SIVIVAN SIKLÒN IDA YO KAPAB KALIFYE POU RANBOUSMAN DÈLKO AK APARÈY POU KOUPE PYEBWA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210906/hurricane-ida-survivors-may-be-eligible-generator-and-chainsaw-reimbursement] Release Date: September 6, 2021 BATON ROUGE, LA. – Sivivan Louisiana yo, ki te achte oswa lwe yon dèlko ak/oswa yon aparèy pou koupe pyebwa akoz Siklòn Ida a, kapab kalifye pou ranbousman FEMA a. FEMA pa ka ranbouse ekipman yon lòt sous peye, tankou asirans pou kay, asirans pou inondasyon oswa lòt kalite asirans. Lalwa entèdi peman oswa ranbousman an doub ke yon asirans oswa yon lòt sous bay kòm èd. Sivivan ki enterese nan ranbousman pou dèlko ak/oswa pou aparèy pou koupe pyebwa a nan men FEMA, yo dwe aplike an premye pou èd. Yo ka fè sa lè yo ale sou entènèt nan DisasterAssistance.gov [https://disasterassistance.gov/], telechaje aplikasyon mobil FEMA a oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib. Liy yo ouvri depi 6 a.m. jiska 10 p.m. CDT (Lè Santral), sèt (7) jou pa semèn. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service) ka rele nan 800-621-3362. Aplikan ki achte oswa ki lwe yon dèlko ak/oswa yon aparèy pou koupe pyebwa ant 26 Out 2021 pou rive 25 Septanm 2021, kapab kalifye pou benefisye èd finansyè pou ranbousman an, si: * Aplikan an reponn ak tout kondisyon jeneral kalifikasyon yo pou Pwogram FEMA genyen pou Endividi epi Kay yo. * Kay la se rezidans prensipal aplikan an epi kay la nan yon komin ki deziyen pou Pwogram Endividi epi Kay yo. Komin yo se: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. * Yo te achte oswa yo te lwe dèlko a akoz yon deranjman ki te genyen nan sèvis elektrik la ke Siklòn Ida a te lakoz. * Aplikan an te soumèt prèv acha oswa resi lokasyon atik yo. LIMIT PRI YO FEMA ka ranbouse aplikan yo jiska $800 pou dèlko yo epi jiska $250 pou aparèy pou koupe pyebwa yo. SEKIRITE DÈLKO A Sivivan yo pa dwe janm itilize yon dèlko anndan yon kay, yon garaj, yon sousòl, yon espas vid ki anba kay la oswa nenpòt zòn ki fèmen an pati. Kenbe aparèy sa yo deyò, byen lwen pòt, fenèt ak chemine ki ka pèmèt monoksid kabòn antre anndan kay la. Pou dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.