REKOUVREMAN GENYEN LADAN L YON PLAN POU LOJMAN ALONTÈM [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/recovery-includes-long-term-housing-plan] Release Date: Jan 14, 2021 Pou Sivivan siklòn Laura ak Delta Louisiana yo, rekouvreman ka genyen ladan li asistans nan FEMA pou lojman tanporè. Si ou se yon sivivan siklòn Laura oswa Delta yo te mete nan yon inite lojman FEMA bay, ou pral bezwen pou montre pwogrè sou plan lojman alontèm ou yon fason pou toujou kenbe kalifikasyon pou asistans nan FEMA pou lojman.  Asistans nan FEMA pou lojman tanporè vini ansanm avèk chèk peryodik (chak 14-30 jou) pou bezwen kontinyèl pou asistans. Epi devlopman plan lojman alontèm nan obligatwa. Yo pral bay moun k ap viv nan lojman FEMA yo ki pa genyen yon plan, enfòmasyon ak zouti pou ede yo jwenn lojman ki disponib. Aplikan yo kapab kalifye pou kontinye jwenn asistans pou lojman baze sou jan yo demontre bezwen yo epitou lè yo genyen yon plan pou lojman alontèm oswa pèmanan oswa si yo te demontre pwogrè yo fè pou devlope yon plan pou lojman alontèm. Sivivan yo kapab montre pwogrè yo nan devlopman plan pou lojman alontèm yo si yo: * Deside si wi ou non pou repare oswa rebati yon kay anvan dezas la, jwenn epi achte yon nouvo rezidans, oswa jwenn epi lwe yon inite lokasyon ki disponib; * Bay prèv sou pwogrè yo — tankou bòdwo pou reparasyon yo, aplikasyon /yo pou lajan adisyonèl (SBA, bank, elatriye), kontra pou rebati oswa kontra-lwaye pou yon nouvo kay — oswa bay rezon ki pa fòt ou ki lakòz delè yo; * Reyalize objektif plan pou lojman alontèm yo nan espas tan ki rezonab; epi * Satisfè demann yo pou kominike epi pou rankontre avèk travayè dosye FEMA yo. Aplikan pou lojman yo ta dwe kenbe resi pou lajan kach yo peye yo, resi kat kredi yo, chèk lapòs yo ki montre itilizasyon apwopriye avèk tout lajan asistans FEMA yo. Yo pral voye pa lapòs aplikasyon pou asistans finansye kontinyèl pou lwaye bay pwopriyetè kay yo. Men, lokatè yo ta dwe kontakte pwopriyetè kay anvan yo anpremye pou chèche konnen si y ap pèmèt yo retounen nan ansyen kay yo te ye anvan yo. Sivivan yo kapab rete an kontak avèk FEMA lè yo: * Rele Liy Telefòn Gratis pou èd la nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585). * Vizite DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/]. * Telechaje App Mobil FEMA a nan  fema.gov/about/news-multimedia/app [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app] oswa jwenn yon lyen pou telechaje li atravè mesaj pa tèks sou yon aparèy Android (tèks ANDROID bay 43362) oswa yon aparèy Apple (tèks APPLE bay 43362). Moun ki itilize sèvis relè tankou telefòn-videyo, InnoCaption oswa CapTel dwe mete FEMA okouran de nimewo espesifik yo deziyen ba yo pou sèvis sa a. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559 [http://www.fema.gov/disaster/4559]. Swiv kont Twitter FEMA Region 6 la sou twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].