24 OUT SE DÈNYE DELÈ POU APLIKE POU ASISTANS FEMA APRE EFONDREMAN BILDING LAN [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/aug-24-deadline-apply-fema-assistance-after-building-collapse] Release Date: Jul 26, 2021 SIVIVAN AK PARAN PWÒCH YO GEN JISKA 24 OUT 2021 POU APLIKE POU ASISTANS FEMA APRE EFONDREMAN BILDING CHAMPLAIN TOWERS SOUTH. Deklarasyon ijans 25 Jen Prezidan an otorize FEMA pou ofri Pwogram Kay ak Endividyèl yo nan efondreman Bilding Champlain Towers South nan 8777 Collins Avenue. Sivivan yo ke kay prensipal yo te detwi akoz efondreman bilding lan kapab elijib pou asistans finansye pou lojman tanporè ak pèt ki pa asire yo. Asistans finansye kapab disponib anba Pwogram Asistans pou lòt Bezwen yo pou ede avèk depans medikal ak fineray, pèt ki pa asire pou byen pèsonèl ak veyikil yo, ak lòt depans ki nesesè ak bezwne grav yo ki koze pa katastwòf la. Aplikan yo ka enrejistre an pèson avèk FEMA nan branch Bibliyotèk North Shore, 7501 Collins Ave. Èdtan yo se Lendi, Mèkredi ak Jedi 10 a.m. rive 7 p.m., Madi ak Jedi 10 a.m. rive 5 p.m. Aplikan yo ka enrejistre tou avèk FEMA lè ou rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) pou pale avèk yon espesyalis FEMA.