PA RETE KOLE NAN LABOU: PREPARE W ANVAN YON INONDASYON [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/dont-get-stuck-mud-be-prepared-flood] Release Date: Mar 6, 2021 Feyè Enfòmasyon FEMA, 6 Mas, 2021 DR-4559-LA /DR-4570-LA/ DR-4577 FS 010   Inondasyon ka rive nenpòt kote nan eta a, kidonk li enpòtan pou rezidan Lwizyàn yo evalye risk inondasyon yo, prepare epi pratik plan repons yo, epi aprann nan inondasyon ki pase anvan yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak kay ou anvan inondasyon rive. Nan Lwizyàn, tankou menm jan ak pifò nan peyi a, inondasyon se danje natirèl ki pi komen ak divès. Defèt ou plase anba pye rivyè Mississippi a, sa lakòz inondasyon vin tounen yon danje klè epi ki garanti, espesyalman nan sezon prentan an. Pran mezi kounye a pou pwoteje kay ou, fanmi, ak sekirite finansye w pandan tout ane a, epi pran prekosyon siplemantè lè inondasyon ap rive toutbon nan zòn ou an. Men kèk mezi oumenm ak fanmi w kapab pran: Konnen Tèminoloji Avètisman Inondasyon yo: * _Siveyans Inondasyon_ vle di li posib pou inondasyon pral pase nan yon zòn espesifik. Rete vijilan epi prepare w pou ijans pou yon inondasyon. * _Avètisman Inondasyon _vle di inondasyon ap pase oswa garanti pou pase nan zòn espesifik. Deplase pou ale nan yon zòn ki ansekrè imedyatman. * _Avètisman Inondasyon Sibit _vle di inondasyon toudenkou epi vyolan ap pase oswa garanti ap pase nan yon zon espesifik. Pran prekosyon touswit pou pwoteje lavi ak pwopriyete. KONPRANN RISK POTANSYÈL INONDASYON OU TOUPRE LAKAY OU: Kòmanse gade kat jewografik inondasyon pou zòn ou an ki aktyèl ak nenpòt sa ki pwopoze oswa ki annatant yo nan Sant Sèvis Kat Jewografik FEMA a oswa nan Pòtay Sant Kat Jewografik Inondasyon LSU Ag la. Zòn yo ki gen anpil risk inondasyon, ki rele zòn Espesyal pou Danje Inondasyon, kòmanse avèk lèt A avèk V. Zòn inondasyon ki nan entèval risk ki modere ak ba yo kòmanse avèk lèt B, C oswa X. Li enpòtan pou konprann tout zòn inondasyon gen kèk risk pou inondasyon, anreyalite prèske 40% nan NFIP reklamasyon asirans inondasyon nan dènye senk (5) ane ki sot pase yo soti nan zòn entèval risk ki modere ak ba yo. Danje inondasyon chanje avèk tan. Vizite paj entènèt sa yo pou plis enfòmasyon: * Konprann zòn avèk kat jewografik inondasyon yo [https://www.floodsmart.gov/flood-map-zone] * Sant Sèvis Kat Jewografik Inondasyon FEMA [https://msc.fema.gov/portal/search] * Pòtay Kat Jewografik Inondasyon LSU Ag [http://maps.lsuagcenter.com/floodmaps/] * FEMA Estimated BFE Viewer [https://webapps.usgs.gov/infrm/estBFE/] * Obsèvasyon Rivyè NOAA ak USGS yo [https://water.weather.gov/ahps/region.php?state=la]  PRAN ASIRANS POU INONDASYON: Fason ki pi entèlijan pou pwoteje pwopriyete ou kont domaj inondasyon, se achte asirans pou inondasyon. Pifò asirans pou pwopriyetè kay pa kouvri domaj inondasyon. Erezman, asirans inondasyon gen avantaj epi li pa chè. Pale ak yon ajan asirans konsènan kalifikasyon ou pou Politik Asiran a Risk Prefere a pri ki pi ba, ki disponib nan zòn inondasyon ki nan entèval risk ki ba ak modere yo. Asirans pou inondasyon peye moun ki gen kontra asirans yo menm si pa gen okenn deklarasyon federal pou dezas. Pandan pri kontra asirans inondasyon koute an mwayèn apeprè $ 700 chak ane, prim pou pwopriyete ki nan entèval risk ki modere ak ba yo ka koute mwen chè, epi lokatè ka jwenn pwoteksyon pou byen yo posede yo pou menm mwen chè. Asistans pou dezas Ajans Federal pou Jesyon Ijans lan  (Federal Emergency Management Agency (FEMA)) pa menm avèk asirans paske li sèlman bay bezwen debaz yo nan