KONSÈY POU RETOUNEN LAKAY OU SAN DANJE APRE YON KATASTWÒF [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/tips-returning-home-safely-after-disaster] Release Date: Sep 23, 2021 Tout moun enpasyan pou yo retounen lakay yo apre yon katastwòf. Si yo evakye w, ou ka enkyete w sou sa ou pral jwenn lè ou retounen. Men, pa prese lè ou rive. Gen sèten prekosyon pou swiv si ou jwenn kay ou a te gen domaj. Ou dwe konnen kay ou a ka demanbre, oswa kontamine avèk mwazi oswa dlo tou rego, sa ki ka lakòz risk sante pou fanmi ou. FÈ ATANSYON AK DANJE YO DEYÒ KAY LA * Anvan ou antre lakay ou, gade deyò pou wè si pa gen fil kouran ki andonmaje, tiyo gaz, fann nan fondasyon ak lòt domaj eksteryè. Li ka twò danjere pou antre nan kay la jiskaske yon enspektè verifye li. * Etenn sistèm kouran elektrik ak dlo prensipal la jiskaske ou menm oswa yon pwofesyonèl ka asire yo an sekirite. PA JANM limen oswa etenn kouran an oswa itilize yon zouti elektrik oswa aparèy pandan ou kanpe nan dlo. * Pran sant gaz. Si ou pran sant gaz natirèl oswa pwopan, oswa tande yon bri flit, sòti imedyatman epi kontakte depatman ponpye a. * Verifye plafon an ak atè a pou wè si pa gen siy kote ki fè bafon. Dlo ka bloke nan plafon an oswa atè a, sa ka fè li pa an sekirite pou mache sou li. * Pran prekosyon nou ak wonjè, koulèv, ensèk ak lòt bèt ki ka sou pwopriyete w la oswa lakay ou. ANNDAN KAY LA * Mwazi   * Si kay ou te inonde oswa te gen gwo imidite akòz katastwòf la, sipoze gen kwasans mwazi. Ekspozisyon fas ak mwazi ka ogmante risk pou sante sivivan ki gen opresyon, alèji oswa lòt kondisyon respiratwa. * Louvri pòt ak fenèt yo. Kite lè ki nan kay la soti deyò anvan ou rete andedan pou nenpòt ki longè tan si kay la te fèmen pou plis pase 48 èdtan. * Pou enstriksyon sou kòman yo netwaye zòn ki enfekte ak mwazi, gade resous ki soti nan Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi Etazini an [https://www.cdc.gov/disasters/mold/index.html] (Centers for Disease Control and Prevention, CDC). * Mete rad pwoteksyon, ki gen ladan gan kawotchou ak bòt kawotchou. * Lè w gen dout, jete li deyò. * Jete atik ki absòbe dlo epi ki pa ka netwaye oswa dezenfekte (pa egzanp, matla, tapi, pwodui kosmetik, bèt boure ak jwèt ti bebe). * Retire tout albòd ak izolasyon ki te an kontak ak dlo inondasyon an. * Fè atansyon lè w ap deplase mèb oswa debri paske yo ka gen dlo ak yo pi lou. * Jete tout manje, bwason ak medikaman ki ekspoze fas ak dlo inondasyon ak labou, ki gen ladan manje nan bwat ak resipyan ki gen manje oswa likid ki te sele. * Netwayaj * Byen netwaye sifas ki di (pa egzanp, atè, kontwa ak aparèy) avèk dlo cho ak savon oswa yon detèjan. * Kèk solisyon netwayaj ka lakòz lafimen toksik ak lòt danje si yo melanje. Si ou pran sant yon odè fò oswa je w fè dlo akòz lafimen oswa pwodwi chimik ki melanje, louvri yon fenèt epi soti nan kay ou a. * Èd finansye jiska $300 ka disponib pou ede anpeche lòt pèt ak pwoteje sante epi sekirite kay ou a si kay ou gen domaj, men li abitab. Anvan ou fè reparasyon oswa rekonstriksyon, verifye avèk depatman lokal bilding ou an pou wè si yon pèmi nesesè. Pou yon rega apwofondi sou prekosyon sekirite ak metòd netwayaj, ale sou sit entènèt CDC a nan Netwaye San Danje Apre yon Katastwwòf [https://www.cdc.gov/disasters/cleanup/facts.html] Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] epi ba nou like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/ [https://www.facebook.com/FEMARegion6/].