PREPARASYON DEVLOPE REZISTANS POU MOUN KI GEN ANDIKAP [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210318/readiness-builds-resilience-people-disabilities] Release Date: Jiyè 27, 2020 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – Tout rezidan yo dwe prepare yo defason pou yo kapab endepandan touswit apre yon siklòn epitou se pou yo pran mezi pou pwoteje pwopriyete yo. Moun ki gen andikap yo ak zòt ki gen bezwen pou aksè ak bezwen fonksyonèl, ka gen konsiderasyon adisyonèl. Sa ka gen ladan: * Kreye yon rezo sipò epi kenbe kontak avèk moun ki ka ede w. Kenbe yon lis kontak nan yon resipyan dlo pa ka rantre ladan l nan kit dijans ou an. Jwenn plis enfòmasyon nan www.ready.gov/kit [http://www.ready.gov/kit]. * Fè rezo sipò w la konnen ki kote ou kenbe materyèl pou ijans ou yo. Li ta bon tou si w bay yon moun nan rezo sipò w la yon kle kay ou. * Planifye pou transpò ki aksesib pou evakye oswa pou w ale nan yon klinik medikal. Travay avèk sèvis lokal yo, transpò piblik oswa transpò adapte pou idantifye opsyon transpò aksesib lokal oswa prive. * Si ou gen dyaliz nan kad plan antretyen sante w la, se pou konnen ki kote ki gen plizyè lòt lokal pou sa. * Detèmine kijan pou itilize ekipman medikal sizoka ta gen pàn kouran. * Mete tag oswa braslè pou alèt medikal. * Si ou gen yon twoub kominikasyon, ekri yon nòt ki fè konnen ki pi bon fason pou kominike avèk ou si gen yon ijans. * Planifye sou kijan pou evakye avèk aparèy asistans oswa kijan pou ranplase ekipman an si w pèdi l oswa si li domaje. Ekri enfòmasyon sou modèl la epi make kiyès ki te bay li, tankou Medicaid oswa Medicare oswa asirans prive. Ajoute enfòmasyon sa a nan resipyan dlo pa ka rantre ladann nan ansanm ak lòt dokiman enpòtan. * Si w gen yon animal pou asistans, asire w ou mete manje, dlo, tag idantifikasyon ak pwovizyon pou li. Li enpòtan tou pou gen lajan kach nan kit ou a anka ou ta bezwen achte pwovizyon. KÈK KONSÈY POU MOUN KI SOUD OSWA KI GEN PWOBLÈM POU TANDE: * Yon radyo meteyo ki afiche mesaj tèks ak yon alèt ki gen limyè kap flache avèk batri adisyonèl. * Batri anplis pou aparèy oditif. * Yon lanp fwontal pou klere sou moun wap kominike ak yo a. * Plim ak papye sizoka ou dwe kominike ak yon moun ki pa konn kominike nan langaj siy. KÈK KONSÈY POU MOUN KI AVÈG OSWA KI PA WÈ BYEN: * Make materyèl pou ijans yo ak etikèk an Bray oswa an gwo karaktè. Kenbe yon lis materyèl pou ijans nan yon kle memwa pòtatif oswa fè yon fichye odyofonik ke ou kenbe yon kote an tout sekirite e ki aksesib. * Kenbe yon aparèy kominikasyon ki ekri ak Bray, oswa ki pou moun ki soud-avèg nan yon kit pwovizyon pou ijans. KÈK KONSÈY POU MON KI GEN ANDIKAP POU DEPLASE: * Si wap itilize yon chèz woulant elektrik kenbe yon chèz manyèl ki lejè kòm bakòp. Montre rezo sipò w la kijan chèz woulant lan mache. * Se pou konnen dimansyon ak pwa chèz woulant ou an epi si li pliyab pou lè wap transpòte l. * Kenbe yon aparèy deplasman anplis tankou yon baton oswa yon deyanbilatè (wòkè), si w sèvi ak youn Kounye a se lemoman pou prepare. Jwenn plis enfòmasyon nan ready.gov/disability [https://www.ready.gov/disability]. ### _ Misyon FEMA a se ede moun avan, pandan e apre yon dezas._ _Swiv nou sou medya sosyal nan __twitter.com/femaregion2_ [https://twitter.com/femaregion2]_ ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands_ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands].