ATANSYON AK MOUN KI AP FÈ FWOD AK ESKWO YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/beware-fraud-and-scam-artists-2] Release Date: Oct 4, 2021 Apre fin gen yon katastwòf, magouyè, moun k ap vòlè idantite lòt moun epi lòt kalite kriminèl, souvan pwofite pran avantaj sou sivivan katastwòf yo. Ofisyèl federal ak ofisyèl eta ki responsab jesyon ijans yo, ankouraje rezidan yo pou yo siveye epi rapòte nenpòt aktivite ki parèt yon jan sispèk. Gen yon seri atoufè ki ka eseye pwofite pran avantaj sou sivivan ki vilnerag yo, lè yo pran pòz yo se ajan ofisyèl ki la pou ede moun akoz katastwòf la oswa yo menm pran pòz yo se manm fanmi k ap eseye ede sivivan yo fin ranpli aplikasyon yo. Pratik fwod moun pi souvan jwenn apre yon katastwòf, gen ladan: FO ÒF POU ÈD ETA OSWA POU ÈD FEDERAL: Ajan federal ak ajan eta yo pa mande lajan ni pa aksepte lajan. Manm pèsonèl FEMA ak Administrasyon Ti Biznis nan Etazini an pa janm mande moun k ap aplike pou asistans katastwòf, pou enspeksyon oswa pou èd, lajan pou yo ka ranpli aplikasyon yo. FO ENSPEKTÈ LOJMAN YO: Lè yon katastwòf rive, aplikan yo ka fasilman sibi atak yon seri fo enspektè lojman, k ap di yo se reprezantan FEMA ki la pou enspekte domaj ki fèt yo. Mande pou w wè badj idantifikasyon enspektè a. Tout manm pèsonèl FEMA yo ak tout kontraktè yo, pral gen yon pyès idantite ofisyèl ki avèk foto epi ki plastifye. Enspektè lojman yo gen nimewo enskripsyon chak aplikan ki genyen nèf (9) chif FEMA ladan l. Enspektè ki sou teren yo ka itilize diferan kalite metòd kominikasyon pou kontakte aplikan yo. Enspektè yo ka rele avèk telefòn gouvènman an ba yo a oswa avèk telefòn selilè pèsonèl yo, kidonk, aplikan yo ka resevwa apèl ki soti nan diferan kòd rejyonal. Enspektè yo kapab kontakte pa mesaj tèks ak imèl tou, avèk enfòmasyon kontak aplikan bay nan aplikasyon FEMA yo. Men enspektè yo pa janm mande lajan pou fè yon enspeksyon. Li posib pou yon reprezantan FEMA oblije kontakte ou pou li ka verifye done pèsonèl yo. Ou ta dwe mande yon nimewo idantifikasyon FEMA. Si ou pa sèten sou idantite moun ki rele a oswa ou sispèk yon moun ki di li se yon enspektè lojman FEMA voye, rele LIY DIRÈK FEMA A NAN 800-621-3362 (711 / VRS) . Liy yo louvri jou chak semèn, soti 8 a.m. pou rive 7 p.m. epi kapab konekte w ak yon espesyalis ki pale lang ou. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo, sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. FO AJAN GOUVÈNMAN YO: Yon seri magouyè ka kontakte w epi yo ka pran pòz yo se ajan pou katastwòf k ap chache jwenn lajan pou bay sèvis. Ajan federal, ajan eta ak ajan lokal yo konsènan katastwòf la, pa mande lajan ni pa aksepte lajan. Epitou, anplwaye federal pou katastwòf yo, p ap pwomèt ou yon sibvansyon pou katastwòf. FO DEMANN POU ZAFÈ ZÈV CHARITE: Gen yon lis òganizasyon ki gen bon repitasyon nan fè zèv charite ke Better Business Bureau’s Wise Giving Alliance (BBB Wise Giving Alliance) apwouve epi ki disponib sou Give.Org [http://www.give.org/]. Kriminèl yo eksplwate sivivan yo, lè yo annik voye fo kominikasyon atravè imèl oswa medya sosyal ak lè yo annik kreye fo sit entènèt ki fèt pou mande moun kontribisyon. Alliance konseye: "Pa reponn a Imèl moun ou pa te mande kontakte ou. Veye ak bann demachè pa telefòn k ap fòse w yo epi siveye bann fo zèv charite ki sanble se bonjan bagay yo ye sitou lè yo itilize non ki sanble ak lòt sa ki bon yo." Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w evite pran nan magouy k ap mande w pou bay nan zèv charite yo, ale sou sit entènèt Komisyon Federal Komès la nan Alèt pou Magouy [https://usfema-my.sharepoint.com/personal/0376056852_fema_dhs_gov/Documents/Documents/00-4615%20NEW%20YORK/4615%20Products/Fact%20Sheets/Scam%20Alerts]. ANONS MAGOUY LOKASYON YO: Komisyon Komès Federal la gen enfòmasyon sou fason anons magouy lokasyon an fonksyone. Pa egzanp, magouyè yo konnen zafè jwenn bon apatman an oswa bon lokasyon pou vakans la ka difisil, epi li difisil pou kite yon bon afè konsa pase san w pa pwofite li. Jwenn plis enfòmasyon nan Magouy pou Lis Lokasyon [https://usfema-my.sharepoint.com/personal/0376056852_fema_dhs_gov/Documents/Documents/00-4615%20NEW%20YORK/4615%20Products/Fact%20Sheets/Rental%20Listing%20Scams]. FÈ ATANSYON AK KONTRAKTÈ KI SAN LISANS/SAN ASIRANS: Souvan apre yon katastwòf, gen moun ki vin reprezante tèt yo kòm kontraktè ki legal. Mande yo referans, pran prekosyon pou w pa nan peye davans, epi asire w ke yo gen lisans epi yo gen pèmi ki apwopriye yo. Anvan ou anboche yon kontraktè amelyorasyon kay, tcheke si kontraktè a gen lisans oswa anrejistre nan konte ou a: * VIL NEW YORK : https://www1.nyc.gov/site/dca/consumers/check-license.page     * KONTE NASSAU: Lisans / Enskripsyon | Konte Nassau, NY - Sit wèb ofisyèl (nassaucountyny.gov) [https://www.nassaucountyny.gov/1563/Licensing-Registrations] * KONTE SUFFOLK: https://www.suffolkcountyny.gov/Departments/Consumer-Affairs * KONTE ROCKLAND: http://rocklandgov.com/departments/consumer-protection-weights-and-measures/licensed-businesses * KONTE WESTCHESTER: https://consumer.westchestergov.com/trades/find-a-licensed-contractor Si ou okouran de fwod, gaspiyaj, oswa abi, ou ka rapòte yo - 24 sou 24, sèt (7) jou sou sèt (7) - nan Liy Dirèk FEMA pou Fwod nan kad Katastwòf la nan 866-720-5721 oswa voye yon imèl nan Disaster@leo.gov. Si ou panse ou menm oswa yon manm fanmi ou te viktim anba yon magouy oswa te viktim vòl idantite, rapòte li imedyatman bay lapolis lokal ou a oswa depatman cherif la, oswa kontakte biwo Pwokirè Jeneral eta New York la: * Liy Dirèk pou Pwoteksyon Konsomatè a se 800-697-1220 * https://www.ny.gov/agencies/division-consumer-protection * https://dos.ny.gov/file-consumer-complaint Pou referans nan ajans ki sipòte bezwen kominote-espesifik, rele 211 oswa vizite https://www.211nys.org/contact-us. Pou rezidan Vil New York, rele 311. Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615 [http://www.fema.gov/disaster/4615]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 [http://www.twitter.com/femaregion2] epi facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].