SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF NAN BOUNTSTOWN AP FÈMEN NAN DAT 22 FEVRIYE [https://www.fema.gov/ht/news-release/20200220/sant-rekiperasyon-apre-katastwof-nan-bountstown-ap-femen-nan-dat-22-fevriye] Release Date: February 19, 2019 TALLAHASSEE, Fla. – Sant rekiperasyon apre katastwòf Leta/FEMA nan Konte Calhoun nan pral fèmen a 6 p.m. jou ki vandredi 22 fevriye a. Èd ap toujou disponib nan telefòn, sou entènèt oubyen lè w vizite yon sant ki toupre w.   FEMA pral kontinye travay avèk otorite leta ak otorite local yo nan Konte Calhoun sou rekiperasyon apre Siklòn Michael. Sant lan te louvri 26 oktòb nan Bibliyotèk Piblik Blountstown lan, 17731 NE Pear St., Blountstown, FL 32424. Plis pase 3,978 sivivan te vizite sant lan.   Sivivan Siklòn Michael yo kapab kontinye jwenn repons pou kesyon yo genyen epi verifye estati  aplikasyon FEMA yo lè yo vizite nenpòt nan sant ki rete yo. Ou ka jwenn adrès yo  sou entènèt nan FEMA.gov/DRC [https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers].   W ap jwenn pifò nan menm sèvis yo lè w ale sou entènèt nan  DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] oubyen lè w rele Liy asistans telefonik FEMA a nan 800-621-3362 oubyen 800-462-7585 (TTY) nenpòt lè depi 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou sou sèt. Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou.   FEMA kowòdone avèk Eta Florida pou l detèmine ki kote sant rekiperasyon apre katastwòf yo sitiye epi pandan konbyen tan yap bezwen yo. Desizyon pou fèmen sant lan baze sou kantite sivivan ki al ladann ki diminye.   ###   Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf. Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael yo, vizite www.floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/info]. Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399 [https://www.fema.gov/ht/disaster/4399]. Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   [https://twitter.com/FEMARegion4] ak   @FLSERT.   [http://www.twitter.com/flsert] Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA [https://www.facebook.com/FEMA] ak [http://www.facebook.com/floridasert] Facebook.com/FloridaSERT [https://www.facebook.com/FloridaSERT/].