KOLABORASYON LOJISTIK BAY RESOUS POU BATI SANT TERITWA KOMINOTÈ POU VAKSINASYON. [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210310/logistical-collaboration-delivers-resources-build-out-territorys-community] Release Date: March 10, 2021   ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Yon efò inifye ant teritwa ak gouvènman federal la te rann li posib pou delivre bon resous yo, nan bon plas la, ak bon moman pou kanpe de Sant Vaksinasyon Kominotè (Community Vaccination Centers) (CVC) nan espas yon mwa nan St. Croix ak St. Thomas.   Ekip lojistik ak operasyon FEMA yo te retwouse manch yo pou kowòdone ak V.I Ajans Teritoryal Jesyon Ijans (Territorial Emergency Management Agency) (VITEMA) ak V.I. Depatman Sante (Department of Health) (VIDOH) pou delivre ekipman pwoteksyon pèsonèl, founiti medikal yo, tab yo, chèz yo, kòn siyalizasyon ak ekipman biwo pou sant vaksinasyon yo nan kanpis University of the Virgin Islands (UVI) yo. Resous ki te delivre nan teritwa pou sipòte repons COVID-19 ak de sant vaksinasyon yo genyen ladan li 126,000 gan, 100,000 mask pwosedi, 5,000 linèt ak 9,600 bandaj adeziv. Pou mete anplas sant vaksinasyon yo dirije pa teritwa sipòte gouvènman federal la, sant yo te sipoze sipòte objektif teritwa yo. Objektif la se te twouve yo lokal kapab vaksinen 50,000 abitan Zile Vyèj yo (Virgin Islanders), dispoze yon espas pou distans sosyal, famasi yo pou estoke vaksen ak ekipman medikal yo ak akomodasyon aksesib moun ki andikape yo oswa aksè ak pou moun ki bezwen fonksyònman. “Lojistik FEMA kolabore ak VITEMA epi V.I a. Depatman sante pou idantifye bezwen pou chak plas ak jwenn resous ekspedye yo. Nou genyen kapasite pou livre rapid founiti yo atravè teritwa a ak kontinantal Etazini pou sipòte efò nou yo. Yon livrezon imedyat founiti yo ki soti nan depo Rejyon FEMA 2 ak depo Strategic National Stockpile (SNS) CDC yo ki te bay FEMA kapasite pou asire siksè nan ouvèti tou de sant vaksinasyon yo nan teritwa a,” te deklare Chèf Seksyon Lojistik Ekip Asistans Jesyon Ensidan Rejyon 2 (Region 2 Incident Management Assistance Team Logistics Section Chief) Kevin Cobb Sr. Akò yo te konplete ak UVI pou itilize Great Hall la nan St Croix. Ak Sports and Fitness Center nan St Thomas. Resous yo, tankou an gan pou pèsonèl klinik yo, ta sipoze anbake nan Zile U.S. Virgin sòti nan Etazini kontinantal. “Nou te toujou ap travay sou plan pou louvri sant kominotè pou vaksen yo epi nou vrèman kontan pou nou wè efò nou rive reyalize” Nou te kontan pou nou fè patnè ak UVI paske sa pèmèt nou fasilite plis moun pou vaksinasyon nan kanpis espasye yo.  Nou vrèman rekonesan pou kolabore avèk FEMA, VITEMA, DoD, CDC ak lòt patnè yo nan akonplisman majè sa.” sa Justa Encarnacion ki se Komisyonè Depatman Sante te di. Ekip lojistik yo te rankontre defi epi sant yo te bati pandan dènye semèn Fevriye a pou jou li te prevwa louvri a ki se premye Mas ki te bay moun zile Virgin yo menye fason pou konbat COVID-19, pran vaksen an.  “Operasyon ki nan sant vaksinasyon kominote St Thomas a se yon egzanp pou jan patenarya ant Teritwa ak FEMA mache.   