ASIRANS INONDASYON EDE PWOPRIYETÈ KAY, LOKATÈ AK BIZNIS YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210201/flood-insurance-helps-homeowners-renters-and-businesses] Release Date: February 1, 2021 BATON ROUGE, LA. – Lokatè, biznis ak pwopriyetè kay yo tout benefisye nan asirans inondasyon pou pwoteje byen yo lè yon inondasyon frape.  Nan dat 1ye Fevriye Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP)] te deja peye rezidan Louisiana yo plis pase $115 milyon pou inondasyon nan siklòn 2020 yo, kote 35% nan reklamasyon NFIP yo te soti bò kote moun ki gen kontra asirans nan zòn ki gen risk fèb ak modere yo.   Tout moun bezwen konnen souvan gen asirans a ba pri ki disponib ki kapab fè yon diferans ant yon gwo kontraryete apre yon inondasyon oswa yon rekiperasyon leje. Pwoprieytè kay ak biznis yo ansanm avèk lokatè ki nan zòn ki gen risk fèb ak modere yo ki elijib pou asirans inondasyon, ki konnen tankou Kontra Asirans a Risk Prefere [Preferred Risk Policies (PRPs)].   Yon bilding rezidansyèl yonsèl fanmi kapab asire jiska $250,000 e li kontni jiska $100,000. Asirans inondasyon pou lokatè yok a kouvri kontni jiska $100,000. Pwopriyetè non-rezidansyèl yo ka asire bilding yo jiska $500,000 e kontni yo jiska $500,000.   Anpil moun ki achte kay resevwa enfòmasyon sou risk inondasyon lè yap achte.  E nan pifò zòn ki gen tandans pou inondasyon yo gen obligasyon pou achte asirans inondasyon si yo gen yon ipotèk gouvènman federal la asire.   Men lokatè potansyèl yo pa toujou vijilan sou risk inondasyon lè yap chèche yon kay. Yo pa bay pifò lokatè yo okenn enfòmasyon sou danje inondasyon lè yap chèche kay. Jis kèk pous dlo nan yon kay kapab lakoz plizyè milye dola nan domaj.   Lokatè yo gen mwens chans pase pwopriyetè kay yo pou gen asirans adekwat. Kòm yon rezilta, moun sila yo ki lwe kay oswa apatman nan zòn ki gen tandans pou inondasyon ap mete sekirite. Byen ak sekirite finansye yo an danje san yo pa konnen l.   Tankou asirans pwopriyetè òdinatè, asirans lokatè yo pa nòmalman kouvri domaj inondasyon.  Se sèlman yon kontra asirans spesifik inondasyon ki pral kouvri pèt yo ki gen rapò avèk inondasyon. Asirans inondasyon kouvri asire yo menmsi pa gen deklarasyon katastwòf federal, souvan se sa ki sitiyasyon an.   Pou chèche konnen si kominote w patisipe nan NFIP, mande ajan asirans ou oswa ale anliy nan https://www.fema.gov/cis/LA.html.   Pou achte asirans inondasyon, rele konpayi asirans oswa ajan. Si ou bezwen èd pou jwenn yon founisè ale nan FloodSmart.gov/find [https://www.floodsmart.gov/find] oswa rele NFIP nan 877-336-2627.   Jeneralman gen yon peryòd datant 30-jou pou yon règleman NFIP vin anvigè.   Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559 [http://www.fema.gov/disaster/4559]. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570 [https://www.fema.gov/disaster/4570]. Enfòmasyon sou Siklòn Zeta se nan fema.gov/disaster/4577 [https://www.fema.gov/disaster/4577]. Swiv kont Twitter Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].