REYALITE AK FÈ SOU ASIRANS INONDASYON [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/myths-and-facts-about-flood-insurance] Release Date: Nov 18, 2020 _NOU ANKOURAJE REZIDAN LOUISIANA YO ANPIL POU PRAN AVANTAJ NAN PWOGRAM NASYONAL ASIRANS INONDASYON  (NFIP) MENM LÈ SEZON SIKLÒN NAN PRESKE FINI, POSIBLITE POU INONDASYON AN RETE NAN ETA.  NÒMALMAN GEN ANPIL KESYON KI KAPAB SOULVE SOU PWOGRAM LAN.  MEN KÈK KLARIFIKASYON: _ REYALITE: Ou pa ka achte asirans inondasyon si wap viv nan yon zòn ki gen risk elve. FÈ: Ou ka achte asirans federal pou inondasyon kèlkeswa kote wap viv si kominote w patisipe nan NFIP, sof si kay ou an lokalize nan yon zòn ki kouvri daprè Lwa 1982 sou Resous Baryè Kostal. Daprè Lwa Nasyonal sou Asirans Inondasyon, konpayi kap bay prè yo dwe egzije moun kap prete lajan yo ki gen kay ki lokalize nan yon plèn inondasyon pou achte asirans inondasyon kòm yon kondisyon pou resevwa yon prè ipotèk ki règlemante federalman.  Asirans inondasyon sou kay ki gen sousòl ki pi ba nan oswa anwo baz elevasyon inondasyon an oswa ki lokalize andeyò plèn inondab katografye a mwen chè; asirans pou kay nan zòn plèn inondab katografye a kapab koute pi chè. REYALITE:  Ou pa ka achte asirans inondasyon imedyatman anvan ak apre yon inondasyon. FÈ: Ou ka achte asirans inondasyon a nenpòt kilè.  Gen yon peryòd datant 30-jou apre ou fin aplike epi peye prim asirans lan pou kontra asirans lan efektif, avèk eksepsyon ki annaprè yo:   * Si acha inisyal asirans inondasyon an gen rapò avèk konklizyon, ogmantasyon, pwolongasyon oswa renouvèlman yon prè ipotekè, pa gen peryòd datant.  Kouvèti a vin pi efikas nan moman prè a, akondisyon ke aplikasyon ak peman prim lan fèt nan oswa anvan konklizyon prè a. * Si acha inisyal asirans inondasyon an fèt pandan peryòd yon lane apre adopsyon yon kat revize to asirans kont inondasyon pou yon kominote, peryòd datant lan se sèlman yon jou. Kontra asirans lan pa kouvri yon “pèt an pwogrè,” ki defini pa NFIP kòm yon pèt ki rive nan 12:01 a.m. nan premye jou tèm kontra asirans lan.  Anplis, kantite kouvèti asirans lan pa kapab ogmante pandan yon pèt an pwogrè. REYALITE:  Kontra asirans mèt kay yo kouvri inondasyon. FÈ:  Pa nan règ jeneral.  Malerezman, anpil mèt kay pa reyalize anvan li twò ta ke kontra asirans yo pa kouvri inondasyon. REYALITE: Asirans inondasyon disponib sèlman pou mèt kay yo. FÈ:  Asirans inondasyon disponib pou pwoteje kay, kondo, apatman ak bilding non-rezidansyèl yo, enkli estrikti komèsyal.  Yon maksimòm nan $250,000 kouvèti bilding lan disponib pou bilding rezidansyèl yonsèl fanmi; $250,000 pou chak inite pou rezidans plizyè fanmi.  Limit pou kontni kouvèti sou tout bilding rezidansyèl yo se 100,000, sa ki disponib tou pou lokatè yo.  Pwopriyete komèsyal yo kapab asire jiska $500,000 pou bilding lan ak $500,000 pou kontni yo. REYALITE: Ou pa kapab achte asirans inondasyon si pwopriyete w te inonde. FÈ: Kèlkeswa kantite fwa kay ou, apatman oswa biznis ou te inonde. Ou toujou elijib pou achte asirans inondasyon a kondisyon ke kominote w patisipe nan NFIP. REYALITE: Sèlman rezidan ki nan zòn elve pou inondasyon ap bezwen asire kay yo. FÈ: Menmsi ou abite nan yon zòn ki pa gen tandans pou inondasyon, li rekòmande pou genyen asirans inondasyon.  Apeprè 40% nan reklamasyon NFIP soti nan zòn inondasyon ki gen risk fèb.  Kontra asirans ki gen risk prefere fèt pou kay rezidansyèl yo ki lokalize nan zòn inondasyon ki gen risk fèb pou rive nan modere e li abòdab anpil. REYALITE: NFIP pa ofri okenn kalite kouvèti pou sousòl. FÈ: Wi, men kouvèti a limite. NFIP a defini yon sousòl kòm yon zòn bilding avèk yon etaj ki anba nivo sòl la, oswa anba nivo tè a, nan tout kote yo.  