yon kay pou vin abitab. Asirans pou inondasyon kapab ede pou fè kondisyon w pi pre nan fason li te ye anvan. Tou depan de politik la, pwopriyetè kay yo kapab resevwa jiska $250,000 pou domaj estriktirèl avèk $100,000 pou byen pèsonèl yo. Pwopriyetè biznis yo kapab jwenn jiska $500,000 yo chak pou domaj estriktirèl avèk $500,000 pou byen pèsonèl yo. Asirans pou inondasyon pou lokatè yo kapab kouvri byen pèsonèl jiska $100,000. Jiska dat 1ye mas, Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon an (National Flood Insurance Program (NFIP) te deja peye plis pase $115 milyon pou moun Lwizyàn yo pou inondasyon nan siklòn ane 2020 yo, alòske sezon move tan yo deja la avèk sezon siklòn yo kap rive jis nan kèk mwa. Pou achte asirans pou inondasyon, rele konpayi asirans ou oswa yon ajan asirans, menm moun ki vann ou asirans pou machin oswa kay ou an. Si w bezwen èd pou jwenn yon founisè ale nan sitwèb FloodSmart.gov/find [https://www.floodsmart.gov/find] oswa rele NFIP a nan 877-336-2627. Planifye davans paske genyen yon peryòd 30-jou nòmalman pou yon politik NFIP antre anvigè, amwenske yon kreditè yon ajans federal egzije pou yo achte pwoteksyon an oswa ki anrapò avèk yon kominote kote genyen yon chanjman nan kat jewografik inondasyon an chanje. Ou kapab vizite sitwèb www.ready.gov/floods [http://www.ready.gov/floods] pou plis enfòmasyon ak konsèy pou sekirite sou inondasyon. Pou aprann plis sou preparasyon pou ijans ak dezas, vizite sitwèb Gen Yon Estrateji Plan (Get A Game Plan) nan getagameplan.org [https://getagameplan.org/] oswa nan sitwèb Biwo Gouvènè Lwizyàn pou Sekirite Nasyonal ak Preparasyon pou Ijans lan nan gohsep.la.gov [http://gohsep.la.gov/Portals/0/Documents/Prevent/2016EmergencyGuide_English.pdf]. Pou pale avèk yon manm pèsonèl Sansibilizasyon ak Edikasyon Kominote FEMA a konsènan mezi pou pran yo pou diminye risk ou pou inondasyon, rele 833-336-2487. Inondasyon ka rive nenpòt kote nan eta a, kidonk li enpòtan pou rezidan Lwizyàn yo evalye risk inondasyon yo, prepare epi pratik plan repons yo, epi aprann nan inondasyon ki pase anvan yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak kay ou anvan inondasyon rive. Nan Lwizyàn, tankou menm jan ak pifò nan peyi a, inondasyon se danje natirèl ki pi komen ak divès. Defèt ou plase anba pye rivyè Mississippi a, sa lakòz inondasyon vin tounen yon danje klè epi ki garanti, espesyalman nan sezon prentan an. Pran mezi kounye a pou pwoteje kay ou, fanmi, ak sekirite finansye w pandan tout ane a, epi pran prekosyon siplemantè lè inondasyon ap rive toutbon nan zòn ou an. Men kèk mezi oumenm ak fanmi w kapab pran: Konnen Tèminoloji Avètisman Inondasyon yo: * _Siveyans Inondasyon_ vle di li posib pou inondasyon pral pase nan yon zòn espesifik. Rete vijilan epi prepare w pou ijans pou yon inondasyon. * _Avètisman Inondasyon _vle di inondasyon ap pase oswa garanti pou pase nan zòn espesifik. Deplase pou ale nan yon zòn ki ansekrè imedyatman. * _Avètisman Inondasyon Sibit _vle di inondasyon toudenkou epi vyolan ap pase oswa garanti ap pase nan yon zon espesifik. Pran prekosyon touswit pou pwoteje lavi ak pwopriyete. KONPRANN RISK POTANSYÈL INONDASYON OU TOUPRE LAKAY OU: Kòmanse gade kat jewografik inondasyon pou zòn ou an ki aktyèl ak nenpòt sa ki pwopoze oswa ki annatant yo nan Sant Sèvis Kat Jewografik FEMA a oswa nan Pòtay Sant Kat Jewografik Inondasyon LSU Ag la. Zòn yo ki gen anpil risk inondasyon, ki rele zòn Espesyal pou Danje Inondasyon, kòmanse avèk lèt A avèk V. Zòn inondasyon ki nan entèval risk ki modere ak ba yo kòmanse