FEMA, SBA DISPONIB NAN BIBLIYOTÈK NORT SHORE (NORTH SHORE LIBRARY) POU EDE SIVIVAN SURFSIDE YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/fema-sba-available-north-shore-library-assist-surfside-survivors] Release Date: Jul 29, 2021 ESPESYALIS FEMA AVÈK U.S. SMALL BUSINESS ADMINISTRATION (SBA) A DISPONIB POU RANKONTRE AVÈK APLIKAN KI TE AFEKTE NAN BATIMAN CHAMPLAIN TOWERS SOUTH LA KI TE EFONDRE A. Aplikan yo kapab vini nan North Shore Branch Library, 7501 Collins Ave., lendi, mèkredi, ak jedi nan 10 zè a.m. pou 7è p.m., madi ak vandredi nan 10 zè a.m. pou 5è p.m. Deklarasyon Dijans Prezidan an 25 jen an bay FEMA otorizasyon ofri endividi Pogram Endividyèl ak pou Kay li an (Individuals and Households Program) bay sivivan efondreman batiman ki chita nan 8777 Collins Avenue. Sivivan ki gen kay rezidans prensipal yo ki te detwi nan efondreman batiman an kapab elijib pou asistans finansyè pou lojman tanporè ak pou pèt ki pat asire. Asistans finansye ka disponib tou nan kad pogram Asistans pou lòt Bezwen (Other Needs Assistance program) pou ede ak depans finerè ak medikal, pèt ki san asirans tankou pwopriyete pèsonèl ak machin, avèk lòt depans nesesè ak bezwen grav dezas la koz. Aplikan yo kapab enskri avèk FEMA lè yo rele nan nimewo 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) pou pale ak yon espesyalis FEMA. Delè enskripsyon avèk FEMA se 24 out 2021. U.S. Small Business Administration (SBA) gen reprezantan tou k ap ede biznis, pwopriyetè kay, ak lokatè nan North Shore Branch Library. Pwopriyetè kay yo ka prete jiska $200,000 pou reparasyon oswa ranplase kay rezidans prensipal la. Pwopriyetè kay avèk lokatè kapab prete jiska $40,000 pou ranplase pwopriyete pèsonèl ki enkli machin tou. Biznis nan lokalite Miami-Dade, Broward, Collier ak Monroe ki sibi pèt ekonomik parapò ak dezas la swit ak efondreman batiman an kapab elijib pou prè prejidis ekonomik k ap disponib. Epitou, SBA ap jere yon sant pou ede biznis you redemare (Business Recovery Center - BRC) nan Geneva Tailor, 9484 Harding Ave. Sant lan fonksyone lendi rive vandredi, 8è a.m. pou 5è p.m., samdi 10 zè a.m. pou 2 zè p.m.; yo fèmen le dimanch.