yo ap disponib nan kote ki endike anba a pou reponn kesyon epi ofri konsèy ak teknik pou bati kay ki reziste ak danje pou ede anpeche oswa diminye domaj nan katastwòf yo. Majorite enfòmasyon yo konsantre sou travay moun ka fè poukont yo ak kontraktè jeneral yo. Konseye FEMA pou Rediksyon Danje yo disponib LENDI 1YE NOVANM RIVE SAMDI 6 NOVANM: LOWE’S 253-01 ROCKAWAY BLVD. ROSEDALE, NY 11422 LÈ FONKSYONMAN: 9 A.M. JISKA 6 P.M. Livrè referans gratis ki gen enfòmasyon sou pwoteje yon kay kont domaj inondasyon ap disponib tou pou sivivan yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwoteksyon pwopriyete nan fema.gov/emergency-managers/risk-management [https://www.fema.gov/emergency-managers/risk-management]. Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615 [http://www.fema.gov/disaster/4615]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 [https://twitter.com/femaregion2] epi facebook.com/fema [https://u7061146.ct.sendgrid.net/ls/click?upn=TeZUXWpUv-2B6TCY38pVLo9jw1V-2Bo5zjnJlDYvuv2Uss9fUVdD4qLUR5g5P6aeNyAlWOKN_LMDzpl4Nq0l0W7twxHuEzy-2BkxlPg1d7K-2BpAa67OMQF5aA3Z72-2FXM6Bwrk4PgC4ALq-2FN1KZFbq0dIvnjAHIkenOosVeIy4jryNdFhuuVQTvMNeSZQoq3SlT5fPNb9sLEVqccFjBpGLgekSvXV4V4hRGXKdRoDwH7rTrfqYkkwnBGBQ7mTam70ypCa7vTSGgQPx3VU-2BsGnPThHbfDLBkZWFlMiQwx8seofD3qtXHJlJ4IB4EF6LVlCG5HnEzQtAAkMrLOBTy9t4Vb7B3fmmefuNpMnUhT-2Fjwku7Jg2LYMW7EUDxOK70xI4UAjuhp332OxfRqkwLThQXmMBpNL4AL1zHZnUDpnOkYUu-2B-2BxUfTtmne8-3D].