SINISTRE LOUISIANA YO SIKLÒN IDA AFEKTE YO KAPAB APLIKE POU YON ÈD FEMA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210830/louisiana-survivors-affected-hurricane-ida-can-apply-possible-fema] Release Date: August 31, 2021 BATON ROUGE, LA. – Pwopriyetè kay ak lokatè Louisiana Siklòn Ida afekte yo ki ap viv nan komin yo fèk chwazi pou Asistans Pèsonèl la kapab kalifye pou èd FEMA. Komin yo se: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lwaye, ou ta kapab depoze reklamasyon lè ou kapab byen vit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab double avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou pa genyen asirans oswa ou genyen yon ti asirans, ou kapab kalifye pou èd federal. Mwayen ki pi vit ak pi fasil pou aplike se vizite disasterassistance.gov/ [http://www.disasterassistance.gov/]. Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Nimewo telefòn gratis yo fonksyone apati 2 zè nan maten pou rive 10 zè nan aswè (Lè Santral), sèt jou sou sèt. Moun ki ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo espesifik yo genyen ki asosye ak sèvis sa a. Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w: * Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou * Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya * Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib * Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo * Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an Lè li posib san danje, kòmanse netwaye. Fè foto pou w fè konsta dega yo epi kòmanse netwaye ak repare pou evite lòt dega. Sonje konsève tout resi depans ou fè ki gen rapò ak netwayaj ak reparasyon yo. Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lojman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an. PRÈ POU KATASTWÒF KI GENYEN TI POUSANTAJ ENTERÈ ADMINISTRASYON AMERIKEN POU TI BIZNIS YO (U.S. SMALL BUSINESS ADMINISTRATION SBA) DISPONIBpou pwopriyetè kay, lokatè, BIZNIS NENPÒT GWOSÈ ak anpil òganizasyon benevòl. Menm jan ak FEMA, SBA pa kapab double avantaj pou pèt asirans lan kouvri yo. * Pou TI BIZNIS YO, sa ki angaje nan elvaj pwason ak majorite òganizasyon san pwofi yo: jiska 2 milyon dola disponib pou bezwen finansman pou fonksyonman menm si yo pa t sibi okenn dega nan pwopriyete yo, ak yon prè maksimòm 2 milyon dola pou nenpòt konbinezon dega nan pwopriyete ak bezwen finansman pou fonksyonman. * Pou PWOPRIYETÈ KAY YO: jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pou PWOPRIYETÈ KAY AK LOKATÈ YO: jiska $40,000 disponib pou ranplase byen pèsonèl yo, tankou machin yo. BIZNIS AK ABITAN YO KAPAB aplike anliy nan HTTPS://DISASTERLOANASSISTANCE.SBA.GOV [https://disasterloanassistance.sba.gov] Pou kesyon ak asistans ranpli yon aplikasyon, rele nan 800-659-2955 oswa voye yon mesaj imèl nan FOCWAssistance@sba.gov. SBA pral reponn kesyon espesifik yo sou kòman prè katastwòf yo kapab ede chak sinistre reprann yo apre dega katastwòf la Pou dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv kont Twitter FEMA Rejoyn 6 la twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.