Kouvèti sousòl daprè yon kontra asirans NFIP gen ladan depans pou netwayaj ak atik ki te itilize pou antreteni bilding lan tankou asansè, founèz, aparèy fochaj dlo cho, machin a lave ak seche, èkondisyone, konjelatè, koneksyon sèvis piblik, bwat sikwi brekè, ponp, ak tank yo itilize nan sistèm enèji solè.  Kontra asirans lan pa kouvri kontni yon sousòl fini oswa amelyorasyon tankou miray ki fini, planche ak plafon yo. REYALITE:  Asistans katastwòf federal pral peye pou domaj inondasyon. FÈ:  Yo dwe deklare yon katastwòf federal anvan yon kominote elijib pou asistans katastwòf federal. Sa a rive nan mwens pase 50% nan ensidan inondasyon. Fòm prensipal asistans federal apre yo fin deklare yon katastwòf se yon prè.  Prim mwayèn anyèl pou yon kontra asirans NFIP mwens pase enterè anyèl nan pifò prè katastwòf a fèb enterè yo.  Si ou pa sèten epi ou abite nan yon zòn inondasyon ki gen risk elve epi ou resevwa asistans katastwòf federal apre yon inondasyon, ou dwe achte epi kenbe asirans inondasyon pou resevwa sèten kalite soulajman pou katastwòf pou pwochen evènman inondasyon. REYALITE: NFIP a ankouraje devlopman kotyè. FÈ: Fo. Youn nan objektif prensipal NFIP se pou trennen devlopman lwen zòn ki gen anpil inondasyon nan zòn ki gen risk elve pou inondasyon.  Lwa a pa entèdi mèt kay yo bati nan zòn kotyè yo, men yo transfere risk finansye bilding sa yo nan men kontribyab federal pou moun sila yo ki chwazi pou viv oswa envesti nan zòn sa yo. REYALITE:  Ou ka achte asirans inondasyon federal sèlman dirèkteman atravè NFIP. FÈ:  Yo vann ak sèvis pifò asirans inondasyon federal dirèkteman lè ou ekri pwòp (WYO) konpayi ou, oswa ajan asirans prive yo.  Konpayi sa yo ekri ak sèvi kontra asirans sou yon baz non-riske grasa yon aranjman spesyal avèk Asirans Federal ak Administrasyon pou rediksyon Dega. REYALITE:  NFIP la pa kouvri inondasyon ki soti nan siklòn oswa debòdman rivyè oswa dlo mare. FÈ:  NFIP a defini inondasyon ki kouvri kòm yon kondisyon tanporè ak jeneral pandan lè sifas tè a nòmalman sèk anpati oswa konplètman inonde. De pwopriyete adjasan oswa de oswa plis kawotè dwe afekte.  Inondasyon kapab koze pa nenpòt nan sa ki annaprè a: * Debòdman dlo andedan oswa mare. * Akimilasyon inabityèl ak rapid dlo sifas ki soti nan nenpòt sous, tankou gwo lapli. * Glisman labou inondasyon koze ki konparab a yon rivyè likid ak labou kap koule. * Efondreman oswa destabilizasyon teren sou riv lak oswa lòt mas dlo ki soti nan ewozyon oswa efè vag yo. * Kouran dlo ki depase nivo nòmal ak siklik.   REYALITE:  Lapli ki gen van konsidere kòm inondasyon. FÈ:  Lapli kap antre nan fenèt ki andomaje, pòt, twou nan miray yo oswa twati ki lakoz dlo kanpe oswa flak dlo konsidere kòm van tanpèt olye domaj inondasyon. Asirans inondasyon federal kouvri sèlman domaj kondisyon jeneral inondasyon an koze jan li defini anwo a. Bilding yo ki soutni domaj inondasyon jeneralman gen yon filigran ki montre kijan dlo a monte anvan li bese. Pandanke kontra asirans inondasyon spesifikman ekskli van ak lagrèl, pifò kontra asirans mèt kay yo enkli kouvèti sa a. Rele ajan asirans ou epi jwenn devi pou diferan nivo kouvèti asirans inondasyon, kidonk ou ka jwenn yon nivo asirans inondasyon ou ka peye. Pou jwenn yon founisè, rele 877-336-2627 oswa vizite floodsmart.gov/flood-insurance/providers [https://www.floodsmart.gov/flood-insurance/providers]. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559 [https://www.fema.gov/disaster/4559]. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570 [https://www.fema.gov/disaster/4570]. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].