DIPLIKASYON AVANTAJ YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/duplication-benefits-0] Release Date: Sep 22, 2021 Lè y ap detèmine montan èd federal pou katastwòf yon aplikan ka kalifye pou li, FEMA ap verifye si pa genyen "Diplikasyon Avantaj yo." Daprè lalwa, FEMA pa ka bay èd finansye lè nenpòt lòt sous, tankou asirans, te bay èd pou menm bezwen katastwòf la te lakòz la oswa lè èd sa a disponib nan yon lòt sous. ÈD FEMA EDE SIVIVAN KATASTWÒF YO FÈ PREMYE PA A SOU WOUT REKIPERASYON AN Aplikan ki kalifye pou èd federal resevwa lajan yo pa chèk oswa depo dirèk. Yon lèt ki eksplike ki kalite ak montan èd, ak pou fè ki sa yo dwe itilize l, rive nan yon jou osinon de (2) jou aprè yo resevwa chèk la oswa peman depo dirèk la toudepan de livrezon lapòs nan zòn ou an. Si aplikan an te mande korespondans elektwonik, lèt sa a tipikman disponib nan lespas 24 èdtan sou kont sou entènèt yo ak FEMA. Èd nan men FEMA ka gen ladan bagay sa yo: * Yo bay sivivan an ÈD POU LWAYE pou l lwe yon lojman tanporèman. Montan ou resevwa a baze sou pousantaj mache lokal ki jis Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (Housing and Urban Development, HUD) an detèmine. * ÈD POU REPARASYON KAY ede avèk reparasyon esansyèl ki anpeche kapasite w rete lakay ou. Montan yo bay la baze sou domaj ki gen rapò ak katastwòf la ak depans reparasyon yo estime yo, oswa maksimòm pwogram lan. Kalite domaj sa yo ta gen ladan yo: * Domaj estriktirèl ki gen ladan domaj katastwòf la te lakòz nan fenèt yo, pòt yo, ak do kay la; * Domaj nan kouran, gaz, chofaj, plonbri, elatriye, sa ki lakòz pèt fonksyon; * Enteryè a pa estriktirèl ankò pou mete ladan planche, mi, ak plafon; ak  * Rezèv dlo oswa pi (si sa aplikab) a pa fonksyonèl. * ÈD POU RANPLASMAN bay èd finansyè pou pwopriyetè kay yo kote Enspeksyon FEMA te detèmine rezidans prensipal yo ki te detwi akòz katastwòf la.  Finansman sa a ka aplike tou pou achte yon nouvo rezidans prensipal. * ÈD POU LÒT BEZWEN bay finansman pou depans ak bezwen enpòtan ki nesesè katastwòf la te lakòz. Sa gen ladan depans medikal, dantè, gadri, ponp finèb, depans kritik, pwopriyete pèsonèl, transpò, ak demenajman ak depo. Si ou pa kwè ou kalifye pou benefisye èd FEMA, ka toujou gen lòt èd ki disponib pou ede ou avèk enpak ki gen rapò ak katastwòf: Plis Sèvis atravè FEMA: * Sèvis Legal pou Katastwòf * Èd Chomaj pou Katastwòf YO DWE DEPANSE ÈD FEMA POU KATASTWÒF LA JAN YO TE PREVWA SA Si yon aplikan depanse èd federal pou katastwòf yo a yon lòt fason pase jan yo te dwe itilize l la, yo ka mande pou li retounen lajan an oswa refize ba l èd lè gen lòt evènman. Kòm yon pati nan pwosesis Diplikasyon Avantaj FEMA yo, gen kèk sivivan yo ka mande aplike pou prè kay lè gen katastwòf ki pa gen anpil enterè Administrasyon Ti Antrepriz yo (Small Business Administration, SBA) ofri. Pandan yo pa mande pou w pran tout prè a oswa yon pòsyon nan prè a, yo ka konsidere montan konplè yo ofri a kòm yon avantaj ki pa ka diplike. Lòt founisè ki konn bay finansman ki gen rapò ak katastwòf yo, tankou HUD, ka gade montan èd yon sivivan resevwa nan men FEMA ak jan yo dwe itilize li. Epitou sa a se pou anpeche diplike avantaj yo. Yo mande moun ki ap resevwa èd yo pou yo kenbe resi depans katastwòf yo pandan twa (3) lane pou dokimante yo te itilize lajan an pou reponn ak bezwen ki gen rapò ak katastwòf la. Si yon benefisyè resevwa yon règleman asirans pou kouvri menm depans yo, li dwe ranbouse FEMA.  Yo ka revize dosye aplikan an pou konfime lajan an te byen depanse. OU KA REPONN KESYON SOU ÈD FEMA A LÈ W RELE LIY ÈD FEMA A NAN 800-621-3362.