KAY KI PWOTEJE, SANITÈ AK FONKSYONÈL [https://www.fema.gov/ht/news-release/20200220/nha-toan-sach-se-va-thuc-dung] Release Date: February 27, 2019 * Sivivan ki gen kay yo ki te pran domaj nan Ouragan Michael epi ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans, ka kalifye pou resevwa èd nan FEMA pou repare kay yo pou nan yon kondisyon ki pwoteje sanitè ak fonksyonèl . * • Èd FEMA pa menm avèk asirans ni li pa kapab fè tout bagay pou sivivan an. Èd federal nan FEMA bay sèlman bezwen debaz yo pou fè yon kay vin fasil pou abite—tankou twalèt, yon twati, sèvis piblik ki enpòtan, fenèt ak pòt. Egzanp  atik ki pa kalifye ka gen ladan plaka ki pa enpòtan ak pòt garaj. *  Domaj nan kay la dwe fèt akòz katastwòf la. Yon enspeksyon nan kay la obligatwa pou  nou kapab kalkile ak verifye sa ki pèdi yo. Kalkil yo baze sou kantite lajan depresyasyon jeneral pou atik ki gen kalite, gwosè ak kapasite nòmal. • Kay ki pwoteje, sanitè ak fonksyonèl satisfè kondisyon ki endike anba la yo: o Deyò kay la solid nan fondasyon an, tankou pòt yo , twati a ak fenèt yo. o Sistèm elektrisite, gaz, chofaj, plonbri ak egou fonksyone kòrèkteman. o Zòn abitab andedan kay la solid nan fondasyon an, tankou plafon ak planche yo. o Kay la kapab fonksyone pou objektif yo bati li. o Gen aksè fasil pou antre ak soti nan kay la.   Kèk egzanp • Aparèy menaje: FEMA ka ede nan ranplasman oswa reparasyon founo ak aparèy chofaj dlo ki domaje nan katastwòf la. Nou p ap konsidere atik ki pa enpòtan tankou machin pou lave veso ak ekipman pou amizman nan kay la. • Domaj nan Plafon ak nan Twati: FEMA ka ede repare fuit ki fèt akòz katastwòf la nan yon twati ki domaje plafon yo epi ki menase eleman elektrik yo tankou limyè ki anlè yo. Pri pou repare tach minè yo nan flit twati yo pa ranbousab. Kay ki pwoteje, Sanitè ak Fonksyonèl • Etaj: FEMA kapab bay asistans pou repare fo planche yo ki nan pati nan kay la ki abite an katastwòf lan domaje an. • Fenèt: FEMA kapab bay asistans pou fenèt katastwòf lan kase yo, men se pa pou jalouzi ak rido yo. Detèminasyon si yon Kay Abitab • Kalkil FEMA ap fè pou verifye pèt yo pa menm paske sitiyasyon chak moun ki aplike se yon sitiyasyon diferan. Depans pou reparasyon ki depase kondisyon pou fè yon kay vin pwoteje, sanitè ak fonksyonèl pa kalifye. • FEMA itilize anpil metòd pou verifye si yon kay abitab, tankou enspeksyon anplas ak itilizasyon teknoloji—tankou imajri satelit ki melanje avèk evalyasyon moun ki aplike a. Kalite verifikasyon ki pi komen an se yon enspeksyon nan kay la menm. Enspeksyon nan Kay la • FEMA bay sèten gid enspektè yo dwe swiv pandan enspeksyon nan yon kay pou evalye si kay la abitab. Enspektè FEMA yo anrejistre domaj yo wè yo, ansanm avèk enfòmasyon moun ki aplike a bay, men yo pa detèmine si moun ki aplike a kalifye pou resevwa èd akòz katastwòf la. • Yon enspektè FEMA ap vini nan kay la pou evalye domaj li pran nan katastwòf la ak byen pèsonèl ou yo—tankou mèb, aparèy menaje, veyikil, ak ekipman enpòtan pou bezwen moun nan kay la chak jou. • Enspektè FEMA a ka fè foto domaj yo tou pou ede note pèt ou fè yo akòz katastwòf la ki fè kay moun ki aplike a pa abitab, danjere oswa difisil pou gen aksè ladan. Men enspektè FEMA yo p ap fè enspeksyon fizik nan zòn ki danjere pou yo antre. • Pou pwopriyetè kay yo, detèminasyon si yon kay abitab baze sou tout domaj nan katastwòf la enspektè a anrejistre pou kay la. • Pou lokatè yo, detèminasyon si yon kay abitab baze sou domaj kay la pran akòz katastwòf la epi kay la poko repare nan moman enspeksyon an Lokatè yo pa responsab pou reparasyon nan lojman ki domaje, poutèt sa, si reparasyon yo te fèt oswa ap fèt, enspektè a ap note kondisyon an nan moman enspeksyon. • Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri  gade paj FEMA ki rele Individuals & Households Program Unified Guidancpoue.  ###