PRAN PREKOSYON AVÈK FWOD APRE EFONDREMAN BILDING SURFSIDE [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/be-aware-fraud-after-surfside-building-collapse] Release Date: Jul 23, 2021 MALONÈT YO KAPAB KONTAKTE MOUN KI TE AFEKTE YO PA EFONDREMAN CHAMPLAIN TOWERS SOUTH AK ESEYE POU PRAN LAJAN OSWA ENFÒMASYON SOU PRETÈKS POU EDE YO CHÈCHE ASISTANS. FEMA FÈ SIVIVAN YO SONJE: * Gen kèk sivivan nan efondreman bilding lan ki kapab kontakte w pa telefòn, imèl oswa medya sosyal pa moun kap mande lajan pou sèvis yo. * FEMA AK U.S. SMALL BUSINESS ADMINISTRATION (SBA) PA JANM CHAJE POU ANREJISTREMAN, SIBVANSYON, APLIKASYON POU PRÈ-KATASTWÒF OSWA NENPÒT LÒT BAGAY. * Okenn moun nan FEMA pa pral kontakte w epi mande lajan. * Lè FEMA rele w osijè anrejistreman w, apèl la ka vini de yon nimewo ou pa konnen.  Espesyalis FEMA a pral gen nimewo anrejistreman ou. * Si ou gen yon kesyon sou yon kalite demann konsa, tanpri vizite FEMA nan Branch Bibliyotèk North Shore, 7501 Collins Ave., ouvè jiska 6 Out.  Èdtan yo se Lendi, Mèkredi ak Jedi 10 a.m. rive 7 p.m., Madi ak Vandredi 10 a.m. rive 5 p.m. * Oswa rele FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585). * Si ou sispèk fwod, kontakte Biwo Avoka Eta Miami-Dade nan 305-547-3300 oswa imèl Hotline@miamisao.com. FEMA rekòmande tou pou w kontwole rapò kredi w pou nenpòt kont oswa chanjman ou pa rekonèt.  Si ou dekouvri yon moun kap itilize enfòmasyon w, ou pral bezwen pou pran mezi anplis, sa ki gen ladan depoze yon plent avèk Komisyon Komès Federal [Federal Trade Commission] atravè sit entènèt li: IdentityTheft.gov [https://www.identitytheft.gov/].