avèk lèt B, C oswa X. Li enpòtan pou konprann tout zòn inondasyon gen kèk risk pou inondasyon, anreyalite prèske 40% nan NFIP reklamasyon asirans inondasyon nan dènye senk (5) ane ki sot pase yo soti nan zòn entèval risk ki modere ak ba yo. Danje inondasyon chanje avèk tan. Vizite paj entènèt sa yo pou plis enfòmasyon: * Konprann zòn avèk kat jewografik inondasyon yo [https://www.floodsmart.gov/flood-map-zone] * Sant Sèvis Kat Jewografik Inondasyon FEMA [https://msc.fema.gov/portal/search] * Pòtay Kat Jewografik Inondasyon LSU Ag [http://maps.lsuagcenter.com/floodmaps/] * FEMA Estimated BFE Viewer [https://webapps.usgs.gov/infrm/estBFE/] * Obsèvasyon Rivyè NOAA ak USGS yo [https://water.weather.gov/ahps/region.php?state=la]  PRAN ASIRANS POU INONDASYON: Fason ki pi entèlijan pou pwoteje pwopriyete ou kont domaj inondasyon, se achte asirans pou inondasyon. Pifò asirans pou pwopriyetè kay pa kouvri domaj inondasyon. Erezman, asirans inondasyon gen avantaj epi li pa chè. Pale ak yon ajan asirans konsènan kalifikasyon ou pou Politik Asiran a Risk Prefere a pri ki pi ba, ki disponib nan zòn inondasyon ki nan entèval risk ki ba ak modere yo. Asirans pou inondasyon peye moun ki gen kontra asirans yo menm si pa gen okenn deklarasyon federal pou dezas. Pandan pri kontra asirans inondasyon koute an mwayèn apeprè $ 700 chak ane, prim pou pwopriyete ki nan entèval risk ki modere ak ba yo ka koute mwen chè, epi lokatè ka jwenn pwoteksyon pou byen yo posede yo pou menm mwen chè. Asistans pou dezas Ajans Federal pou Jesyon Ijans lan  (Federal Emergency Management Agency (FEMA)) pa menm avèk asirans paske li sèlman bay bezwen debaz yo nan yon kay pou vin abitab. Asirans pou inondasyon kapab ede pou fè kondisyon w pi pre nan fason li te ye anvan. Tou depan de politik la, pwopriyetè kay yo kapab resevwa jiska $250,000 pou domaj estriktirèl avèk $100,000 pou byen pèsonèl yo. Pwopriyetè biznis yo kapab jwenn jiska $500,000 yo chak pou domaj estriktirèl avèk $500,000 pou byen pèsonèl yo. Asirans pou inondasyon pou lokatè yo kapab kouvri byen pèsonèl jiska $100,000. Jiska dat 1ye mas, Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon an (National Flood Insurance Program (NFIP) te deja peye plis pase $115 milyon pou moun Lwizyàn yo pou inondasyon nan siklòn ane 2020 yo, alòske sezon move tan yo deja la avèk sezon siklòn yo kap rive jis nan kèk mwa. Pou achte asirans pou inondasyon, rele konpayi asirans ou oswa yon ajan asirans, menm moun ki vann ou asirans pou machin oswa kay ou an. Si w bezwen èd pou jwenn yon founisè ale nan sitwèb FloodSmart.gov/find [https://www.floodsmart.gov/find] oswa rele NFIP a nan 877-336-2627. Planifye davans paske genyen yon peryòd 30-jou nòmalman pou yon politik NFIP antre anvigè, amwenske yon kreditè yon ajans federal egzije pou yo achte pwoteksyon an oswa ki anrapò avèk yon kominote kote genyen yon chanjman nan kat jewografik inondasyon an chanje. Ou kapab vizite sitwèb www.ready.gov/floods [http://www.ready.gov/floods] pou plis enfòmasyon ak konsèy pou sekirite sou inondasyon. Pou aprann plis sou preparasyon pou ijans ak dezas, vizite sitwèb Gen Yon Estrateji Plan (Get A Game Plan) nan getagameplan.org [https://getagameplan.org/] oswa nan sitwèb Biwo Gouvènè Lwizyàn pou Sekirite Nasyonal ak Preparasyon pou Ijans lan nan gohsep.la.gov [http://gohsep.la.gov/Portals/0/Documents/Prevent/2016EmergencyGuide_English.pdf]. Pou pale avèk yon manm pèsonèl Sansibilizasyon ak Edikasyon Kominote FEMA a konsènan mezi pou pran yo pou diminye risk ou pou inondasyon, rele 833-336-2487.