Sant Rekiperasyon Aprè Katastwòf nan Attleboro pwograme pou fèmen nan dat 3 Jiyè

Release Date Release Number
009
Release Date:
Jen 27, 2024

FRAMINGHAM, MA –Sant Rekiperasyon Aprè Katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) nan Attleboro ki chita nan Bristol Community College pwograme pou fèmen nan dat Mèkredi 3 Jiyè a 3 p.m. 

DRC te louvri pou ede rezidan ki te afekte nan gwo tanpèt ak inondasyon ki te fèt nan dat ki te 11-13 Septanm 2023 nan konte Bristol ak Worcester. 

Rezidan ki te afekte yo ka vizite DRC nan Bristol Community College (11 Field Road) jiska dat 3 jiyè. Lè Fonksyònman yo se 9 a.m. pou rive 6 p.m. nan jou lasemèn epi 10 a.m. pou rive 3 p.m. jou samdi. 

Sant yo aksesib pou moun ki gen andikap yo oswa moun ki pa ka pale Anglè byen yo oswa moun ki ka bezwen sèvis entèpretasyon pou Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL). Enstalasyon yo ekipe avèk ekipman teknoloji ki pou bay asistans, pami yo, Entèpretasyon Videyo a Distans, materyèl ki an gwo karaktè oswa an bray epi sistèm pou koute ki anplifye. 

Si w bezwen yon amenajman rezonab, yon entèprèt lang siy, oswa asistans nan zafè tradiksyon oswa pou yon entèprèt, tanpri fè yon espesyalis Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ki nan sant lan konnen. Si yon sivivan yon Katastwòf pa ka vini nan DRC a, FEMA ap òganize yon vizit adomisil.

Rezidan yo pa bezwen vizite yon DRC pou aplike pou asistans FEMA. Lòt fason pou anrejistre yo enkli: 

  • Anliy sou DisasterAssistance.gov
  • Telechaje aplikasyon FEMA a
  • Rele nan 800-621-3362 Asistans yo disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), yon sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis relè, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a lè w rele. Liy telefonik yo louvri soti 7 a.m. pou rive 11 p.m. sèt jou sou sèt.

Dat limit pou aplike se 15 Jiyè.

Pou jwenn dènyè enfòmasyon yo vizite 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 ak nan facebook.com/fema.

Pou mizajou sou operasyon repons ak rekiperasyon nan Massachusetts, swiv Ajans Jesyon Ijans Massachusetts (Massachusetts Emergency Management Agency) sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebookoswa vizite Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov.

Tags:
Dènye Mizajou