TALLAHASSEE, Fla.– Akoz gwo domaj ak inondasyon istorik nan Florida akoz siklòn Helene ak Milton nan, FEMA pwolonje dat renouvèlman kontra yo pou kèk moun ki gen asirans Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) an pou ka evite ratman nan kouvèti asirans kont inodadyon yo a.
Moun ki gen asirans yo gen jiska 10 Desanm 2024 la pou yo renouvle kontra yo a. Se yon pwolongasyon ki vrèman depase delè nòmal 30 jou yo bay pou renouvèlman an.
Si peryòd kontra a fini nan dat: | Peryòd nòmal la ta dwe fini nan dat: | Men kounye a li pwolonje pou jiska: |
---|---|---|
28 Out 2024 | 26 Septanm, 2024 | 10 Desanm 2024 |
26 Septanm, 2024 | 25 Oktòb 2024 | 10 Desanm 2024 |
15 Oktòb 2024 | 13 Novanm, 2024 | 10 Desanm 2024 |
1 Novanm 2024 | 30 Novanm, 2024 | 10 Desanm 2024 |
15 Novanm, 2024 | 14 Desanm 2024 | 14 Desanm 2024 |
Si yo pa ko fè l, moun ki gen asirans yo dwe asire yo, yo pale ak ajan oswa konpayi asirans yo a pou mande pèman alavans sou reklamasyon yo a ki pou ede yo akselere reyabilitasyon yo. Li posib pou w resevwa pèman alavans ki rive jiska 20,000 dola avan yon ekspè vizite w.
Peryòd nòmal pou moun ki gen asirans nan Florida Siklòn epi Helene ak Milton nan afekte yo ap pwolonje selon kalandriye ki anba a.
Moun ki gen asirans epi dat renouvèlman asirans NFIP a ki twouve l nan entèval sa a dwe kontakte ajan oswa asirans yo a.
Pa egzanp, si dat ekspirasyon asirans orijinal la te 28 Out 2024, asirans lan dwe renouvle nan dat oswa anvan dat 10 Desanm 2024 la. Moun ki gen asirans ki toujou valid yo ka depoze yon reklamasyon pou dega ki gen rapò ak siklòn Helène oswa Milton nan depi yo te gentan peye prim yo.
Lòt Aksyon pou Ede Moun ki gen Asirans yo
NFIP te deklare delè pou soumèt prèv pèt pou domaj siklòn Halene ak Milton nan pèmèt li soti nan 60 jou pou l rive nan 120 jou apati dat domaj yo.
NFIP te otorize pwogram Write Your Own li a tou. Konpayi asirans patnè yo ak NFIP Direct peye reklamasyon yo sou baz rapò ekspè a san yo pa mande moun ki gen asirans yo pou yo pou yo siyen yon prèv pèt. Lè yon moun ki gen asirans ap chache pèman siplemantè pou nenpòt rezon oswa dezakò ak rapò ekspè a, li ka siyen epi soumèt yon prèv pèt ki siyen bay konpayi asirans lan ak yon seri pyès nesesè pou sèvi kòm jistifikasyon. Nan pyès pou sèvi kòm jistifikasyon yo ka gen evalyasyon travay yon antreprenè reyalize, fakti, resi, foto, ansanm ak lòt dokiman ki gen rapò ak sa.
Nenpòt moun Helene ak Milton te afekte ki gen yon kontra asirans kont inodasyon NFIP epi ki te sibi domaj nan inondasyon dwe siyen reklamasyon yo a kounye a. Moun ki gen asirans yo evakye yo ka toujou kòmanse fè reklamasyon yo epi bay detay siplemantè nan pita lè otorite lokal yo deklare, moun ka tounen lakay yo san danje.
Moun ki gen asirans yo ki ta renmen benefisye peryòd siplemantè dwe kontakte ajan oswa konpayi asirans yo a. Moun ki pa gen fason pou kontakte ajan oswa konpayi asirans yo a dwe rele nan 877-336-2627 pou yo ka jwenn asistans.
FEMA ankouraje moun ki gen asirans NFIP epi Helene oswa Milton te afekte yo pou yo aplike pou asistans federal pou katastwòf. Twa fason pou aplike yo se vizite disasterassistance.gov, rele nan 800-621-3362 oswa itilize aplikasyon FEMA App la. Sinistre yo ka resevwa èd finansye pou achte pwodui esansyèl tankou manje, dlo, lèt atifisyèl pou tibebe ak lòt pwovizyon ijans. Èd finansye yo ka disponib pou repare domaj siklòn yo lakoz sou kay ak byen pèsonèl epi pou bay èd pou jwenn yon lojman tanporè.
Pou w aprann plis sou fason pou w depoze yon reklamasyon asirans inondasyon visit floodsmart.gov.
###
Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo.
FEMA pran angajman pou l asire l asistans pou katastwòf yo fèt san fòs kote, san diskriminasyon
sou baz ras, koulè po, nasyonalite, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, konpetans nan lang anglè
oswa estati ekonomik. Nenpòt sivivan katastwòf oswa manm piblik la ka kontakte FEMA
Biwo Dwa Sivil (Office of Civil Rights) si yo santi yo gen yon plent pou diskriminasyon. Biwo Sivil FEMA a
Ou ka kontakte dwa yo nan FEMA-OCR@fema.dhs.gov oswa gratis nan 833-285-7448.