DRC OUVÈ NAN KONTE ESSEX AK MORRIS [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210920/drc-open-essex-and-morris-counties] Release Date: September 20, 2021 TRENTON, NJ – Sant Rekiperasyon Katastwòf te louvri jodia nan konte Essex ak Morris ki pou ede rezidan ki rete nan New Jersey rès Siklòn Ida te afekte yo.  Reprezantan FEMA ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yo disponib nan sant yo pou eksplike pwogram asistans lan pou katastwòf, reponn kesyon sou korespondans alekri yo epi bay dokimantasyon sou reparasyon ak rekonstriksyon pou rann kay yo plis solid pou reziste kont katastwòf. Biwo DRC yo chita kò li nan: * Konte Essex: Kmart – Ki lokalize bò yon Sant Vaksinasyon, 235 Prospect Avenue #9413, West Orange, NJ 07052 * Louvri nan 8 a.m. pou 7 p.m. Lendi jiska vandredi ET; 8 a.m. pou 5 p.m. Samdi, epi fèmen Dimanch * Konte Morris:  Sant Kominotè Morris Plains, 51 Jim Fear Dr., Morris Plains, NJ 07950 * Louvri 8: 30 a.m pou 7 p.m. ET. Lendi jiska Jedi; Fèmen: Vandredi, Samdi, Dimanch Moun ki nan konte BERGEN, ESSEX, GLOUCESTER, HUDSON, HUNTERDON, MERCER, MIDDLESEX, MORRIS, PASSAIC, SOMERSET, UNION AK WARREN yo kalifye pou aplike pou èd lè gen katastwòf. Sinistre yo kapab poze kesyon oswa mande plis enfòmasyon nan biwo DRC, diplis anliy oswa nan telefòn tou. Sinistre yo kapab vizite nenpòt biwo DRC epi jwenn biwo ki plis pre a gras ak aplikasyon FEMA.  Pou telechaje Aplikasyon FEMA tanpri vizite Apple App Store oswa Gogle Play Store Lòt sant ki louvri nan zòn sa yo: * KONTE HUDSON: Sant Resous Pwofesyonèl ak Bibliyotèk Piblik Secaucus (Secaucus Public Library and Business Resource Center), 1379 Paterson Plank Rd, Secaucus, NJ 07094 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 9 a.m. pou 4 p.m. Samdi; 9 a.m pou 2 p.m Dimanch * KONTE HUNTERDON: Konpayi Union Fire #1, 230 N. Main St., Lambertville 08530 * * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska Vandredi; 8 a.m. pou 5 p.m. Samdi ak Dimanch * KONTE BERGEN: Sant Aprantisay Ciarco, 355 Main St., Hackensack 07652 * * Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, Lendi pou Samdi, Fèmen nan Dimanch * KONTE MERCER: Sant Kominotè Hollowbrook, 320 Hollowbrook Drive, Trenton 08638 * * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 8 a.m. pou 5 p.m. Samdi ak Dimanch * KONTE MIDDLESEX: Middlesex Fire Academy, 1001 Fire Academy Drive, Cafeteria B, Sayreville 08872 * * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 8 a.m. pou 4 p.m. Samdi ak Dimanch * KONTE PASSAIC: Civic Center, 19 Warren St., Little Falls 07424 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 8 a.m. pou 4 p.m. Samdi ak Dimanch * KONTE GLOUCESTER: Mullica Hill Library, 389 Wolfert Station Road, Mullica Hill 08062 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 10 a.m. pou 5 p.m. Samdi 10 a.m.pou 5 p.m.; Dimanch 1 -5 p.m * KONTE SOMERSET: Konpayi North End Volunteer Fire #3, 169 North 8th Ave., Manville 08835 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 8 a.m. pou 6 p.m. Samdi ak Dimanch * KONTE UNION: Sant Kominotè Senior Elizabeth O’Donnell Dempsey, 618 Salem Ave., Elizabeth 07208 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, Lendi jiska Vandredi; 8 a.m. pou 5 p.m. Samdi ak Dimanch FEMA ak NJOEM pran angajman yo pou louvri DRC nan chak konte yo site yo. Lòt sant sa yo pral louvri pa twò lontan pou ede sinistre yo. Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lwaye, ou ta kapab depoze reklamasyon lè ou kapab byen vit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab founi avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou pa genyen asirans oswa ou pa asire ase, ou kapab kalifye pou èd federal. Mwayen ki pi vit ak pi fasil pou aplike se vizite disasterassistance.gov/ [http://www.disasterassistance.gov/]. Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone kounye a 24 sou 24, sèt (7) jou sou sèt (7). Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w: * Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou * Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya * Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib *  Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo * Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an. Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614 [http://www.fema.gov/disaster/4614]. Swiv kont Twitter FEMA Region 2 a nan twitter.com/FEMAregion2. [https://twitter.com/femaregion2]