FEMA RANFÒSE JEFÒ LI POU ATENN SIVIVAN IDA YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210916/fema-expands-effort-reach-ida-survivors] Release Date: September 16, 2021 BATON ROUGE, LA. – Plizyè ti sant tanporè rekiperasyon kont katastwòf FEMA yo louvri nan zòn siklòn yo ravaje, pandan ekip FEMA yo mache pòt nan kominote yo - yon aksyon koletif eta a ak FEMA pou kontinye atenn sivivan ki nan bezwen yo. Espesyalis sant tanporè rekiperasyon kont katastwòf sa yo gen ekipman pou ede sivivan yo aplike nan FEMA, telechaje dokiman ki nesesè nan pwosesis demann lan epi reponn kesyon sou ka patikilye yo. Anplis, Reprezantan Sèvis Kliyan ki soti nan Administrasyon Ti Biznis (Small Business Administration, SBA) peyi Etazini ap la tou pou bay enfòmasyon sou pwogram lan, reponn tout kesyon epi eksplike kijan pou aplike pou prè katastwòf SBA a ki p ap pran anpil enterè pou biznis, prive ki pa Touche nan men moun-, pwopriyetè kay ak lokatè. Sant rekiperasyon sa yo pral louvri pandan yon titan, pandan y ap idantifye etablisman alontèm yo epi mete yo kanpe. Sivivan yo kapab ale nan nenpòt sant tanporè rekiperasyon kont katastwòf yo (detay yo anba la). Orè fonksyonnman ak yo kapab mete biwo yo ajou souvan, etandone yo tanporè. Konsilte aplikasyon FEMA a oswa vizite FEMA DRC Locator [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator] pou tout lòt nouvèl yo. Tout sant yo pral swiv mezi prekosyon kont COVID-19 lan epi yo pral egzije pou ni espesyalis FEMA ak sivivan yo mete mask. Ekip FEMA yo ap mache pòt an pòt tou nan pawas ki afekte yo pou konekte dirèk avèk sivivan ki bezwen èd pou mande asistans FEMA. Manm ekip yo pral mete rad FEMA bay epi k ap genyen yon idantite FEMA ak foto. Si yo pa montre yon kat idantite ki gen foto, yo ankouraje sivivan yo mande pou wè kat sa. BIWO AKTYÈL SANT REKIPERASYON TANPORÈ APRÈ KATASTWÒF (16 SEPTANM 2021): PAWAS LAFOURCHE SANT GOUVÈNMAN PAWAS LAFOURCHE 4876 Highway 1 Raceland, LA 70394 Lè fonksyonnman: 8 a.m. - 5 p.m.    PAWAS JEFFERSON DEPATMAN SANTE JEFFERSON  1855 Ames Blvd. Marrero, LA 70072 Lè fonksyonnman: 8 a.m. – 6:00 p.m. SANT POU MOUN AJE JEAN LAFITTE 4927 Treasure Blvd. Lafitte, LA 70067 Lè fonksyonnman: 10 a.m. – 5:30 p.m.   PAWAS PLAQUEMINES BIBLIYOTÈK BELLE CHASSE 8442 Highway 23 Belle Chasse, LA 70037 Lè fonksyonnman: 8 a.m. - 6 p.m. SANT KOMINOTÈ REVERAN PERCY GRIFFIN 15577 Highway 15 Braithwaite, LA 70040 Lè fonksyonnman: 8 a.m. – 4 p.m. (Jedi, 16 septanm: ouvri 2 – 4 p.m.) YMCA – BURAS 36342 Highway 11 Buras, LA 70041 Lè fonksyonnman: 8 a.m. - 6 p.m. (Jedi, 16 septanm: ouvri 2 – 6 p.m.)   PAWAS TANGIPAHOA BIBLIYOTÈK PAWAS TANGIPAHOA-SIKISAL HAMMOND 314 E. Thomas St. Hammond, LA 70401 Lè fonksyonnman: 10 a.m. – 6 p.m.   PAWAS ORLEANS SANT LWAZI CUT OFF NEW ORLEANS 6600 Belgrade St. New Orleans, LA 70131 Lè fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen) SANT LWAZI JOE W. BROWN 5601 Read Blvd. New Orleans, LA 70127 Lè fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen) SANT LWAZI MINE 5420 Franklin Ave. New Orleans, LA 70122 Lè Fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen) SANT LWAZI ROSENWALD 1120 S. Broad St. New Orleans, LA 70125 Lè Fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen)   Rezidan yo pa bezwen rankontre ak espesyalis FEMA yo an biwo pou yo aplike pou yo resevwa èd. Fason ki pi rapid pou aplike a se sou sitwèb lan sou DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/]. Sivivan yo kapab aplike tou nan telefò nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Aktyèlman liy telefòn yo fonksyone 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Moun k ap itilize yon sèvis relè tankou sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Sivivan yo dwe konnen pou yo bay enfòmasyon sa yo pou aplike nan FEMA: * Nimewo Sekirite Sosyal * Adrès kay ki gen pwoblèm lan * Deskripsyon dega yo * Enfòmasyon konsènan kouvèti asirans lan * Nimewo Telefòn Moun pou kontakte ki ajou: * Yon adrès kote kapab resevwa kourye lapòs * Nimewo kont labank ansanm ak routing numbers pou depoze lajan dirèk     Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6 [https://www.facebook.com/FEMARegion6/]/.