Nou antrene epi pratike avèk patnè nan teritwa ak Federal nou yo souvan menm jan kominote lokal VOAD a. Rezilta se yon efò kolaboratè pou kapab batay ak viris la epi akonpli misyon an jan komisyonè DOH la Justa (Tita) Encarnacion endike li a. Anplis, V.I nou an. Lidè Gad Nasyonal la sèvi tankou kòmandan pou de estati pou kowòdone fòs militè ki travay andedan teritwa, toulède aktif (Tit 10) ak Gad nasyonal (Tit 32) Moun Militè sa yo ini yo pou sipòte misyon kritik sa. “Depite Direktè Lojistik VETEMA Stephen DeBlasio Sr. te di.  John Covell Ofisye kowòdonatè depite federal te ajoute. “Sipò klinik ak lojistik gouvènman federal pou Teritwa a asire popilasyon Zile Virgin yo kapab vaksinen epi pran pi bon piki kont Coronavirus la.  FEMA te sipòte repons Teritwa a pou COVID-19 la depi sou premye ka pozitif ki te konfime nan Mas 2020.  Nou ankouraje moun Zile Virgin yo pou yo patisipe nan solisyon epi pran bon enfòmasyon sou COVID-19 ak vaksinasyon.” Moun Zile Virgin ki kalifye kapab pran vaksen an kèlkeswa estati sitwayen yo, andikap oswa kote yo ap travay epi vaksen yo bay gratis. Rele liy pou anrejistre VITEMA a pou pran randevou pou kapab vaksinen nan 340-777-8227 Liy sa a pral resevwa tout demann pou Aranjman Rezonab ki genyen rapò ak sant vaksinasyon yo. Moun nan Zile Virgin yo kapab vizite tou Pòtay Orè Vaksen VIDOH’s COVID-19 la nan https://www.covid19.usvi.care/vaccines pou pran randevou vaksinasyon yo. ### _Misyon FEMA se pou ede moun avan, pandan apre dezas. _ [ Logistics' staffer Keshawn Christopher, right, gets a hand from V.I. National Guard Specialist Kurtney Davis with a pallet of personal protective equipment during the build-out of the island's Community Vaccination Center at the University of the Virgin Islands’ Sports and Fitness Center. ] St. Thomas, U.S. Virgin Islands, 23 Fevriye, 2021 – Manm lojistik FEMA  Keshawn Christopher, dwa, jwenn kout men nan men espesyalis Kurtney Davis, nan V.I. Gad nasyonal, avèk yon palèt ekipman Pwoteksyon Pèsonèl pandan yo tap bati sant vaksinasyon kominotè a nan Sant espò ak finès ki na Inivèsite Virgin Islands.  FEMA/Eric Adams [FEMA and V.I. Territorial Emergency Management Agency logistics staff, V.I. Health Department staff and soldiers from the V.I. National Guard and Army Task Force-51 collaborate during the build-out of the island's Community Vaccination Center at the University of the Virgin Islands’ Sports and Fitness Center.] St. Thomas, U.S. Virgin Islands, 23 Fevriye, 2021 -- FEMA ak V.I. Manm lojistik Ajans Teritoryal Jesyon Ijans ak V.I. Depatman Sante,  V.I. Gad nasyonal ak Task fòs 51 Lame nan Nò kolabore pandan yo tap bati sant vaksinasyon kominotè a nan Sant espò ak finès ki na Inivèsite Virgin Islands. FEMA/Eric Adams [Personal protective equipment stored at the Community Vaccination Center at the University of the Virgin Islands' Great Hall] St. Croix, U.S. Virgin Islands, 24 Fevriye, 2021 -- Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl te estoke nan Sant kominotè vaksinasyon an nan Great Hall nan Inivèsite Virgin Islands.  V.I la. Depatman Sante ap opere sant la pandan yo ap itilize pèsonèl ki sòti nan V.I.  Gad Nasyonal ak V.I. Anjans Jesyon Ijans Teritwa a.  FEMA ap bay sipò lajan ak lojistik pou operasyon sant la. FEMA/Aaron VanDoren