FAKTÈ ZONAJ POU METE YON INITE LOJMAN TANPORÈ FEMA [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/zoning-factors-placing-fema-temporary-housing-unit] Release Date: Feb 22, 2021 Si ou se sivivan yon siklòn nan yon pawas ki deja deziyen kote kay yo te otorize pou resevwa yon inite lojman tanporè FEMA, ou kapab gen opsyon pou mete l sou pwopriyete w pandan wap rebati.  Men, chak lokal potansyèl dwe pase egzaminasyon anvan pou detèmine si li kapab itilize legalman kòm yon sit pou abite tanporèman.  Pwosesis detèminasyon sa a pran anpil tan e li kapab ralandi pwosesis lojman an. * FEMA dwe konsidere de gwo faktè.  Èske vil oswa pawas ou an gen règleman sou zonaj ki mete restriksyon sou kalite inite lojman ke yo kapab mete sou pwopriyete w? Ak nan ki kalite zòn inondasyon kay ou an lokalize? Chak pawas ak zòn ki enkòpore yo gen pwòp règleman zonaj yo.   * FEMA dwe konfòme tou avèk règleman federal yo lè wap konsidere plasman inite nan zòn inondasyon ke yo konnen tankou Zòn Spesyal Danje Inondasyon [Flood Hazard Area (SFHA)]. Gen diferan zòn ki anglobe SFHA, avèk diferan restriksyon pou chak. Gade Konprann diferans ant zòn inondasyon FEMA – Faktè Inondasyon [https://help.floodfactor.com/hc/en-us/articles/360048256493-Understand-the-differences-between-FEMA-flood-zones#:~:text=FEMA%E2%80%99s%20high-risk%20flood%20zones%20%E2%80%93%20those%20that%20make,a%20mortgage%20from%20a%20federally-backed%20or%20federally-regulated%20lender.] pou w jwenn plis enfòmasyon.    * Seksyon Konsèvasyon Istorik ak Planifikasyon Anviwonmantal FEMA yo chak pwopoze plasman lojman tanporè ki sipòte federalman pou konfòmite avèk lwa ansanm avèk regilasyon federal pou enpak resous, sa ki gen ladan règleman kap gouvène jesyon plèn inondab. Nenpòt plasman inite tanporè nan yon plèn inondasyon 100-ane ta dwe evite lè genyen lòt altènativ Pratik andeyò plèn inondab la. FEMA entèdi strikteman pou mete nenpòt inite nan yon zòn ki gen risk elve tnakou yon Zòn kotyè ki gen danje elve oswa yon kanal derivasyon règlemantè.   * FEMA ak kontraktè li yo tap travay avèk planifikasyon ak otorite devlopman enpòtan yo nan douz pawas ki deziyen pou pwogram Lojman Tanporè Dirèk (Acadia, Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jefferson Davis, Rapides, St. Landry, St. Martin, Vermilion ak Vernon) pou jwenn ki pèmi ki obligatwa ak ki eksepsyon zonaj, varyans zonaj, oswa òdonans inondasyon kapab obligatwa pou plase inite yo.   * Akoz bezwen elve pou lojman ak yon mank altènativ pratik, FEMA te apwouve inite plasman nan yon plèn inondab 100-ane pou tout kominote yo nan pawas Cameron ak Calcasieu.   * Nan ka yon tanpèt ta vini si sa ta nesesite yon òdonans evakyasyon, nenpòt pawas oswa minisipalite ki pèmèt yon varyans dwe aksepte responsablite pou evakyasyon rezidan yo. Sa a vle di ke pawas oswa minisipalite a gen obligasyon pou deplase moun yo nan zòn lan kote yo plase inite lojman FEMA.   * Otorite lokal yo te ekri varyans ki pèmèt chanjman tanporè nan plizyè lwa sou zonaj.  Nan sèten ka, sa yo valab pou apeprè sis mwa. Si mèt kay la gen yon plan epi demontre pwogrè avèk reparasyon yo, otorite zonaj la ka pwolonje varyans lan pou jiska 18-mwa nan tèm lojman tanporè sa ke FEMA otorize.   * Lojman Dirèk FEMA se yon pwogram tanporè anplas pou yon longè tan limite e li aplike sèlman nan pawas ki deja deziyen yo. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559 [https://www.fema.gov/disaster/4559]. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570 [https://www.fema.gov/disaster/4570]. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].