NÈF KONTE ADISYONÈL DEZIYEN POU ASISTANS ENDIVIDYÈL [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230425/nine-additional-florida-counties-designated-individual-assistance] Release Date: September 14, 2017 ATLANTA – Pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis nan konte ALACHUA, BAKER, BRADFORD, COLUMBIA, GILCHRIST, LEVY, NASSAU, SUWANNEE epi UNION ka kounye a aplike pou asistans dezas federal pou dega ak pèt ki pa asire oswa pa ase asire akòz siklòn  Irma. Konte Brevard, Broward, Charlòtte, Citrus, Collier, Clay, DeSoto, Duval, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Lake, Lee, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, St. Johns, St. Lucie, Seminole, Sumter epi Volusia tap deziyen pou Asistans Endividyèl oparavan, sa fè 46 konte antou. Pou kapab admisib asistans federal sou Pwogram Asistans Endividyèl FEMA, dega ak pèt yo dwè koze pa siklòn nan epi inondasyon dwè fèt pa Siklòn Irma, ki kòmanse depi 4 septanm la. Enskri avèk FEMA pi vit posib. SI OU TE PREYENSKRI AVÈK FEMA, OU PA BEZWEN APLIKE YON LÒT FWA. Si ou gen aksè telefon epi/oubyen entènèt, ou ka enskri : * Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/], oubyen * Sou apli FEMA Mobile App [https://www.fema.gov/mobile-app], oswa * Rele 800-621-3362 (FEMA). Aplikan yo ki itilize 711 Sèvis Relè Videyo ka tou rele 800-621-3362. Moun ki soud, pa tande byen oswa gen pwoblèm pale epi ki itilize yon TTY kapab rele 800-462-7585. * Nimewo gratis yo louvri 7 A.M. JISKA 11 P.M. ET, SÈT JOU PA SEMÈN. * Gen operatè ki pale plizyè lang. Peze 2 pou panyol epi peze 3 pou tout lòt lang. Si w pa ka itilize ton telefòn oubyen entènèt, pa dekouraje. Byento pral gen espesyalis ki konn ede sivivan dezas ki pral vin ede moun anrejistre pou yo jwenn èd nan kominote yo. Pami èd sivivan ki kalifye yo ka resevwa, gen sibvansyon pou lojman tanporè ak sibvansyon pou ranje kay, ak sibvansyon pou lòt dezas grav, kòm paregzanp depans medikal oswa depans dantè oubyen depans pou fineray ak depans antèman. Prè pou dezas ki lontèm ak gen yon to enterè ki fèb sòti nan Ajans Ameriken Pou Administrasyon Ti Komès (U.S. Small Business Administration, SBA) tou disponib pou kouvri pèt ki pa konplètman konpanse pa asirans epi yo pa diplike benefis ki vini lòt ajans oswa oganizasyon. Kontakte konpayi asirans ou pou fè yon reklamasyon. FEMA pa diplike peman asirans. Sepandan, Ou kapab petèt resevwa asistans menm aprè reklamasyon asirans ou te regle. 10 SEPTANM LA, Eta Florid te resevwa yon deklarasyon dezas majè federal pou Asistans Endividyèl pou konte Charlòtte, Collier, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Pinellas, epi Sarasota. Tout 67 konte nan eta Florid tap deziyen pou Pwogram Asistans Piblik (Kategori yo A-G), ki konprann asistans federal dirèk. 11 SEPTANM LA, Konte Broward, Clay, Duval, Flagler, Palm Beach, Putnam epi St. Johns tap ajoute pou Asistans Endividyèl. 13 SEPTANM LA, konte Brevard, Citrus, DeSoto, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Indian River, Lake, Marion, Martin, Okeechobee, Orange, Osceola, Pasco, Polk, St. Lucie, Seminole, Sumter epi Volusia tap ajoute pou Asistans Endividyèl. 14 SEPTANM LA, Konte Alachua, Baker, Bradford, Columbia, Gilchrist, Levy, Nassau, Suwannee epi Union tap ajoute pou Asistans Endividyèl.   ###   _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye sekouris nou yo pou asire ke noumenm antanke yon nasyon, nou travay ansanm pou n devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont tout danje, reyaji lè gen danje, fasilite retablisman epitou diminye tout danje ki egziste._ _Nenpòt moun ka resevwa èd pou rekipere apre yon dezas san yo pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, feblès nan lang angle oubyen kondisyon ekonomik moun nan. Si oumen oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele FEMA nan nimewo gratis la nan 800-621-FEMA (3362). Moun ki itilize sistèm TTY, rele 800-462-7585._ _Si gen moun ki aplike pou resevwa èd FEMA pou lojman tanporè ak sibvansyon pou depans transpò, depans medikal ak depans dantè, depans fineray ak depans antèman, moun sa yo pa oblije aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa aplikasyon pou fè prè SBA fèt pou soumèt aplikasyon yo bay SBA si yo vle kalifye pou resevwa èd ki kouvri byen pèsonèl, èd pou ranje oubyen ranplase machin, ak depans pou mete bagay nan depo._