Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) Apwouve $1.3 Milyon Adisyonèl pou Travay Ijans Aprè Siklòn nan Florida

Release Date Release Number
DR-4834-FL NR-060
Release Date:
Fevriye 3, 2025

TALLAHASSEE, Fla. - FEMA te apwouve yon $1.3 milyon adisyonèl pou ranbouse kominote Florida yo pou travay ijans aprè Siklòn Milton, Helene, ak Debby. 

Sa gen ladan li: 

  • $935,244 pou Konte Marion pou retire debri (Milton).
  • $118,386 pou Biwo Fòs Polis Konte Hernando pou Mezi Pwoteksyon Ijans (Milton).
  • $45,745 pou Biwo Fòs Polis Konte Hernando pou Mezi Pwoteksyon Ijans (Helene).
  • $4,374 pou Talquin Electric Cooperative, Inc. pou Mezi Pwoteksyon Ijans (Debby).
  • $3,208 pou Konsèy Eskolè Distri Dixie (Dixie District School Board) pou retire debri (Debby).
  • $7,698 pou Vil Newberry pou retire debri (Debby).
  • $25,551 pou Vil Newberry pou Mezi Pwoteksyon Ijans (Debby).
  • $7,377 pou Unity Church of Sarasota, Inc. pou Mezi Pwoteksyon Ijans (Debby).
  • $170,095 pou Konte St. Johns pou Mezi Pwoteksyon Ijans (Debby).

Jiska prezan, Asistans Piblik FEMA te bay $1.04 bilyon pou Siklòn Milton, $416.1 milyon pou Siklòn Helene ak $112.6 milyon pou Siklòn Debby. Lajan an ranbouse eta a, gouvènman lokal yo ak kèk òganizasyon san pwofi pou mezi pwoteksyon ijans ak pou retire debri. 

Pwogram Asistans Piblik FEMA a bay ajans gouvènman lokal ak eta a yo ranbousman pou depans ki gen rapò ak entèvansyon ijans, retire debri ak restorasyon etablisman ak enfrastrikti piblik ki te andomaje nan katastwòf. Kay kote yo adore ak lòt òganizasyon san pwofi ka elijib tou pou Asistans Piblik FEMA.

Pou w ka jwenn dènyè enfòmasyon sou rekiperasyon aprè Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X nan x.com/femaregion4 oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou