SANT REKIPERASYON DEZAS MOBIL FEMA A VIZITE BRONX [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/fema-mobile-disaster-recovery-center-visits-bronx] Release Date: Oct 27, 2021 Yon Sant Rekiperasyon Dezas Mobil FEMA genyen pral vizite Bronx 29 Oktòb pou rive premye (1) Novanm, pou ede sivivan Siklòn Ida yo aplike pou asistans Dezas FEMA a epi jwenn repons pou kesyon yo. Sivivan yo ka vizite inite mobil yo epi rankontre avèk anplwaye FEMA yo ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans eta yo. Yo ka jwenn èd pou telechaje dokiman yo tou. Reprezantan ki soti nan Administrasyon Ti Biznis Ameriken an (U.S. Small Business Administration) ap disponib tou pou eksplike kijan pou aplike pou prè pou dezas ak enterè ki ba pou pwopriyetè kay, lokatè, antrepriz ak òganizasyon ki pa la pou fè pwofi. Inite mobil lan pral vizite: Konte Bronx -- 9 A.M. JISKA 5 P.M. AILEEN B. RECREATIONAL COMPLEX nan Pelham Bay Park Middletown Road ak Stadium Avenue Bronx, NY 10465 VANDREDI 29 OKTÒB JISKA LENDI 1YE NOVANM (Y AP FÈMEN DIMANCH 1 OKTÒB) Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant rekiperasyon pou jwenn èd. Ou kapab aplike anliy sou DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov], itilize aplikasyon mobil oswa rele nan LIY FEMA nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy Asistans yo disponib apati 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou jwenn yon entèprèt ki pale lang ou. Dat limit pou aplike pou asistans dezas FEMA a se LENDI 6 DESANM. Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan New York lan, ale sou fema.gov/disaster/4615 [http://www.fema.gov/disaster/4615]. Swiv FEMA sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion2 [https://twitter.com/femaregion2] epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema [https://u7061146.ct.sendgrid.net/ls/click?upn=TeZUXWpUv-2B6TCY38pVLo9jw1V-2Bo5zjnJlDYvuv2Uss9fUVdD4qLUR5g5P6aeNyAlWOKN_LMDzpl4Nq0l0W7twxHuEzy-2BkxlPg1d7K-2BpAa67OMQF5aA3Z72-2FXM6Bwrk4PgC4ALq-2FN1KZFbq0dIvnjAHIkenOosVeIy4jryNdFhuuVQTvMNeSZQoq3SlT5fPNb9sLEVqccFjBpGLgekSvXV4V4hRGXKdRoDwH7rTrfqYkkwnBGBQ7mTam70ypCa7vTSGgQPx3VU-2BsGnPThHbfDLBkZWFlMiQwx8seofD3qtXHJlJ4IB4EF6LVlCG5HnEzQtAAkMrLOBTy9t4Vb7B3fmmefuNpMnUhT-2Fjwku7Jg2LYMW7EUDxOK70xI4UAjuhp332OxfRqkwLThQXmMBpNL4AL1zHZnUDpnOkYUu-2B-2BxUfTtmne8-3D]