FEMA ap bay travay nan Florida

Release Date Release Number
042
Release Date:
Oktòb 27, 2023

LAKE MARY, Fla. – Vin travay pou FEMA epi ede kominote ou a rekipire nan katastwòf ki sot pase a.

FEMA ap gen 29 pòs ki disponib pou bay travay anndan Gainesville ak Lake Mary. Ajans lan ap cheche moun ki gen eksperyans nan lojistik, responsab pwopriyete, kòmand ak entegrasyon dome, pami lòt kategori travay. Anplwaye yo pral sèvi pou demach pou rekiperasyon katastwòf pou Siklòn Ian, Siklòn Nicole, Siklòn Idalia ak inondasyon nan Konte Broward. Gen anpil anplwaye FEMA ki kòmanse karye yo nan jesyon ijans pandan y ap ede pwòp kominote yo rekipere nan yon katastwòf.

Se travay tout jounen (8èdtan), jiska 120 jou randevou, ki kapab plis tan si gen plis bezwen.

Anplwaye FEMA ki ap travay lokal yo kalifye pou avantaj sa yo:

  • Kouvèti asirans sante endividyèl oswa pou fanmi. Kontribisyon anplwaye se 75% prim. Moun yo anplwaye lokal yo kalifye pou anrejistre pou kouvèti asirans sante apati dat yo kòmanse travay oswa anplwaye nan FEMA
  • Kont depans fleksib
  • Biwo Jesyon Swen Alontèm
  • Posibilite pou ganyen 4èdtan konje maladi pou chak tan y ap fè pèman.
  • Pèman Jou Ferye
  • Konpansasyon Travayè

Kandida yo dwe se sitwayen Ameriken, gen 18 lane oswa plis; epi yo dwe gen yon diplòm etid segondè oswa GED. Y ap fè yon ankèt sou pase endividi yo ki ap gen ladan l anprent ak verifikasyon kredi yo, yo dwe gen pwòp mwayen transpò yo pou ale ak soti travay epi dwe ap viv nan anviwon 80 kilomèt travay la. Ajans lan pa p kouvri oswa ranbouse lojman ak manje. Anplwaye yo gen obligasyon pou patisipe nan depo dirèk ki obligatwa/transfè lajan elektwonik pou peye salè.

Kòman pou ou aplike:  N ap ankouraje kandida ki enterese pou yo aplike souUSAJobs.gov. Toutotan katastwòf la gen bezwen larelèv, ap gen nouvo pòs ki ap louvri sou USAJobs. Y ap enfòme kandida yo lè gen pozisyon pou travay ki louvri nan FEMA. Ou kapab anrejistre yon rechèch pou sa kapab ede w chèche travay nan domèn ou enterese a sou USAJobs. Pou eksplikasyon tanpri ale sou: Sant Èd USAJOBS | Kijan pou anrejistre yon rechèch

Tags:
Dènye Mizajou