APLIKASYON LWA PWODIKSYON DEFANS LAN [https://www.fema.gov/ht/news-release/20200725/guofangshengchanfanoshiyongnitsuite] Release Date: April 14, 2020 WASHINGTON - Rate resous medikal yo nan konba kont COVID-19 la se yon pwoblèm mondyal li ye. Peyi Etazini ap fè konkirans avèk plizyè lòt peyi pou menm resous yo. Pou maksimize disponiblite resous pwoteksyon esyansyèl ak resous pou sove lavi yo, FEMA ak Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (Health and Human Services, HHS) yo ap egzekite yon apwòch ak kat volè [https://www.fema.gov/news-release/2020/04/08/fema-covid-19-supply-chain-task-force-supply-chain-stabilization] pou ogmante rezèv yo jodiya rapidman e pou pwolonje pwodiksyon domestik materyèl medikal ak ekipman pou rive ogmante rezèv yo alontèm. Apwòch la gen ladann Prezèvasyon, Akselerasyon, Ekspansyon ak Alokasyon. Lwa pou Pwodiksyon Defans (Defense Production Act, DPA) a bay otorite ke y ap aplike pou sipò nan efò Akselerasyon ak Ekspansyon yo.  Kòmann DPA ki klase nan lòd priyoritè yo pa kreye yon sitiyasyon ki favorize “apèl dòf si-elve;” okontrè, li mete kondisyon gouvènman federal la “antèt defil” pou yo ranpli anvan lòt kòmann yo. Etan n ap trete kòmann yo atravè chèn rezèv la, n ap kenbe kowòdinasyon pwòch avèk gouvènè yo pou n idantifye konfli ki ka genyen nan apèl dòf yo. Nou konte sou gouvènè yo nan tout peyi a ak sou lidè tribi yo pou yo avize nou sou enfòmasyon espesifik parapò ak konfli ki genyen nan apèl dòf yo. Si ta vin gen konfli nan yon apèl dòf, nou travay pwòch ak eta a oswa tribi a pou nou rezoud li yon fason ki pi byen reponn ak bezwen yo. KIJAN OTORITE LWA PWODIKSYON DEFANS LA YO EDE KONBAT KONT COVID-19 Pou adrese rate materyèl medikal enpòtan yo nan konba kont COVID-19 la, Ekip Travay Espesyal Mezon Blanch lan pou COVID-19 ap itilize otorite ki vin disponib nan DPA a. DPA a bay Prezidan an otorite pou l travay avèk sektè prive a pou l priyorize kontra gouvènman federal la yo e pou l alwe materyèl pou ede defans nasyonal la ki gen ladann repons ijan avèk aktivite preparasyon yo. Nan Òdonans Egzekitif Prezidansyèl ak deklarasyon siplemantè resan yo, yo te dirije Sekretè Sante ak Sèvis Sosyal yo avèk Sekirite Nasyonal yo pou yo itilize otorite DPA yo pou yo egzije yon sèten nonm konpayi pou yo aksepte, pèfòme ak priyorize kontra federal yo pou respiratè atifisyèl ak ekipman pwoteksyon pèsonèl. Otorite sa a bay HHS ak FEMA kapasite pou yo priyorize kontra yo, pou yo alwe materyèl limite, pou yo ogmante pwodiksyon materyèl enpòtan yo e pou yo rantre nan kontra volontè avèk patnè endistri yo. Depatman sa yo kapab itilize otorite DPA yo pou yo egzije founisè sektè prive a pou yo priyorize egzekisyon ak livrezon kòmann federal pou atik enpòtan yo pandan yon ijans, menmsi yo oblije retade oswa anile kontra avèk lòt kliyan. Yo kapab pibliye òdonans alokasyon DPA tou pou asire pwodiksyon ak distribisyon resous esansyèl yo fèt an konfòmite avèk politik Gouvènman Ameriken an.  Genyen twa kalite òdonans alokasyon ki kapab sèvi pou entèvansyon COVID-19: * Yon Mizakote mande pou yon konpayi rezève resous yo anvan yo resevwa yon kòmann yo klase kòm priyoritè. * Yon Direktiv mande pou yon konpayi pran, oswa pa pran, sèten aksyon pou l mentni pwodiksyon yon atik. * Yon Alokasyon mande pou yon konpayi presize kantite materyèl, sèvis oswa etablisman maksimòm ki otorize pou yon izaj byen presi. DPA a otorize plizyè kalite motivasyon finansye tou ki kapab sèvi pou ede nan entèvansyon COVID-19 la: * Gouvènman an kapab ankouraje ogmantasyon nan pwodiksyon atravè angajman sou acha e pwodiktè yo kapab vann envantè yo bay nenpòt achtè. * Gouvènman an kapab pèmèt biznis prive yo pou yo itilize ekipman ki se pwopriyete gouvènman an. * Gouvènman an kapab bay prè sou garanti, ki egzije lejislasyon anplis nan Kongrè. Atravè otorite DPA yo, endistri prive ak lòt pati