FEMA SOU TEREN AN: ASISTANS POU SINISTRE KATASTWÒF AK SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/fema-field-disaster-survivor-assistance-and-disaster-recovery-centers] Release Date: Oct 2, 2021 FEMA ap soutni sinistre ak kominote yo apre katastwòf yo pandan li ap itilize plizyè zouti, ekip, ak estrateji pou ede pandan operasyon sekou ak retablisman yo. ÈD POU SINISTRE KATASTWÒF (DISASTER SURVIVOR ASSISTANCE DSA) Ekip pou Èd pou Sinistre Katastwòf (DSA) ale nan kominote yo kèk jou, pafwa kèk èdtan, apre yon katastwòf. Yo souvan pwomennen nan zòn afekte yo oswa fè ti gwoup pou yo enstale yo nan yon sant. Yo se zye ak zòy - kèk fwa vwa - FEMA lè yo ap vizite kominote ki touche yo. Yo ekipe pou ede abitan yo aplike pou èd, menm nan pi move kondisyon yo. Souvan, lè ekip DSA la, yon inite mobil ki genyen koneksyon Wi-Fi pa lwen dèyè. Ekip DSA konsantre sitou nan abòde bezwen popilasyon izole yo ki kapab difisil pou jwenn mwayen abityèl yo. Misyon yo se pou evalye bezwen kritik ak lòt ris nan kad katastwòf epi rapòte yo bay responsab nan FEMA yo nan objektif pou yo pran desizyon.  Fonksyon yo genyen ladan yo: * Founi sinistre yo konsèy sou plas sou pwosesis aplikasyon an, epi yon lòt vizyon sou èd pou katastwòf FEMA yo. * Revize aplikasyon sinistre yo, founi enfòmasyon bazik sou estati aplikasyon yo epi lòt asistans posib, epi rekolekte nouvo enfòmasyon oswa dokiman pou dosye yo. * Angaje sinistre katastwòf ak responsab lokal yo nan idantifye bezwen rapid ki pa atenn yo pou jwenn yon solisyon rapid nan FEMA ak/oswa asosye li yo ki genyen ladan yo tou ajans benevòl yo. * Soutni sansibilizasyon kominote yo epi asosyasyon ak jeran ijans lokal, leta, tribi oswa rejyonal yo, ak asosye ki genyen andikap, sektè prive, ajans benevòl, òganizasyon relijye ak kominotè pou favorize kilti alyans ki fò pou sipòte sinistre yo nan sèvis patisipatif, egal. SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF YO (DRC) Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo (DRC) se espas espesyalize, aksesib epi etabli kote espesyalis pwogram Asistans Endividyèl kapab ede sinistre yo an pèsonn. Espesyalis byen fòme ap ede sinistre yo pandan pwosesis retablisman an, pandan yo ap eksplike tip asistans ki disponib nan FEMA, tankou lojman ak lòt bezwen asistans. Yo mete DRC yo sou plas pou founi sèvis kominikasyon, tankou asistans teknoloji pou moun ki bezwen asistans vizyèl oswa oditif, Lang Siy Ameriken oswa konpetans nan lòt lang. Kèk nan sèvis yo ofri nan yon DRC genyen ladan yo: * Fè yon demann èd * Revize estati aplikasyon ajou yo * Presizyon tout korespondans ekri nou resevwa yo * Gid sou retablisman katastwòf ak kalifikasyon * Kolekte ak eskane nouvo enfòmasyon oswa dokiman yo bezwen pou dosye yo Lòt espesyalis retablisman Administrasyon Ti Biznis Etazini yo, leta ak òganizasyon benevòl yo souvan disponib nan DRC pou abòde bezwen adisyonèl yo. Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] epi ba nou like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/ [https://www.facebook.com/FEMARegion6/].