WASHINGTON– FEMA te anonse asistans federal disponib pou katastwòf pou teritwa Virgin Islands Etazini an, nan objektif pou konplete efò reyabilitasyon yo nan zòn ki afekte nan Tanpèt Twopikal Ernesto lan nan dat 13 pou rive 16 Out 2024.
Gen yon finansman federal ki disponib pou teritwa ak gouvènman lokal ki elijib yo ak kèk òganizasyon prive benevòl nan lide pou pataje depans pou travay ijans ak reparasyon oswa ranplasman enstalasyon Tanpèt Twopikal Ernesto andomaje sou zile St. Croix, St. John, St. Thomas, ak Water Island.
Gen finansman federal tou ki disponib nan lide pou pataje depans pou mezi k ap redui danje sou tout teritwa a.
Yo nonmen Lai Sun Yee Ofisye Kowòdinasyon Federal pou operasyon reyabiitasyon federal nan zòn ki afekte yo. Yo ka fè deziyasyon nan dat k ap vini yo si teritwa a mande sa epi si rezilta lòt evalyasyon domaj yo jistifye.