konsène yo kapab rantre nan kontra avèk gouvènman federal la e ak youn lòt ki, otreman ta ka tonbe anba lejislasyon antitwòs. Kontra sa yo pou kowòdone ak sipòte aksyon entèvansyon COVID-19 yo pèmèt konpayi yo pwolonje pwodiksyon PPE ak kowòdone tretman ak karantèn pandan pandemi COVID la. EGZANP POU ITILIZASYON OTORITE DPA YO NAN ENTÈVANSYON COVID-19 LA Lè yo klasifye kontra yo anba DPA a, HHS ap ede fabrikan tankou General Motors (GM) yo jwenn materyèl yo bezwen pou pwodui respiratè atifisyèl leplivit posib, etan y ap asire tou ke respiratè sa yo pase atravè Estòk Rezèv Estratejik Nasyonal la kote gen plis nesesite pou yo. * Nan dat 13 avril, HHS te anonse senk nouvo kontra [https://www.hhs.gov/about/news/2020/04/13/hhs-announces-new-ventilator-contracts-orders-now-totaling-over-130000-ventilators.html]pou pwodiksyon respiratè atifisyèl ki klase anba DPA bay General Electric, Hill-Rom, Medtronic, ResMed, ak Vyaire. * HHS te bay Philips yon kontra [https://www.hhs.gov/about/news/2020/04/08/hhs-announces-ventilator-contract-with-philips-under-defense-production-act.html] pou livrezon 2,500 respiratè atifisyèl nan Estòk Rezèv Estratrejik Nasyonal la anvan fen me 2020 ak yon total 43,000 respiratè atifisyèl ki dwe livre anvan fen desanm 2020. * HHS te bay GM yon kontra [https://www.hhs.gov/about/news/2020/04/08/hhs-announces-ventilator-contract-with-gm-under-defense-production-act.html] pou 30,000 respiratè atifisyèl ki dwe livre nan Estòk Rezèv Estratejik Nasyonal la anvan fen mwa dout, ak yon orè pwodiksyon ki pèmèt livrezon 6,132 respiratè atifisyèl anvan 1ye jen. * Sèt nouvo kontra pou respiratè atifisyèl ki klase anba DPA ke HHS te anonse mwa sa a pral founi yon total 137,431 respiratè atifisyèl anvan fen 2020. * FEMA te lanse yon kòmann pou pwodiksyon DPA bay 3M pou 10 milyon respiratè N95.  Premye kagezon kòmann sa a te rive yè, 12 avril, e l te gen ozanviwon 600,000 mask.  Nou gen lentansyon itilize nouvo sous N95 yo pou reponn a demann eta yo fè nan FEMA pou sipò e pou ranfòse rezèv chèn apwovizyònman yo. Nan dat Vandredi 3 avril, Prezidan Trump te pibliye“Memorandòm sou Alokasyon Sèten Resous Sante ak Medikal ki Ra oswa ki Arisk pou Izaj Domestik [https://www.whitehouse.gov/presidential-actions/memorandum-allocating-certain-scarce-threatened-health-medical-resources-domestic-use/]” kote l te dirije Depatman Sekirite Nasyonal (DHS), FEMA, an konsiltasyon avèk HHS, pou yo itilize DPA pou yo kenbe resous medikal ki ra yo andedan peyi Etazini pou izaj domestik. Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl (PPE) nan politik sa a gen ladan yo: Respiratè N95, ak yon varyete lòt respiratè filtrasyon; respiratè pou pirifikasyon lè a; mask chirijikal; ak gan chirijikal. FEMA ak Pwoteksyon Fwontyè Dwanyè yo (Customs Border Protection, CBP) [https://www.fema.gov/news-release/2020/04/08/fema-cbp-joint-statement-defense-production-act-ppe] ap travay ansanm pou anpeche koutye domestik yo, distribitè yo, ak lòt entèmedyè yo pou yo pa detounen resous medikal esyansyèl sa yo aletranje. Pou yo rive fè sa, CBP pral kenbe kagezon PPE ki presize nan Memorandòm Prezidan an etan FEMA ap detèmine si pou l retounen PPE yo pou yo itilize yo andedan peyi Etazini, achte PPE pou peyi Etazini, oswa pou yo pèmèt ekspòtasyon yo. KLARIFIKASYON KE “PROJECT AIRBRIDGE” PA ANBA DPA Nan yon liy efò endepandan pou ede resous medikal esansyèl yo rive nan chèn rezèv domestik la, FEMA mete ansanm ak konpayi nan sektè prive a epi l ap ede jwenn kagezon nan men fabrikan aletranje.  FEMA etabli yon pon ayeryen [https://www.fema.gov/news-release/2020/04/08/fema-covid-19-supply-chain-task-force-supply-chain-stabilization] pou diminye tan li pran distribitè rezèv medikal Etazini yo pou yo resevwa PPE yo ak lòt materyèl esansyèl nan peyi a pou kliyan pa yo. Pon ayeryen sa a pa egzekite anba otorite DPA yo. # # #