SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF NAN KONTE GULF AP CHANJE LOKAL [https://www.fema.gov/ht/news-release/20200220/gulf-kaunti-jaehaeboggusenteo-saeloun-jangsolo-ijeon] Release Date: January 29, 2019 TALLAHASSEE, Fla. – Sant rekiperasyon apre katastwòf Leta/FEMA a nan Konte Gulf pral demenaje soti nan Wewahitchka pou l ale nan Port St. Joe nan dat jedi 31 janvye. Sant nan Wewahitchka a te louvri nan dat 30 oktòb nan Wewahitchka Branch Library, 314 N. 2nd St, Wewahitchka, FL 32465. L ap fèmen a 6 p.m. Mèkredi 30 janvye. Jiska dat 26 janvye, sant lan te founi 2,220 vizitè ak enfòmasyon sou asistans akoz katastwòf tankou tou yo te reponn kesyon sivivan yo te ka genyen. Nouvo sant lan ap sitiye nan Port St. Joe Fire Department, 404 Williams Ave., Port St. Joe, FL 32456. Orè a pral 9 a.m.-6 p.m. Lendi jiska Vandredi epi 9 a.m.-1 p.m. Samdi. Reprezantan nan eta Florida, FEMA, Administrasyon Ti Biznis Etazini ak lòt òganizasyon prezan nan sant yo pou yo eksplike pwogram asistans ki disponib yo epi pou ede konekte sivivan yo ak resous yo. Tout sant rekiperasyon yo gen pakin, ranp ak twalèt ki fasil pou antre ladan yo. Yo ofri teknoloji asistans, tankou telefòn anplifye ak aparèy pou tande pou moun ki pèdi odisyon yo, loup pou moun ki pèdi vizyon yo ak entèpretasyon a distans nan videyo. Entèprèt Langaj Siy Ameriken ka disponib fas-a-fas depi ou pran randevou a yon jou davans. Pou jwenn adrès yon sant rekiperasyon apre katastwòf ale sou sitwèb: fema.gov/DRC [https://fema.gov/DRC]. Moun k ap viv nan konte Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden, Gulf, Holmes, Jackson, Leon, Liberty, Taylor, Wakulla, ak Washington yo ka enskri pou asistans akòz katastwòf la pou fè konnen sa yo pèdi kòm yon rezilta dirèk Siklòn Michael. Pou enskri: Ale sou sitwèbDisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] Rele nimewo 800-621-3362 (vokal/711/VRS) oswa 800-462-7585 (TTY) nenpòt lè ant 7 a.m. ak 11 p.m. Lè lokal, sèt jou pa semèn Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou.  ###     Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf. Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael yo, vizite www.floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/info]. Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399. [https://www.fema.gov/ht/disaster/4399] Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   [https://twitter.com/FEMARegion4] ak   @FLSERT.   [http://www.twitter.com/flsert] Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA [https://www.facebook.com/FEMA]ak Facebook.com/FloridaSERT [https://www.facebook.com/FEMA].