OU TE POZE KESYON SA: LAKAY MWEN TE DOMAJE EPI LI BEZWEN REPARASYON. ÈSKE MWEN KAPAB JWENN ÈD FEMA POU LWAYE? [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/you-asked-my-home-damaged-and-needs-repairs-can-i-get-fema-help-rental-assistance] Release Date: Sep 27, 2021 Sivivan Siklòn Ida ki gen kay yo nan 25 pawas deziyen nan Louisiana ki te vin pa vivab oswa ki vin pa gen sekirite ka kalifye pou èd tanporè pou lwaye ki sòti nan FEMA. KESYON: Èske èd tanporè pou lwaye disponib pou lokatè menm jan ak pou pwopriyetè kay yo? REPONS: Wi. Èd sa a disponib pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen rezidans prensipal yo oswa rezidans kote y ap viv an pèmanans (si w se yon lokatè) ki sitiye nan youn (1) nan 25 pawas deziyen ki afekte ak siklòn Ida. Men ou dwe aplike pou èd pou katastwòf FEMA pou konnen si ou kalifye. KESYON: Èske FEMA gade lòt kritè anvan li pran desizyon li an? REPONS: Wi. Si aplikasyon FEMA a montre premye rezidans ou te sibi domaj pandan tanpèt la, yon enspektè FEMA ap kontakte w pou evalye nivo dega yo. Baze sou evalyasyon an, FEMA pral detèmine si ou kalifye pou yon èd inisyal ki ka rive jiska de (2) mwa èd pou lwaye. KESYON:Nan ki kalte lojman m ap kapab ale abite? REPONS: Si ou kalifye pou èd tanporè pou lojman, FEMA ap refere ak pwopriyete tankou kay, apatman, otèl, oswa chanm motèl ki disponib pou lwe. Prim lokasyon yo baze sou pousantaj Lwaye Mache San Patipri (Fair Market Rent, FMR) Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini an idantifye pou yon zòn lojman apa. Machin pou lwazi tankou kay prefabrike oswa karavàn se opsyon lokasyon FEMA otorize tou. Men ou responsab pou w chèche lojman an epi pou konkli sou yon kontra lokasyon avèk pwopriyetè a.  KESYON:Mwen se yon lokatè. Kòman mwen kapab gen aksè ak èd pou lwaye a? REPONS: Lokatè yo ka aplike pou èd pou katastwòf nan FEMA. Men si ou gen asirans lwaye, kontakte founisè asirans ou a anvan pou depoze yon reklamasyon. Lè ou aplike pou èd FEMA, y ap mande w pou bay yon paj deklarasyon asirans ak yon lèt règleman oswa refi. KESYON: Èske gen posibilite pou FEMA ban mwen èd pou lwaye a, si mwen te depoze yon reklamasyon nan konpayi asirans mwen an men m pa t resevwa okenn repons? REPONS: Wi. Si ou kapab bay prèv ki montre règleman asirans ou a gen reta 30 jou oswa plis apati dat ou te depoze reklamasyon an, ou ka kalifye pou yon premye èd pou lwaye. KESYON: Èske FEMA ap peye lwaye ak sèvis piblik mwen yo? REPONS:  Montan yo prevwa pou èd tanporè pou lwaye a kouvri lwaye pou mwa a epi li gen ladan l sèvis piblik ki esansyèl yo. Li pa gen ladan l telefòn, kab, televizyon oswa sèvis entènèt. Yo pa bay lajan pou sèvis piblik yo apa ak lajan lwaye a men li ajoute nan prim total la. KESYON: Kisa k ap rive si li pran plis pase de (2) mwa pou m fini ak reparasyon kay la, epi mwen pa jwenn yon kote pèmanan pou m viv? REPONS: Si w bezwen plis tan pou w fini ak reparasyon kay ou a oswa pou w jwenn yon kote pèmanan pou w viv, ou kapab aplike pou èd pou lwaye k ap kontinye. Ou dwe bay FEMA yon demann Èd Tanporè pou Lojman k ap Kontinye ki ranpli ansanm avèk yon resi ak yon plan lojman pèmanan ki demontre yon bezwen finansye oswa ki gen rapò ak yon katastwòf. Èd pou Lwaye k ap kontinye a kapab renouvle chak twa (3) mwa, jiska yon maksimòm 18 mwa, si li nesesè. KESYON:Èske mwen kapab resevwa yon èd tanporè pou lwaye si konpayi asirans mwen an banm avantaj sa a tou? REPONS: Non. FEMA pa kapab ba w yon prim pou yon avantaj ou resevwa deja nan men yon konpayi asirans, yon lòt ajans, oswa prim yo bay nan èd pou katastwòf, oswa avantaj ou te resevwa nan lòt enskripsyon pou èd. FEMA ka avanse w fon paske asirans ou te gen reta, avèk yon antant ki di w ap remèt FEMA fon sa yo depi ou resevwa règleman asirans ou a. Gade kesyon ak repons sa yo pandan w ap vizite Èd pou lwaye pou siklòn Ida: Ou te poze kesyon sa... [https://www.youtube.com/playlist?list=PLkAxXt8OFI8BpJZfZ1gN08a_gt7VavQcm]  Yo deziyen 25 pawas Louisiana pou jwenn èd FEMA pou Siklòn Ida: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. Aplike anliy nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Aktyèlman liy telefòn yo fonksyone 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Moun k ap itilize yon sèvis relè tankou sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] epi ba nou like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/ [https://www.facebook.com/FEMARegion6/].